false

Laura S. Peabody

Chèf Ofisye Legal ak Konsèy Jeneral

Laura S. Peabody se Chèf Ofisye Legal ak Konsèy Jeneral nan Mass General Brigham. Responsablite li yo genyen ladan yo bay konsèy legal ak estratejik nan tout sistèm Mass General Brigham ak nan Konsèy Administrasyon li. Li se yon konseye legal pou Komite Manadjman Senior Mass General Brigham tou. Laura ap dirije yon ekip ki genyen avoka, asistan jiridik, ak pèsonèl administratif ki gen ekspètiz nan tout domèn dwa swen sante ki gen ladan l pwoblèm swen pasyan, dwa pou travay ak anplwa,operasyon pami antrepriz, devlopman rezo, konfòmite règlemantè, litij, ankèt administratif , konfòmite nan domèn rechèch, ak komèsyalizasyon teknolojik. Anplis de sa, li sipèvize Biwo pou relasyon ak sektè prive , yon gwoup ki la pou aplike epi sipèvize tout politik ki gen rapò ak relasyon ak sektè prive ak aktivite ekstèn ki gen ladan l sipèvizyon ak entegrasyon tout pwosesis divilgasyon konfli enterè.

Laura se tou responsab pou ekip Zafè Gouvènman Mass General Brigham ki jere relasyon gouvènman nan nivo lokal, eta, ak federal. Travay sa a genyen ladan l kolabore ak goup entèn ak ekstèn pou enfliyanse règlemantasyon ak politik piblik ki afekte Mass General Brigham. Ekip la travay kole sere ak anpil asosyasyon ak gwoup komès ki gen ladan yo Asosyasyon Lopital Massachusetts, Asosyasyon Lopital Ameriken, ak Asosyasyon Kolèj Medikal Ameriken (Massachusetts Hospital Association, American Hospital Association, ak American Association of Medical Colleges).

Anvan li te rantre nan Mass General Brigham nan lane 2017, Laura te Vis Prezidan Senior, Chèf Ofisye Legal nan Northwell, Inc., yon gwo sistèm livrezon swen sante entegre ki pa fè pwofi ki sèvi zòn New York la ak ki se pi gwo anplwayè nan eta New York la. Laura te responsab pou sèvis legal pou tout òganizasyon an. Pandan kat lane li te pase nan Northwell, li te reyòganize gouvènans kòporatif la.

Anvan li te reprezante sistèm swen sante, Laura te pase anpil lane ap reprezante antite k ap finanse pou swen sante. Li te travay kòm avoka nan Harvard Community Health Plan, kòm Avoka Adjwen Jeneral nan Blue Cross Blue Shield of Massachusetts, ak kòm Konsèy Jeneral nan Harvard Pilgrim Health Care. Nan Harvard Pilgrim, Laura te responsab pou bay sèvis legal pou òganizasyon an. Li te jere zafè gouvènman, enspeksyon entèn, byen imobilye ak enstalasyon, ak pwogram pou mache granmoun ki gen ladan l Medicare Advantage. Laura te tou prezidan konsèy fondasyon Harvard Pilgrim Health Care.

Laura te sèvi tou nan konsèy UNICEF, Boston Bar Association, Massachusetts Women’s Bar Foundation, ak Elliot School nan Jamaica Plain.

Laura te gradye nan State University of New York nan Binghamton, epi li te resevwa JD li nan Boston University School of Law.