Afilye Klinik Rejyonal yo | Mass General Brigham
Care New England
Mass General Brigham ak Care New England angaje yo pou bay pasyan Care New England swen eksepsyonèl grasa aksè a dènye pwogrè medikal yo, pi bon pratik yo ak rechèch. Lè sa nesesè sou plan medikal, pasyan yo ap resevwa tretman espesyalize nan Mass General Brigham, avèk yon angajman toude bò pou fè pasyan yo retounen lakay yo pou yo kontinye refè epi suiv reyabilitasyon toupre fanmi yo ak moun k ap soutni yo.
Pandan tout afilyasyon klinik nou ki dire lontan, nou travay ansanm atravè plizyè espesyalite ak kote ki nan tout Rhode Island, ki gen ladan:
- Sèvis reyabilitasyon pou moun ki pa entène ak moun ki entène, avèk Spaulding Rehabilitation, yon manm Mass General Brigham
- Pwogram swen kè konplè avèk Mass General Brigham Heart and Vascular Institute
- Pwogram konplè pou operasyon nan pwatrin ak operasyon nan kolon ak rektòm, ak ekip doktè Mass General Brigham sèlman
- Pwogram swen kè, operasyon nan pwatrin ak operasyon nan kolon ak rektòm, doktè Mass General Brigham ap dirije yo
Aprann plis sou Care New England
Emerson Hospital
Mass General Brigham ak Emerson Health angaje yo pou bay pasyan nan kominote yo swen eksepsyonèl grasa aksè a dènye pwogrè medikal yo, pi bon pratik yo ak rechèch.
Espesyalis Mass General Brigham disponib nan Emerson Health pou tretman ak sèvis ki nan lis anba a.
Mass General Brigham
-
Enstiti Kansè Mass General Brigham nan Emerson Hospital
- Tretman kansè ak medikaman
- Onkoloji Radyasyon
-
Konsèy jenetik
-
Kadyoloji: Swen pou pwoblèm ritm kè
-
Neonatoloji
-
Swen newolojik a distans/swen a distans pou aksidan vaskilè serebral
-
Operasyon nan pwatrin
-
Swen pou kansè nan ògàn repwodiktif
-
Chiriji plastik
Mass Eye and Ear
- Swen pou zòrèy, nen ak gòj
- Swen pou pwoblèm tande
- Chiriji andokrin
Mass General Brigham pou Timoun
- Kadyoloji
- Andokrinoloji
- Gastwoantoloji
- Swen pou maladi ren
- Swen pou maladi poumon
Mass General Brigham Cancer Institute nan Emerson Hospital bay kominote a swen konplè pou kansè nan tete, blad pipi, san, kolon ak rektòm, ògàn repwodiktif, tèt ak kou. Ekip la gen eksperyans epi li bay aksè nan zòn nan ak esè klinik Mass General Brigham.
Ekip la entoure chak pasyan ak eksperyans ak konpasyon nan konfò anviwònman pratik nou an. Soti nan depistaj ak radyografi, rive nan chiriji, tretman, ak yon akonpayman pèsonalize nan lavi w pou sante ak byennèt ou, nou ofri tout sa ou bezwen pou konbat kansè a tou pre lakay ou.
Aprann plis sou Emerson Hospital
Northern Light Health
Northern Light Health afilye ak Mass General Brigham depi 2018. Kolaborasyon an fèt sou sèvis swen pasyan, rechèch, konsiltasyon administratif ak operasyonèl, ansanm ak edikasyon ak fòmasyon.
Mass General Brigham aktyèlman sipòte :
- Konsiltasyon a distans pou aksidan vaskilè serebral ak pwoblèm newolojik egi
- Konferans klinik vityèl sou swen primè
- Konsiltasyon pou pwoblèm ritm kè ak pwosedi pou ouvri atè kè ki bouche nan Northern Lights Mercy Hospital
- Sibvansyon PCORI pou depistaj kansè nan kolon
Aprann plis sou Northern Light
South Shore Health
Mass General Brigham ak South Shore Health kolabore pou bay pasyan nan tout South Shore ak zòn ki antoure yo aksè lokal nan swen espesyalize ak chirijikal avanse, nan nivo mondyal.
Pwogram ak sèvis yo enkli:
- Sante fanm: Ekip nou yo ofri swen konplè ak konpasyon pou kansè nan ògàn repwodiktif, pwoblèm òmòn ki afekte fè pitit, pwoblèm nan basen ak swen pou tete.
