false

Roxanne Ruppel

Prezidant ak Direktris Operasyon
Salem Hospital

Roxanne C. Ruppel te vin Prezidant ak Direktris Operasyon nan Salem Hospital nan dat 1 Mas 2023, aprè li te jwe plizyè wòl lidèchip, tankou Vis Prezidan Estrateji ak Planifikasyon, epi depi 2009 kòm Vis Prezidan Senior Operasyon. Li ranplase David J. Roberts, MD, ki te nonmen Vis Prezidan Senior Operasyon kominotè nan Mass General Brigham.

Ruppel gen anpil respè nan tout Salem Hospital ak Mass General Brigham pou stil jesyon kolaboratif li, konpreyansyon ekspè sou pwoblèm konplèks, ak angajman li pou bay ekspètiz ak konpasyon pou pasyan nou yo ak kominote a. Li se yon sipòtè aktif pou anplwaye nan tout nivo òganizasyon an epi li se yon vrè chanpyon misyon kominotè Salem Hospital.

Pandan plis pase 20 lane li nan Salem Hospital, Ruppel te sipèvize inisyativ estratejik ak operasyonèl kle atravè enstitisyon an nan domèn klinik ki gen ladan l Sèvis Ijans, Medsin, Kadyoloji, Chiriji, Pedyatri, Radiyoloji, Psikiyatri ak Sante Mantal, ak Sante Fanm. Kòm Vis Prezidan Estrateji ak Planifikasyon pou lopital la, li te dirije devlopman Sant Sante Mass General Brigham nan Danvers.

Ruppel te tou yon lidè aktif ak patnè sistèm nan inisyativ kolaboratif Mass General Brigham ki konsantre sou operasyon pandemi Covid-19 ak pwogram vaksen pou anplwaye; inisyativ jesyon pèsonèl; sante kominotè ak bay pi bon kalite swen pou chak pasyan; jesyon kapasite; ak efò jesyon kontinyòm swen. Li tou ko-prezide Konsèy Founisè Pratik Avanse Mass General Brigham epi li se yon manm Komite Konsiltatif Preparasyon Ijans ak Kontinite Mass General Brigham.

Yon terapet fizik pa fòmasyon, Ruppel te pousuiv yon karyè klinik pandan 10 lane anvan li te fè tranzisyon nan jesyon administratif. Li te antre nan ekip ansyen Shaughnessy-Kaplan Rehabilitation Hospital nan lane 1997 kòm Direktè Sèvis Ekstèn e yon ti tan aprè, li te antre nan depatman Estrateji ak Planifikasyon nan Salem Hospital.

Ruppel te resevwa diplòm Bachelor of Science ak Master of Science li nan Quinnipiac University nan Connecticut, epi li te konplete pwogram edikasyon egzekitif nan Harvard University ak Tuck School of Business nan Dartmouth College.