false

Fon pou Enpak Sante Kominotè

Brigham ak Women's envesti nan lojman ki estab

Brigham ak Women's Hospital, Atravè pwogram Sante Kominotè ak Ekite nan Sante li a, Brigham and Women's Hospital te akòde $1.797 milyon dola ameriken bay òganizasyon kominotè k ap travay pou amelyore estabilite lojman nan katye Mattapan, Mission Hill ak Roxbury, ki se katye priyoritè lopital la. Finansman an ap gen yon konsantrasyon espesifik sou anpeche yo mete moun deyò ak pwodiksyon lojman.

Fon sa yo te disponib grasa yon alokasyon pou amelyorasyon sante kominotè ki te asosye ak apwobasyon yon demann Determination of Need (DON) pou renovasyon depatman ijans lan an 2017, yon patenarya pou ekipman radyasyon ak onkoloji, ansanm ak acha ekipman radyoloji.

  • Lojman nan katye Mission Hill

    • Fon sa yo ap disponib pou yon pwojè lojman k ap dewoule nan Mission Hill
    • $647,187
  • Total lojman nan Metro Boston

    • Sipò pou èd nan kesyon lojman ak pou anpeche yo mete yon lokatè deyò
    • $575,000
  • IFSI

    • Sipò pou èd nan kesyon lojman ak pou anpeche yo mete yon lokatè deyò
    • $575,000

Detèminasyon bezwen Foxborough (DoN)

An Desanm 2019, Brigham ak Women's Hospital te resevwa apwobasyon nan men DPH pou yon aplikasyon DoN pou elaji sèvis imajri MRI ak esksnè CT nan Sant Sante Brigham ak Women's/Mass General, ki rele kounye a Sant Sante Mass General Brigham (Foxborough). Nan fen ane 2019 rive nan kòmansman ane 2020, yo te mete sou pye yon Soukomite Ad Hoc ki te gen ladan l lidè lokal nan Foxborough pou idantifye bezwen sante ki pi priyoritè yo ki ta dwe pran an konsiderasyon ak envestisman sa a. Nan lide pwosesis sa a, twa reyinyon kominotè te fèt nan mwa fevriye 2020 pou rasanble opinyon kominotè. Atravè efò sa yo, de zòn kle pou envestisman yo te idantifye epi apre sa apwouve pa DPH: 1) Elaji aksè transpò; ak 2) Sistèm lyen sante mantal.

Finansman yo te disponib epi yo te distribiye yo bay òganizasyon sa yo atravè pwosesis DoN Foxborough la:

  • Montan total finansman: $368,434.96
  • Dire finansman: 3 Ane (1 Septanm 2021 – 31 Out 2024)

Benefisyè Espesifik ak Kantite Lajan Finansman:

  • Elaji aksè transpò

    • $221,060.98

    • Benefisyè

      • Vil Foxborough Konsèy sou Laj ak Sèvis Imèn
        • $205,973
      • Sipò Kansè Boston
        • $15,087.98
  • Sistèm lyen sante mantal

    • $147,373.98

    • Benefisyè

      • Vil Foxborough Konsèy sou Laj ak Sèvis Imèn
        • $78,600
      • Lekòl Piblik Foxborough
        • $68,773.98