false

Poukisa pou w chwazi McLean?

Poukisa ou ta dwe chwazi McLean pou swen sante mantal? Kite nou montre ou poukisa U.S. News & World Report toujou klase nou kòm pi bon lopital sikyatrik. endepandan.

McLean: Estanda an lò nan sante mantal

toujou klase antanke meyè lopital nan nan sondaj anyèl meyè lopital nan Etazini ke U.S. News & World Report fè chak ane, anplwaye McLean yo rekonèt enpòtans patenarya ak pasyan nou yo ak fanmi yo pou byen jere pwoblèm sante nou ap trete yo.

Klinisyen ak anplwaye McLean travay ansanm ak pasyan yo pou kreye plan tretman pèsonalize ki konsantre sou objektif endividi a, yo ede pasyan yo aprann konpetans ki nesesè pou viv lavi ki debouche sou siksè ak sans.

Nou konprann pi byen pase nenpòt moun ke pifò moun fè eksperyans yon varyete sentòm, anpil ladan yo konplike dyagnostik yo. Pa gen ka ki twò difisil pou ekip tretman miltidisiplinè nou yo. An reyalite, klinisyen nou yo espesyalize nan swen pou moun ki gen plizyè dyagnostik, tankou depresyon, enkyetid, twoub manje, ak lòt pwoblèm sante.

McLean vize mete pasyan yo sou chemen rekiperasyon nan fason ki pi klè ak pi senp pou l asire l yo toujou rete byen.

Rezon ki pou fè w fè McLean konfyans ak swen ou

  • U.S. News & World Report toujou klase nou kòm youn nan Pi Bon Lopital.
  • pasyan yo resevwa swen de kalite siperyè, ki baze sou dènye rechèch yo
  • Anplwaye yo se manm fakilte ansèyman nan Harvard Medical School
  • McLean gen akreditasyon pa "The Joint Commission", kò nasyonal ki jere lopital yo epi ki asire chak ane ke McLean reponn a estanda yo ki nan yon nivo ki wo
  • McLean se yon manm Mass General Brigham, sa ki bay pasyan yo aksè a konsiltasyon medikal san limit ak lòt resous kle
  • Efò kontinyèl pou kalite, tankou rasanble repons sou satisfaksyon pasyan yo epi suiv rezilta tretman yo, asire yon amelyorasyon kontinyèl nan swen pasyan yo

Kiyès nou trete

McLean ofri tretman sante mantal kalite siperyè pou moun nan tout laj k ap fè viv yon varyete sentòm ak dyagnostik.

Pwogram nou yo ideyal pou moun ki gen pwoblèm pou idantifye epi dyagnostik sante mantal yo oswa ki ap lite ak jere sentòm. Nou espesyalize nan ka ki difisil pou trete ak nan travay ak moun ki te deja nan tretman men ki poko atenn objektif tretman yo swete a.

Aprann plis sou swen kalite siperyè nou an pou:

