Devlopman dirab
Kòm yon sistèm swen sante akademik entegre ki gen yon misyon, nou pwomèt angajman nou ki fèm pou pasyan nou yo ak kominote nou an. Sektè sante Etazini an responsab pou anviwon 8.5% nan gaz peyi a emèt ki chofe planèt la. Se poutèt sa, òganizasyon k ap travay pou amelyore sante moun dwe pran mezi kont chanjman klima san pèdi tan. Menm jan aksè a manje ak lojman esansyèl pou sante moun, se konsa rezilyans klimatik ak dirabilite anviwònman an. Chanjman klimatik se yon kriz sante piblik. Nan Mass General Brigham, nou kwè li esansyèl pou nou trete li kòm yon ka inik.
Akòz ijans pwoblèm chanjman klima a lakòz, Mass General Brigham ap sèvi ak fòs li nan swen pou pasyan, edikasyon, rechèch ak defans enterè moun pou pote chanjman enpòtan nan òganizasyon an ak lòt kote. Malgre nou p ap ka simonte defi sa yo nan yon jou, ni nan yon ane, nou pran angajman pou nou fè fas ak pwoblèm nan dirèkteman, pou moun nou sèvi yo ka viv lavi ki pi bon e ki pi an sante posib.
Li Rapò Enpak Dirabilite nou yo: