Fè yon don a Mass General Brigham
Fè yon kounye a
Sipòte zòn ki gen plis bezwen
Rejwenn nou pou fòme yon nouvo epòk swen pèsonalize
Aprann plis sou fason pou fè yon don bay Mass General Brigham
Fason pou fè yon don
399 Revolution Dr, Suite 1330, Somerville, MA 02145, oswa rele nou nan 617-424-4321.
Deklarasyon sou akseptasyon don
Mass General Brigham ak chak enstitisyon manm li yo toujou rekonesan anpil pou sipò enpòtan ak jenere donatè nou yo ba nou. Nou bay konfyans donatè yo mete nan nou anpil valè. Donatè nou yo jwe yon wòl esansyèl nan fè misyon charitab nou an avanse pou asire epi kenbe ekselans nou nan bay swen sante, rechèch syantifik, edikasyon ak sèvis kominotè. Nou espere kontinye pataje enfòmasyon sou fason enstitisyon manm eksepsyonèl nou yo ap sèvi misyon charitab nou an ak fason enstitisyon nou yo, ansanm, fè misyon nou an avanse grasa kolaborasyon inik nou antanke yon sistèm swen sante entegre.
Deklarasyon sa a gen pou objektif enfòme donatè nou yo ak donatè potansyèl yo, epi konfime pou enstitisyon manm nou yo prensip fondamantal (Prensip) ki pèmèt Mass General Brigham ak chak enstitisyon manm (chak enstitisyon apa, yon Enstitisyon) aksepte don charitab.
Chak Enstitisyon kenbe pwòp estati separe li ki egzante de taks 501(c)(3), atravè ki li gen privilèj pou resevwa kontribisyon charitab nan men donatè yo. Donatè Mass General Brigham yo ka swete sipòte enstiti, sant ak pwogram ki nan tout sistèm nan ki kreye opòtinite inik pou kolaborasyon pami klinisyen ak chèchè atravè sistèm nou an. Mass General Brigham rekonèt tou donatè nou yo gen youn oswa plizyè lyen ak enstitisyon manm nou yo, ki diferan nan dimansyon ak gwosè, epi yo fè kontribisyon jenere pou enstitisyon sa yo.
Antanke manm sistèm swen sante Mass General Brigham, chak Enstitisyon dwe respekte Prensip sa yo epi kite yo gide l, epi li dwe sèvi ak jijman pa l pou deside si l ap aksepte yon don yo pwopoze apre li fin evalye reyalite ak sikonstans patikilye yo.
Prensip
Chak Enstitisyon ka aksepte yon don charitab si kondisyon sa yo respekte:
- Deziyasyon don an ede fè pwogrese ak reyalize misyon charitab Enstitisyon an, ki se amelyore swen pasyan, rechèch syantifik, edikasyon ak sèvis kominotè.
- Akseptasyon yon don charitab pa Enstitisyon an ann amoni ak valè ak priyorite li yo.
- Deziyasyon don an ann amoni ak politik Mass General Brigham sou non-diskriminasyon, konfli enterè ak lòt politik enstitisyonèl ki aplikab.
- Deziyasyon ak akseptasyon don an konfòm ak lwa federal ak lwa eta yo. Pou plis klète, epi an konfòmite ak règleman federal yo, Enstitisyon an pa ka aksepte yon don ki gen restriksyon ki, dapre jijman pa li, ta pèmèt yon donatè kenbe kontwòl kontinyèl sou lajan yo bay la.
- Lè li aksepte yon don charitab, Enstitisyon an vin pwopriyetè legal lajan yo bay la, epi li dwe itilize lajan sa a dapre entansyon charitab donatè a te eksprime.
- Pou akonpli responsablite fidisyè li yo, Enstitisyon an dwe aksepte, jere epi administre lajan don charitab yo an konfòmite ak lwa a, Politik Akseptasyon Don Mass General Brigham ak tout politik ak pwosedi Mass General Brigham ki aplikab.
- Dapre jijman Enstitisyon an, deziyasyon don an pa dwe gen twòp restriksyon, koute twòp pou jere oswa kenbe, ni egzije yon itilizasyon oswa yon depans ki pa rezonab nan resous charitab yo, ni ekspoze Enstitisyon an a responsablite legal ki pa rezonab.
- Enstitisyon an te pran mezi pou klarifye sous finansman don charitab la, epi dapre jijman li, li gen konviksyon lajan yo bay la pa t soti nan aktivite ki pa ann amoni ak misyon ak valè Enstitisyon an, ni nan yon aktivite ilegal oswa ki ta ka ilegal.
- Enstitisyon an te fè verifikasyon ki nesesè yo pou detèmine, dapre jijman li, aksepte don charitab sa a, ki ka prezante sikonstans oswa eleman ki pa nòmal oubyen ki konplèks, pa riske nui misyon oswa repitasyon Enstitisyon an.
- Dapre jijman Enstitisyon an, kondisyon li fikse pou aksepte yon don pa reprezante, ni yo pa ka rezonabman entèprete kòm, yon apwobasyon, kit se dirèkteman oswa endirèkteman, pou antrepriz yon donatè oswa pou opinyon pèsonèl li.
Kote pou fè don an
Kontakte Biwo Devlopman Mass General Brigham
617-424-4300
Rele Biwo Devlopman