Depandans
McLean bay sipò konplè pou moun ki vle diminye depandans chimik ak reprann kontwòl sou lavi yo. Konnen yo toujou wè itilizasyon sibstans tankou yon bagay ki lye ansanm ak lòt maladi sikyatrik, tankou depresyon, enkyetid, ak twomatis, pwogram nou yo itilize ekspètiz ak sèvis sante mantal ak evalyasyon nan tout lopital McLean. Avèk opsyon tretman ki soti nan pwogram dezentoksikasyon akoutèm rive nan swen ki kouvri pa asirans oswa ki peye dirèkteman, ansanm ak swen rezidansyèl 24 sou 24, chak moun kapab jwenn kalite swen ki pi byen adapte ak bezwen pa yo.
Anksyete
Plis pase 40 milyon granmoun Ameriken afekte pa enkyetid, sa ki fè maladi enkyetid yo kondisyon sante mantal ki pi komen nan Etazini. Nan lopital McLean, nou angaje nou pou nou bay sipò pou moun ki gen pwoblèm anksyete atravè tretman ki gen wo nivo mondyal, rechèch inovatè sou kòz ak remèd, ak fòmasyon a gran echèl solid pou pasyan, fanmi, klinisyen, ak kominote a.
Maladi bipolè
McLean ofri swen lopital pou pasyan ki dwe etène, swen rezidansyèl, swen pou pasyan ki ap jis konsilte, ak pwogram ki baze sou kominote pou pasyan k ap viv ak maladi bipolè. Anplwaye nou yo gen ekspètiz espesyalize nan trete popilasyon pasyan sa a ak nan bay sipò ak fòmasyon endividyèl pou manm fanmi yo ak ede kowòdone swen ak klinisyen kominotè, ajans sèvis sosyal, fanmi, ak lòt sistèm sipò.
Twoub pèsonalite limit (borderline)
McLean ofri pwogram rezidansyèl espesyalize, pwogram lopital pasyèl (swen lajounen), ansanm ak swen pou pasyan ekstèn pou pasyan ki soufri BPD) Li ofri tou yon pakèt tretman pou lòt maladi oswa sentòm ki souvan mache ansanm ak BPD, tankou depresyon, anksyete, depandans ak sibstans oswa lòt depandans, ak twoma. Apwòch terapetik espesyalize nou yo, ki gen ladan terapi konpòtman dyalektik (dialectical behavior therapy, DBT) ak tretman ki baze sou mentalizasyon (mentalization-based treatment, MBT), ede pasyan yo ak objektif pou amelyore konpetans entèpèsonèl, relasyon epi diminye konpòtman oto-destriktif.
Depresyon
Soti nan swen kriz akoutèm pou sèvis pou pasyan ki ap pran swen epi ki pa bezwen etène, tretman depresyon nan McLean gen ladan terapi konpòtman ak konsiltasyon pou medikaman. McLean espesyalize nan trete dyagnostik sante mantal ki ka akonpaye depresyon, e pasyan yo benefisye de ekspètiz ak sèvis konsiltatif nan tout lopital la.
Twoub manje
Pwogram rezidansyèl ak lopital pasyèl nou an pou fanm espesyalize nan tretman anoreksi, boulimi, ak twoub manje konpilzif. Nou rekonèt ke chak jèn fanm gen yon seri pwoblèm distenk ki kontribye nan twoub manje li, nou konprann tou ke anpil ladan yo ap lite ak pwoblèm ki egziste an menm tan, tankou itilizasyon sibstans, twoub atitid ak anksyete, twomatis ak twoub estrès pòs twomatik, ak pwoblèm medikal. Nou travay pou ede moun atravè defi mantal ak fizik sou chemen pou rekiperasyon.
OCD
Nou angaje nan bay swen solid, sipò, ak resous edikatif pou granmoun ak timoun ki gen twoub obsesif konpilzif. Pwogram rezidansyèl nou yo, pwogram swen lajounen nou yo, ak pwogram swen pou pasyan ekstèn nou yo konsantre sou ede pasyan yo devlope konpetans pou yo ka jere pwoblèm sante yo poukont yo. McLean se youn nan sant ki pi avanse nan terapi ekspozisyon ak prevansyon repons (Exposure and Response Prevention – ERP), ansanm ak lòt terapi konpòtman ki pwouve yo efikas pou ede timoun ak granmoun k ap viv ak twoub obsession-konpilsyon (OCD).
Eskizofreni
Anplwaye nan pwogram pou pasyan ki etène yo, pasyan rezidansyèl, pasyasn ki ap konsilte, ak pasyan nan pwogram kominotè yo ki ap viv ak eskizofreni gen ekspètiz espesyalize nan trete popilasyon pasyan sa yo ak nan bay sipò ak fòmasyon endividyèl pou manm fanmi yo. McLean asire l li fè kontinite sèvis pandan tranzisyon yo e li ede nan kowòdone swen ak klinisyen kominotè, ajans sèvis sosyal, fanmi, ak lòt sistèm sipò.
Twomatis ak twoub disosyatif
McLean bay swen eksepsyonèl pou twomatis ak twoub ki gen rapò ak twomatis tankou PTSD ak twoub idantite disosyatif. Sèvis swen lopital ak pwogram lajounen nou yo pou fanm ki ap fè eksperyans efè abi nan anfans oswa lòt evènman twomatik gen yon repitasyon solid pou ekilib ant estabilizasyon ak gerizon. Nou ofri tou swen pou pasyan ekstèn pou yon pakèt sentòm ak dyagnostik ki gen rapò ak twoma, ansanm ak sèvis espesyalize pou premye entèvenan yo.

