Pwogram pou Jèn Mass General Brigham
Sa nou fè
Pwogram pou Jèn Mass General Brigham ofri elèv ki soti Boston, Revere ak Chelsea yon opòtinite inik pou dekouvri karyè nan domèn swen sante atravè eksperyans reyèl sou teren. Atravè aktivite pratik ak konsèy nan men pwofesyonèl swen sante, elèv yo ka aprann konpetans, vin gen plis konfyans nan tèt yo epi bati relasyon ki pral fòme avni yo.
Depi nan klas 10yèm ane, elèv yo antre nan yon pwogram plizyè ane ki gen ladan eksplorasyon karyè, estaj peye pandan ane lekòl la ak pandan vakans ete, konsèy sou kolèj ak karyè, ansanm ak sipò pou ansyen patisipan yo.
Pwogram pou Jèn Mass General Brigham fè pati yon patenarya pi laj ant Mass General Brigham ak Edward M. Kennedy Academy for Health Careers (EMK).
Kijan pwogram nan fonksyone: opòtinite nan chak etap
Istwa nou
Pandan plizyè ane, Youth Scholars Program nan Massachusetts General Hospital ak Student Success Jobs Program nan Lopital Brigham and Women’s te sipòte elèv ki soti Boston, Revere ak Chelsea nan dekouvri karyè nan domèn swen sante epi devlope konpetans enpòtan pou lavi.
Pwogram sa yo te kreye espas pou koneksyon, aprantisaj, devlopman ak eksperyans pratik atravè estaj, obsèvasyon nan travay (job shadowing), djòb pandan vakans ete ak atelye. Yo te bay opòtinite, yon sans kominote ak yon sans objektif..
Kounye a, kòm yon pati nan angajman Mass General Brigham pou sipòte kominote nou yo, pwogram sa yo reyini pou fòme yon sèl Pwogram pou Jèn Mass General Brigham.
Opòtinite yo ofri
Nou sipòte elèv yo depi lekòl segondè rive nan kolèj, lè nou ofri yo eksperyans ki gen valè, konsèy pwofesyonèl ak ekspozisyon ak divès karyè nan chak etap nan chemen yo.
Travay pandan vakans ete
Mass General Brigham ofri travay peye pandan vakans ete pou elèv ki soti nan lekòl segondè patnè nou yo. Pozisyon sa yo konsantre sou karyè nan domèn swen sante epi yo bay elèv yo eksperyans pratik nan domèn tankou:
- Medsin ijans
- Enfimyè (Swen Enfimyè)
- Newoloji ak newochiriji
- Radiyoloji ak imajri
- Sikyatri ak sante konpòtman
- Anestezi ak medikaman pou dòmi
- Sèvis poumon ak respiratwa
- Patoloji ak laboratwa klinik
- Laboratwa rechèch ak inisyativ sante mondyal
Elèv yo jwenn eksperyans tou nan anpil lòt depatman atravè lopital, sant sante, ak pwogram ki baze sou kominote.a
Sipèvizè yo resevwa fòmasyon pou sèvi kòm konseye pou jèn yo, epi elèv yo patisipe nan atelye chak semèn ki konsantre sou devlopman pèsonèl ak pwofesyonèl.
Sit pwogram nou yo gen ladan:
- Lopital Massachusetts General
- Lopital Brigham and Women’s
- Lopital Brigham and Women’s Faulkner
- Mass Eye and Ear
Pwogram pou ansyen patisipan yo
Nou kontinye sipòte ansyen patisipan Pwogram pou Jèn nan pandan etid kolèj yo atravè:
- Konsèy endividyèl
- Atelye
- Bous ki disponib
Kijan pou aplike
Pwogram pou Jèn Mass General Brigham
Lyen pou soumèt aplikasyon an ap disponib nan prentan 2026. Tanpri tounen vizite paj la pou jwenn mizajou sou fason pou aplike.
Pwogram Travay Ete Mass General Brigham
Nou travay an patenarya ak Boston Private Industry Council (PIC) pou rekrite elèv pou opòtinite djòb pandan vakans ete.
Si ou enterese aplike, tanpri kontakte konseye karyè PIC lekòl ou a oswa vizite sit entènèt Boston PIC pou plis enfòmasyon.
