Yon Istwa Naratif sou Mass General
An 1810, Etazini te gen sèlman de lopital jeneral: Pennsylvania Hospital (ki te fonde an 1756) ak New York Hospital (ki te fonde an 1791). Lokalman, lopital lamarin ki te nan Charlestown nan te konn reponn bezwen maren yo, epi Boston Dispensary te konn bay pasyan ki pòv yo swen anbilatwa; men okenn etablisman nan New England nan kòmansman diznevyèm syèk la pa t konn bay tout moun swen medikal vennkat sou vennkat.
Rev. John Bartlett, omonye nan Almshouse Boston, te reve fonde yon lopital konsa, ki ta kapab mete swen medikal avanse disponib pou moun ki malad fizikman oswa mantalman pandan li t ap tou ofri pi meyè opòtinite fòmasyon medikal pratik. Li te reyini ak doktè ki gen menm lide a epi ak sitwayen enpòtan pou òganize yon kanpay pou kolekte lajan.
Doktè James Jackson ak doktè John Collins Warren te pami pi gwo pwomotè plan sa a. An 1811, asanble lejislatif Massachusetts te bay yon chat ki otorize kreyasyon Massachusetts General Hospital, epi yo te kontinye kolekte lajan, don yo te varye ant $.25 ak $20,000, sa enkli don ensolit tankou yon twi ki te peze 273 liv. An 1816, administratè yo te achte ak renove yon pwopriyete nan Charlestown (nan yon zòn ki t ap vin fè yon sèl ak Somerville) pou yo itilize l kòm etablisman swen maladi mantal Mass General. Sa a te vin tounen McLean Asylum (kounye a li se McLean Hospital nan Belmont).
Yon ti tan apre sa a, yo te akeri yon teren ki te mezire kat ak nan West End Boston, yo te rele "Prince's Pasture", pou konstwi lopital jeneral la. Bilding orijinal la, "The Bulfinch", te ouvri pòt li 3 septanm 1821 pou akeyi premye pasyan Mass General la, yon selye ki te gen sifilis, yon maladi li te pran New york, jan achiv yo byen presize sa a.
Nan premye ane aktivite li, Mass General te vin premye lopital inivèsitè Harvard Medical School. Depi lè sa a, kote sa a te sibi anpil chanjman, agrandisman, ak anpil pwogrè medikal ki fè li difisil pou yo site tout.
Pami pi gwo moman yo te genyen: premye demonstrasyon piblik anestezi chirijikal William T.G. Morton ak John Collins Warren (1846), dekouvèt apendisit Reginald Fitz te fè a (1886), kreyasyon premye sèvis sosyal medikal Richard Cabot ak Ida Cannon (1905), ak premye reyenplantasyon yon bra koupe yon ekip chirijikal Ronald Malt t ap dirije (1962).