McLean ofri swen ak sipò avi:

Timoun ak Adolesan
Etandone sèvo a ak kò a devlope depi enfans jiska adilt, timoun ak adolesan ka rankontre yon seri defi. McLean trete timoun ant 3 ak 19 an pou yon seri dyagnostik, tankou depresyon, enkyetid, twoub atansyon ak ipè-aktivite (ADD/ADHD), twoub bipolè, ak depandans e nou ofri tou pwogram tretman espesyalize ki konsantre sou OCD ak twoub pèsonalite ansanm ak sentòm ki akonpaye yo. Swen konplè nou yo, swen lopital, swen pou moun k ap konsilte, swen rezidansyèl, ak swen lopital pasyèl yo ede jèn moun ak fanmi yo fè fas ak maladi mantal ak defi yo genyen.
Adilt
Ou ta panse ke maladi kè oswa kansè se prensipal koz andikap nan Etazini. Men, okenn nan yo pa sa. Se maladi mantal ki lakoz andikap: 40 milyon granmoun nan Etazini afekte pa anksyete epi 6.1 milyon moun dyagnostike ak maladi bipolè. Nan monn lan, 355 milyon moun afekte pa depresyon. Lopital McLean ofri opsyon swen mantal konplè pou granmoun, soti nan swen ijans akoutèm pou moun ki gen kriz sikyatrik rive nan randevou pasyan ki ap konsilte. Sèvis yo kouvri yon varyete sentòm ak dyagnostik, tankou depandans, anksyete ak OCD, maladi bipolè ak eskizofreni, twoub pèsonalite limit, depresyon, twoub manje, ak twomatis.
Gramoun Aje
Swen sikyatrik pou granmoun aje ka gen ladan jere efè nòmal chanjman mantal ak fizik ki vini avèk laj yo, epi li konsantre tou sou chanjman sikolojik ak newolojik ki ka vin pi grav pandan kò a ak sèvo a ap pran laj. Klinisyen lopital McLean yo se ekspè nan sante mantal pou granmoun aje, ki gen ladan tretman, rechèch, ak fòmasyon pou pwoblèm ki lye ak granmoun aje (tankou demans, maladi Alzaymè, pwoblèm memwa) ak sa yo ki gen defi inik pou moun nan gwoup laj sa a (tankou depresyon, maladi bipolè, anksyete).

Swen ki baze sou rechèch

McLean ap fè efò pou l fòme lavni dyagnostik ak swen sante mantal atravè rechèch inovatè. Antanke yon lidè rechèch, nou gen kèk nan pi bon lespri nan mond lan ki ap travay sou dekouvèt ki gen gwo enpak sou domèn sante mantal.

Chèchè syans debaz nou yo ak klinisyen yo travay chak jou pou etidye sèvo a, y ap pouswiv envestigasyon pou yo jwenn koz pou kondisyon sante mantal espesifik yo. Malgre yo fè anpil apwòch rechèch diferan, objektif komen yo se devlope tretman ki ap amelyore sentòm ak maladi yo.

Pwogram tretman McLean yo mete aksan sou modèl tretman ki pwouve, souvan se nou ki dekouvri yo oswa rafine yo atravè rechèch nan McLean. Avèk rechèch nou yo, nou ap toujou amelyore rezilta tretman ak eksperyans jeneral pasyan an.

Nou ap pouswiv san rete dekouvèt ki pèmèt nou ede plis moun. Plis nou ap fè dekouvèt, se plis nou ka nòmalize diskisyon piblik la sou sante mantal.

Kisa ki anpeche ou chèche swen?

Pandan tout moun atravè mond lan ka pale diferan lang epi gen kilti ki trè diferan, gen yon bagay ki afekte chak kominote: sante mantal ak enpak li sou moun ak fanmi.yo.

Anpil mit ak malentandi sou sante mantal kontinye egziste nan Etazini ak atravè mond lan. Estigmatizasyon souvan vin tounen yon baryè pou yon moun chèche swen pou yon difikilte sante mantal.

Estigmatizasyon—se yon mo ki pa bèl, e sa pi tris lè w ap viv li. Estigmatizasyon souvan pote eksperyans ak santiman wont, blam, dezespwa, malèz, move reprezantasyon nan medya yo, ak ezitasyon pou chèche ak/oswa aksepte èd ki nesesè.

