false

Sante ak Byennèt Kominotè Brigham and Women's Faulkner Hospital

Brigham and Women's Faulkner Hospital (BWFH) ap fè efò pou atenn ekselans nan sèvis swen pasyan yo, yo bay nan yon anviwònman aprantisaj avèk diyite, konpasyon ak respè. Nou angaje nou pou nou amelyore sante ak byennèt rezidan ki soti nan zòn nou sèvi yo atravè Pwogram Sante ak Byennèt Kominotè nou an ki te deja genyen prim. Pwogram nan sèvi plis pase 60,000 gason, fanm, timoun ak granmoun aje chak ane atravè yon pakèt fòmasyon prevantif sou sante, tès depistaj sante gratis, patenarya lekòl ak aktivite kominotè.

Depi lontan nou konnen responsablite nou, ki pa limite sèlman nan trete maladi, men ki enplike tou ede anpeche maladi ak faktè ki kontribye nan yo. faktè ki pwovoke maladi. Atravè anpil patenarya sante ak inisyativ ki devlope pandan ane yo, BWFH travay ak vwazen pou idantifye ak adrese bezwen ak enkyetid enpòtan kominotè.

Evalyasyon Bezwen Sante Kominotè

Yon Evalyasyon Bezwen Sante Kominote (Community Health Needs Assessment, CHNA) se yon analiz konplè sou eta sante, bezwen, ak resous ki nan yon popilasyon espesifik. Obligatwa chak twa ane dapre Lwa sou Swen Abòdab (ACA) ak direktiv Pwokirè Jeneral Massachusetts la, evalyasyon CHNA a ede òganizasyon swen sante ak patnè lokal yo idantifye pwoblèm sosyal, ekonomik ak sante ki pi ijan nan kominote a epi devlope estrateji vize pou adrese bezwen sante kominote a.

Nan lane 2025, pou premye fwa, Mass General Brigham te pwodui yon sèl rapò CHNA inifye pou dokimante travay kolektif de gwoup kolaborasyon CHNA yo te reyalize, konsa li te rasanble pèspektiv katye Boston yo ak kominote Chelsea, Revere ak Winthrop yo nan nò Konte Suffolk. Sou lidèchip Mass General Brigham, twa lopital nan Boston — Massachusetts General Hospital, Brigham and Women's Hospital ak Brigham and Women's Faulkner Hospital — te kolabore sou yon rapò konplè ki konsantre sou rejyon an.

Ansyen Rapò

primary
internal
Dekouvri fon nou yo ki dedye a enpak sou sante kominotè.
/content/unified-xwalk/ht/about/brigham-and-womens-faulkner-hospital/community-health-impact-funds