- Swen kansè: Sant Kansè Dana-Farber Brigham nan South Shore Health ede ekip swen yo travay ansanm nan chak etap swen kansè yon pasyan. Pwogram yo reyini plizyè espesyalite: tretman kansè ak medikaman, radyasyon oswa operasyon; imaj medikal tankou eskanè CT, imaj MRI ak mamografi; ak esè klinik.
- Operasyon: Chirijyen ki travay ak toude òganizasyon yo bay moun nan kominote a aksè nan operasyon jeneral ak operasyon nan pwatrin, veso sangen, kolon ak rektòm, aparèy urin ak tete. Yo fè operasyon pou timoun, operasyon pou pèdi pwa ak operasyon avanse avèk robo tou. Nou kolabore tou pou bay moun ki blese grav swen chirijikal nan South Shore Hospital, sèl sant pou granmoun ki sètifye pou trete chòk nivo II nan rejyon an.
- Swen pou sèvo ak sistèm nè: Depi plis pase 20 an, nou travay ansanm pou pote swen newolojik ak newochirijikal ki pi konplèks yo nan South Shore. Sèvis yo gen ladan yo yon pwogram pou pwoblèm dòmi ak swen pou aksidan vaskilè serebral, esklewoz miltip, pwoblèm mouvman, epilepsi, kriz, maltèt ak pwoblèm memwa oswa konpòtman. Yo ofri tou tretman ki sèvi ak estimilasyon pwofon nan sèvo. Nou ofri tou swen chirijikal espesyalize pou pwoblèm nan sèvo ak kolòn vètebral.
- Swen kè ak veso sangen: Nou travay ansanm pou ofri pwosedi ak operasyon avanse. Sa gen ladan yon pwogram konplè pou operasyon veso sangen ak yon pwogram rekonèt pou ede moun evite pèdi yon bra oswa yon janm. South Shore Hospital gen youn nan laboratwa ki fè plis pwosedi ak katetè nan kè nan rejyon an. Li ofri tou swen espesyalize pou pwoblèm ritm kè ak lòt pwoblèm kè toupre lakay ou, pou ou pa bezwen ale Boston.
- Swen prensipal: Depi lontan, kolaborasyon nou an ede pasyan toude òganizasyon yo jwenn swen prensipal konplè. Yo ka fè egzamen ak tès medikal toupre lakay yo epi jwenn swen ekip toude òganizasyon yo nan plizyè espesyalite.
- Fòmasyon medikal: Òganizasyon nou yo travay ansanm pou ofri yon pwogram rezidans chirijikal an kolaborasyon ak Brigham and Women’s Hospital.
Aprann plis sou South Shore Health
Southern New Hampshire Health
Southern New Hampshire Health ak Mass General Brigham travay ansanm depi plis pase 18 an pou pote swen kowòdone bon jan kalite bay kominote nan rejyon Nashua a. Grasa kolaborasyon sa a, espesyalis Mass General Brigham travay ak ekip swen Southern New Hampshire Health pou bay swen avanse nan plizyè domèn. Sa gen ladan swen kansè ak aksè nan dènye rechèch yo ak esè klinik.
Kolaborasyon an etann nan plizyè espesyalite, tankou jinekoloji, tete, torasik, ak chiriji vaskilè, konsa pasyan yo benefisye de ekspètiz pataje ak kowòdinasyon san pwoblèm. Lè sa nesesè sou plan medikal, pasyan yo ap resevwa tretman espesyalize nan Mass General Brigham, avèk yon angajman toude bò pou fè pasyan yo retounen lakay yo pou yo kontinye refè epi suiv reyabilitasyon toupre fanmi yo ak moun k ap soutni yo.
Espesyalis Mass General Brigham disponib nan Southern New Hampshire Health pou tretman ak sèvis ki anba la a:
- Swen pou maladi san ak kansè
- Swen pou timoun nan plizyè espesyalite
- Operasyon plastik ak operasyon pou repare pati nan kò a
- Operasyon pou kansè nan ògàn repwodiktif ak nan tete
- Swen a distans pou aksidan vaskilè serebral
- Swen pou pwoblèm nan pwatrin
- Klinik pou evalye moun ki bezwen yon grèf ren
- Operasyon veso sangen