Reyalite ak Chif
2 milyon+ pasyan resevwa swen chak ane atravè sistèm òganizasyon manm nou yo ak sit afilye yo.
5 lopital ansèyman ki afilye ak Harvard, ki klase pami pi bon yo, ki gen ladan manm fondatè nou yo, Massachusetts General Hospital ak Brigham and Women’s Hospital, ak twa lopital espesyalite avanse: Mass Eye and Ear (lopital je ak zòrèy), McLean Hospital (lopital McLean), ak Spaulding Rehabilitation (sant reyabilitasyon Spaulding).
7 lopital kominotè nan rejyon New England, nan nòdès Etazini, ki pèmèt pasyan yo jwenn swen pami pi bon nan monn nan pi pre lakay yo.
Yon gwo sistèm swen pwolonje, ki gen ladan yon rezo sit afilye, Swen Sante Lakay, Swen Ekspres ak Swen Vityèl 24/7.
85,000 anplwaye, sa ki fè nou pi gwo anplwayè prive nan Massachusetts.
7,000+ doktè k ap pran swen pasyan yo epi k ap fè rechèch pwogrese nan tout sistèm nou an.
400,000+ manm k ap resevwa sèvis nan men Mass General Brigham Health Plan, yon plan asirans sante.
2,400+ moun k ap suiv fòmasyon medikal apre diplòm nan lopital ansèyman nou yo pou yo vin lidè swen sante demen.
Prèske 2,000 etidyan ap resevwa fòmasyon pou yo vin pwofesyonèl sante demen nan Mass General Brigham University of Health Professions, yon inivèsite ki fòme pwofesyonèl sante.
$2.7 milya bidjè chak ane pou rechèch nou yo. Sa fè sistèm nou an gen pi gwo sant rechèch medikal ki fè pati yon sistèm lopital Ozetazini. Nou resevwa tou plis finansman pou rechèch nan men Enstiti Nasyonal Sante Etazini (NIH) pase nenpòt lòt sistèm.
3,700+ esè klinik k ap fèt, k ap pote dènye inovasyon nan swen bay pasyan nou yo.
17 moun ki te resevwa Pri Nobel pandan tout istwa nou.
$250 milyon angajman pou sante kominotè, k ap ede amelyore rezilta sante nan katye nou sèvi yo.