false

Inisyativ Teras Sante Mantal

Imajine w ap fè fas ak yon kriz sante mantal epi ou pa kapab soti deyò ditou pandan plizyè semèn, si se pa plizyè mwa.

Avèk èd ou, Cooley Dickinson ka konstwi yon teras sou twati pou ede kèk nan pasyan nou yo ki pi vilnerab refè.

primary
external
Fè yon don

Fè yon don pou Lopital Cooley Dickinson

https://giving.cooleydickinson.org/

Apèsi sou pwojè a

Yon bezwen ijan pou ede pasyan yo refè

Pasyan k ap fè fas ak yon kriz sante mantal merite jwenn lè fre ak limyè solèy. Kounye a, inite nou an ki gen 22 kabann pou pasyan adilt ofri yon anviwònman ki an sekirite ak anpil sipò. Pasyan yo jwenn evalyasyon ak tretman apwofondi, tankou pwogram an ti gwoup ki baze sou rechèch, pwogram kote pasyan ede lòt pasyan ak terapi mizik. Men, kòm plis moun bezwen swen sante mantal, yon espas deyò ki rezève pou ede pasyan yo refè vin pi enpòtan toujou.

Yon espas deyò ki fè pati inite a, espesyalman pou tout pasyan yo

Rechèch montre lè moun jwenn lè fre ak limyè natirèl, nivo òmòn estrès yo bese yon fason yo ka mezire. Sa diminye enkyetid epi amelyore atitid ak kapasite pou reflechi. Yon teras sou twati pou ede pasyan yo refè t ap pote benefis sa yo rechèch deja pwouve. Li t ap konplete pwogram inite a epi asire Cooley Dickinson rete yon lidè nan bay chak pasyan swen ki pi bon kalite e ki pi an sekirite.

Sipò ou ap amelyore swen sante mantal

Avèk don jenere ou, w ap pote yon chanjman enpòtan k ap dire nan swen sante mantal nan lopital kominotè nou an. Sipò ou ap amelyore byennèt pasyan nou yo. L ap ranfòse angajman nou tou pou bay swen avèk konpasyon, selon bezwen chak pasyan. Tanpri, panse soutni pwojè sa a ki ka pote gwo chanjman.

Ansanm, n ap ofri espwa ak gerizon pou tout moun ki konte sou lopital nou an pou swen yo bezwen an.

Pwen enpòtan pwojè a

  • Prèske 1 500 pye kare
  • Konekte dirèkteman ak inite a
  • Aktivite varye ak plas pou chita pou tout pasyan yo
  • Ouvè sou lè deyò, men li rete yon espas ki an sekirite.
primary
external
Fè yon don

Fè yon don pou Lopital Cooley Dickinson

https://giving.cooleydickinson.org/