1 sou 5 Ameriken ap fè eksperyans defi sante mantal nan lavi yo. Se yon bagay ki afekte nou tout. Sepandan, 75% moun ki gen twoub sante mantal di yo te sibi pwoblèm ki soti nan estigmatizasyon sante mantal.

An reyalite, selon yon etid ki pibliye nan Journal of Health and Social Behavior:

  • 38% moun pa vle demenaje bò kote yon moun ki ap viv ak yon pwoblèm sante mantal
  • 56% pa vle pase yon sware ap sosyalize ak yon moun ki gen defi sante mantal
  • 33% pa vle fè zanmi ak yon moun ki ap viv ak yon pwoblèm sante mantal
  • 58% pa vle travay pre ak yon moun ki gen pwoblèm sante mantal
  • 68% pa vle yon moun ki gen maladi sante mantal marye nan fanmi yo

Si ou ap lite ak sentòm sante mantal, oswa si ou santi ke pèsonn pa ta konprann sa ou ap viv la, ou pa pou kont ou. McLean la pou li ede w.

Kòman McLean ap chanje atitid moun yo sou sante mantal

Atravè efò klè epi ki presi, McLean ofri edikasyon solid pwofesyonèl epi piblik pou pataje konesans ak amelyore konpreyansyon sou sante mantal.

Inisyativ nou yo kouvri mond lan. Soti nan kanpay ki ranpòte pri nou an ki se Dekonstri Estigmatizasyon an rive nan patenarya ak gwoup tankou Fondasyon N.S. Vahia nan Mumbai, an End, McLean ap travay pou redui move enfòmasyon ak estigmatizasyon nan espwa pou chanje fason moun panse sou sante mantal ak ankouraje moun pou chèche swen si sa nesesè.

Kanpay konsyantizasyon piblik entènasyonal McLean lan, Dekonstri Estigmatizasyon, se plis pase jis yon seri foto ki pi men gwosè ki montre moun ki afekte pa kondisyon sante mantal. Li bay temwayaj onèt, pèsonèl sou defi sante mantal moun ap fè fas atravè mond lan.

Nou rekonèt tou bezwen pou resous sante mantal ki fyab epi ki itil. Nan  seri konferans sou entènèt gratis nou yo, ekspè McLean yo kouvri yon seri sijè sou sante mantal ak byennèt. konferans sa yo disponib pou piblik la ak pwofesyonèl yo nan espwa pou nou ankouraje yon kominote ak moun ki an sante.

McLean monte nivo konsyans sou pwoblèm sante mantal atravè aktivite amizan ak edikatif. Nou inikman konbine syans, echantiyon sèvo imen yo, ak gwo aktivite, nou livre leson ki angaje ak efikas sou fonksyònman entèn sèvo a. Nou òganize diskisyon ak newosyantifik yo ansanm ak moun ki ap viv ak twoub sante mantal. Se anplwaye lopital McLean yo ki te devlope pwogram lan pou ede sikyatri ak syans newolojik yo aksesib a tout moun.

Nou kolabore ak moun ak òganizasyon atravè mond lan. Li plis sou kolaborasyon nou yo:

McLean nan premye ranje tou nan zafè fòmasyon pou moun ki travay nan domèn sante mantal. Depi prèske 200 ane, McLean—yon lopital ansèyman nan Harvard Medical School—ap ofri pi bon fòmasyon pwofesyonèl ak resous pou yon gran varyete pwofesyonèl swen sante mantal. Pwogram nou yo ki nan nivo siperyè epi ki konplètman akredite sipòte devlopman pwofesyonèl epi yo konsantre yo sou amelyore swen pasyan yo.

Nou dedye a travay nou

McLean se te yon lidè nan swen sante mantal depi li te ouvri plis pase de syèk deja. Nan tout istwa remakab nou, nou te toujou gen pasyon pou sa n ap fè. Soti nan fondatè McLean yo rive nan anplwaye aktyèl nou yo ki gen plis pase 2,300 moun ki ap bay swen, nou travay ansanm pou defann domèn sante mantal. Nou la pou sipòte pasyan nou yo ak fanmi yo pou diminye difikilte yo epi enspire espwa.