false

Swen Kominotè Mass General Brigham-Walgreens

Mass General Brigham ak Walgreens ap kolabore pou pote swen sante pou kè ki gen bon kalite epi ki pratik nan kèk magazen Walgreens ki tou pre ou. Lè nou pote swen nan katye ou, nou fè li fasil pou ou tcheke tansyon ou, jwenn medikaman ou ak jwenn sipò ou bezwen pou w rete an sante.

Mass General Brigham ak Walgreens ap kolabore pou pote swen sante pou kè nan kèk lokal Walgreens nan Lynn, ak Roxbury Crossing (katye Mission Hill) pou:

  • Amelyore rezilta sante yo ak redui eka yo pou pou kondisyon kwonik yo vize yo ki gen ladan tansyon wo
  • Amelyore aksè a swen gras ak orè epi espas ki pratik
  • Edike pasyan yo sou kondisyon yo, ki gen ladan tansyon wo

Sa pou w atann nan vizit ou

  • Aksè fasil a yon doktè ak famasyen
  • Swen kowòdone ki fasilite pa yon travayè sante kominotè
  • Koneksyon ak doktè tretan ou an
  • Sipò pou ede ou rete an sante
  • Aksè pratik ak sèvis famasi Walgreens

Ki sèvis ki disponib?

Sèvis Mass General Brigham ki ofri:

  • Evalyasyon tansyon
  • Mezi Endis Mas Kò (BMI)
  • Jesyon medikaman tansyon
  • Fòmasyon sou fason pou itilize brasa tansyomèt yo
  • Jesyon dyabèt
  • Depistaj risk sosyal pou asistans ak faktè ki afekte sante (egzanp manje, lojman)

Sèvis Walgreens ofri:

  • Aksè a sèvis famasi pandan tout lè famasi yo ouvri
  • Renouvle oswa ranplase medikaman
  • Konsiltasyon sou medikaman yo
  • Zouti pou ede ou swiv preskripsyon medikaman yo
  • Vaksinasyon

Swen sante kè a bay pa klinisyen Mass General ki endepandan epi ki pa afilye ak, ni anplwaye oswa ajan Walgreens.

Pasyan toujou gen chwa pou famasi.

Kesyon yo poze souvan

Poukisa mwen ta dwe vini?
Li enpòtan pou w swiv pwoblèm kè yo tankou tansyon wo pou sante anjeneral ak pou ede anpeche devlopman plis kondisyon grav oswa konplikasyon.
Ki moun ki ka vizite sant Swen Kominotè yo?
Tout moun! Nou bay swen san randevou ki chita sou tansyon wo epi nou pote swen nan kominote a.
Eske doktè mwen nan Mass General Brigham ka refere mwen nan yon sant Swen Kominotè Walgreens?
Wi! Doktè ou ka refere ou.
Eske mwen bezwen yon randevou pou yo ka wè mwen?
Non! Randevou pa nesesè. Pou konfime orè aktyèl ki san randevou yo, tanpri kontakte <psgupta@mgh.harvard.edu.>
Ki kote ou ye?

Gen de magazen Walgreens espesifik ki ofri pwogram sa a:

  • Walgreens #2823, 841 Western Ave., Lynn
  • Walgreens #7189, 1620 Tremont St., Roxbury Crossing (katye Mission Hill)
Eske ap gen yon pri pou pasyan yo?
Yo p ap refize bay moun swen sou baz kapasite pou yo peye. Si sa nesesè, ekip nou an ap enskri pasyan ki elijib nan MassHealth yo.

lokal ak orè

Swen sante pou kè ki bay pa klinisyen Mass General nan lokal Walgreens ki ap patisipe yo.

Walgreens #2823

841 Western Ave.
Lynn, MA 01905

Walgreens #7189

1620 Tremont St.
Roxbury Crossing, MA 02120

Bon kalite swen sante pou kè ki bay pa yon ekip doktè, enfimyè, oswa pwofesyonèl sante avanse.

Priya Sarin Gupta, MD, MPH

Direktè Medikal, Pwogram Klinik Kominotè Mass General Brigham
Priya Sarin Gupta, MD, MPH
primary
phone
617-724-8135
6177248135