false

Avantaj Kominotè

Kolaborasyon kominotè Newton-Wellesley gen ladan pwogram Avantaj Kominotè pou ogmante aksè ak swen ki bon kalite epi pèsonalize pou pasyan ak kominote nou sèvi.

Evalyasyon Bezwen Sante Kominotè

Nou bay sipò lokal ki efikas rpi kowòdone pou ede rezidan kominote yo rete an sante. Efò sa yo enkli:

  • Sansibilizasyon sou pwoblèm sante
  • Defann chanjman pou amelyore sante
  • Pwogram prevansyon
  • Devlope resous tretman adisyonèl avèk siksè

Newton-Wellesley Hospital travay avèk anpil òganizasyon kominote pou amelyore sante popilasyon ki pa jwenn sèvis yo. Atravè inisyativ ki gen ladan aksè ak swen sante, prevansyon, ak entèvansyon, lopital la ap fè yon diferans nan kominote yo kote nou viv ak travay. Nou regilyèman fè yon evalyasyon bezwen sante kominotè pou konprann bezwen kominote yo, idantifye popilasyon ki vilnerab, ak detèmine mank nan sèvis.