Pri Kraft pou Ekselans ak Inovasyon nan Sante Kominotè
Pri Kraft pou Ekselans ak Inovasyon nan Sante Kominotè rekonèt ak selebre òganizasyon, pwogram, oswa inovasyon ki ap fè yon enpak mezurab sou rezilta sante e ki gen potansyèl pou sèvi kòm modèl ki ka elaji pou amelyore sante kominotè.
Gayan an ap demontre yon enpak klè ak mezurab sou sante kominotè nan omwen youn nan rezilta priyoritè sa yo:
- Kansè
- Maladi kadyometabolik
- Sante matènèl
- Twoub konsomasyon sibstans
Inovasyon yo ka gen ladan yo efò pou amelyore aksè a swen ak kalite swen, oswa pou abòde faktè sosyal tankou mank manje, posiblite pou amelyore sitiyasyon ekonomik ak lojman ki estab, ki afekte rezilta sante sa yo.
Sou Pri Kraft
Pri: Yon pwogram oswa yon inovasyon eksepsyonèl ap resevwa $100,000 ak opòtinite pou prezante nan Fowòm Inovasyon Medikal Mondyal Mass General Brigham, ansanm ak sipò ak konsèy pèsonalize atravè ekosistèm Inovasyon Mass General Brigham lan.
Aplikasyon: Peryòd aplikasyon pou Pri Kraft 2026 la kounye a fèmen.
Nou ankouraje aplikasyon ki soti nan:
- Pwofesyonèl sante
- Òganizasyon san bi likratif
- Lidè nan sektè prive a, inovatè ak envantè
- Kandida yo dwe baze Ozetazini.
Kandida yo dwe aplike atravè platfòm aplikasyon an epi soumèt de lèt rekòmandasyon ki soti nan patnè kominotè oswa òganizasyon. Anplis, omwen yon manm ekip ki genyen an dwe patisipe epi fè yon prezantasyon nan Fowòm Inovasyon Medikal Mondyal 2026 nan dat 22 ak 23 septanm 2026, nan Boston, MA.
Tout aplikan yo ap evalye ak chwazi nan yon fason objektif ak san diskriminasyon. Pa gen okenn limitasyon ki baze sou ras, sèks, kwayans, relijyon, orijin nasyonal, oswa oryantasyon seksyèl.
Pou konnen plis sou kondisyon pou patisipe, kondisyon pou aplike ak opòtinite pou ekip ki genyen an, klike isit la.
* Lajan pri a ak valè lòt avantaj moun ki resevwa pri yo jwenn yo ka konsidere kòm revni yo dwe peye taks sou li. Yo ankouraje moun ki resevwa pri yo kontakte yon pwofesyonèl taks oswa Sèvis Revni Entèn Etazini (IRS) si yo gen kesyon; Massachusetts General Brigham ak Sant Kraft pou Sante Kominotè pa ka bay konsèy sou taks ni konsèy jiridik.
Rankontre ganyan Pri Kraft 2026 yo
Gagnan Pri Kraft: Oben Health
Oben Health se yon platfòm ki sèvi ak entèlijans atifisyèl pou diminye diferans nan sante kè ak veso sangen, tansyon wo ak maladi kè nan kominote ki pa jwenn ase swen. Lè li transfòme salon kwafè ak salon bote nan katye yo an sant tès depistaj sante kominote a fè konfyans, Oben pote swen prevantif dirèkteman nan kominote a epi kreye yon chemen dirèk soti nan tès depistaj rive nan dyagnostik ak tretman. Sou direksyon fondatè ak direktè jeneral li, Peter Njongwe, modèl Oben Health la, ki sèvi ak teknoloji, itilize entèlijans atifisyèl pou konble mank aksè ki pèsiste yo, pandan l ap kreye yon apwòch ki ka elaji epi adapte ak diferan popilasyon, anviwònman ak pwoblèm sante.
Peter Njongwe
Prim Akseleratè Enpak Kraft: Malama Health
Malama Health se yon platfòm dijital pou sante pandan gwosès. Yo kreye l pou diminye konplikasyon nan akouchman epi amelyore ekite nan sante pou moun ki gen gwo risk ak asirans sante Medicaid. Sou direksyon Mika Eddy, youn nan moun ki te fonde Malama e ki direktè jeneral li, Malama konbine siveyans sante adistans ak yon rezo doula nan kominote yo jere avèk teknoloji. Konsa, li bay swen san rete ki respekte kilti moun yo, depi nan gwosès prekòs la jiska yon ane apre akouchman.
Mika Eddy
Kesyon souvan poze
Elijibilite ouvè pou moun ki baze Ozetazini:
- Lidè nan sektè san bi likratif ak sektè prive
- Pratisyen sante kominotè
- Pwofesyonèl sante
- Òganizasyon san bi likratif
- Inovatè ak envantè
Komite evalyasyon an pral egzamine ak anpil atansyon enpak travay inovatè chak kandida, sitou rezilta sante yo ka mezire. Pou kesyon adisyonèl sou elijibilite, tanpri kontakte Sant Kraft pou Sante Kominotè.
Sou Sant Kraft pou Sante Kominotè
Sant Kraft pou Sante Kominotè nan Mass General Brigham ap travay pou pasyan ak kominote ki pa jwenn ase sèvis medikal gen plis aksè a bon kalite swen sante yo kapab peye. Etabli an 2011 atravè yon don jenere soti nan Robert Kraft, Sant la vize pou katalize solisyon inovatè pou pwoblèm sante kominotè ki reyèl, aplike solisyon sa yo lokalman, epi elaji yo pou amelyore rezilta sante pou popilasyon defavorize atravè peyi a.