Ki moun ki ka aplike?
Chak ane, yo aksepte 75 elèv ki soti Boston, Revere ak Chelsea nan Pwogram pou Jèn nan. Nou chèche elèv ki kirye pou eksplore karyè nan domèn swen sante, rechèch oswa syans, epi ki motive pou devlope tèt yo sou plan akademik ak pwofesyonèl..
Elèv ki kalifye yo dwe nan dezyèm ane lekòl segondè (sophomore) epi enskri nan youn nan lekòl sa yo:
- Edward M. Kennedy Academy for Health Careers
- Revere High School
- Chelsea High School
- Nenpòt lekòl piblik nan Boston
Yo egzije yon mwayèn jeneral (GPA) omwen 3.0 pou aplike. Nou rekonèt rezilta akademik se sèlman youn nan plizyè fason yon elèv ka demontre potansyèl li. Nou pran an konsiderasyon angajman yon elèv, kwasans pèsonèl li, ak kontribisyon li nan lekòl li ak kominote li.
Lè ou se yon bousye Pwogram pou Jèn, se yon angajman ki gen anpil sans. Anvan ou aplike, nou ankouraje w reflechi sou orè aktyèl ou, kantite travay ou, ak lòt responsablite ou yo pou asire ou ka patisipe nèt.
Kesyon yo poze souvan
Aplikan yo dwe :
- Elèv yo dwe nan 10yèm ane nan youn nan lekòl patnè nou yo.
- Yo dwe gen enterè pou eksplore karyè nan domèn swen sante.
- Yo dwe disponib pandan lè apremidi pwogram nan.
- Yo dwe angaje nan kwasans akademik (nou atann elèv yo kenbe bon nòt, men nou ankouraje tout elèv ki motive aplike, kèlkeswa GPA aktyèl yo).
Sa elèv ak sipèvizè yo di
Tande dirèkteman elèv yo ak sipèvizè yo sou enpak Pwogram pou Jèn nan.
Soti nan sipèvizè yo
"Se te yon gwo satisfaksyon pou travay ak elèv nou yo pandan vakans ete a! Entèlijans yo ak dilijans yo te pote anpil avantaj pou ekip nou an nan jis kèk semèn... Lè m te jèn elèv tou, mwen te benefisye anpil de eksperyans bonè nan konsèy, epi mwen rekonesan pou opòtinite pou envesti nan avni elèv nou yo."
Paloma Tuttle-Vasseur
"Se te yon gwo satisfaksyon pou bay konsèy ak sipò pou pwochen jenerasyon travayè nan domèn swen sante yo. Mwen ankouraje tout moun k ap travay nan swen sante pou yo jwenn yon fason pou yo bay konsèy epi motive jèn moun ki enterese nan pwofesyon nou yo."
Chris DiPrima
Soti nan elèv yo:
"Pwogram pou Jèn Mass General Brigham te yon pwogram ki te prezante m anpil karyè STEM inik ak diferan aspè nan lopital la. Mwen vrèman rekonesan mwen te gen chans wè ak viv anpil eksperyans ke anpil moun pa janm jwenn pandan m te toujou nan lekòl segondè.
Holly Hatleberg, Klas 2025
"Pwogram pou Jèn Mass General Brigham pa t sèlman ban mwen yon djòb — li te ban mwen estrikti, gidans ak sipò. Ti pa ti pa, pwogram nan te ede mwen grandi. Mwen te aprann kijan pou m rive alè — pa sèlman prezan fizikman, men tou mantalman, pou m prepare ak konsantre." Mwen vin pi òganize, mwen aprann kijan pou m bay priyorite ak travay mwen yo, epi mwen te kòmanse wè kijan ti abitid sa yo fè yon gwo diferans. Pwogram nan te ban mwen konsèy, zouti, ak konfyans pou m pran responsablite pou tèt mwen ak pou avni mwen. Kounye a, nan wòl mwen genyen jodi a, mwen wè konbyen mwen chanje. Mwen grandi pou m vin yon moun ki fyè de travay li, ki poze kestyon, ki fè atansyon ak detay, epi ki renmen travay an ekip."
Hamsi Abdikadir, Klas 2027