Rekò nou nan sèvi kominote Greater Boston yo
Batiman orijinal Newton-Wellesley Hospital la se yon ti kay an bwa avèk yon chemine nan mitan an.
Okòmansman yo te rele li Newton Cottage Hospital, lopital la te vin enkòpore an 1881 epi li te louvri pou pasyan yo nan mwa jen 1886.
Kronoloji Nou
Sa ki anba a se kèk nan etap enpòtan yo nan long istwa sèvis nou an:
1881: Newton-Wellesley Hospital, ki te premye rele Newton Cottage Hospital, te vin enkòpore an 1881. Lide pou kreye lopital la te kòmanse lè yon reveran lokal, George W. Shinn, te ankouraje majistra Newton nan, Royal M. Pulsifer, pou bay sèvis swen sante pou manm kominote a ki te malad. Yo te achte nèf ekta tè pou konstriksyon an.
1886: Newton Cottage Hospital, ki gen nèf kabann, louvri 5 jen, epi premye pasyan an te admèt 12 jen. Nan fen premye ane a, lopital la trete 40 pasyan.
1890: Premye tibebe a fèt nan lopital la.
1898: Premye timoun yo te admèt nan nouvo Sal Elizabeth Dennison pou Timoun nan lopital la, ki te donnen pa Charles Sumner Dennison an memwa pitit fi li ki te jèn, Elizabeth.
1902: Premye machin X-ray lopital la enstale.
1908: Newton Cottage Hospital, ki kounye a vin tounen yon gwo enstitisyon ki gen kòtaj, tinèl, ak jaden, chanje non li pou vin Newton Hospital
1917: Lopital la te monte tant ak bilding tanporè pou jere epidemi grip la ansanm ak afliyan moun blese ki te soti nan Premye Gè Mondyal la.
1927: Zèl Sid ak Zèl Lès yo te louvri, yo te gen ladan yon etaj espesyal pou aksidan pou pran swen pasyan ijans yo. Pasyan sa yo transpòte pa kèk nan premye anbilans san chwal yo.
1939: Premye doktè rezidan a tan plen rive nan lopital la, sa make kòmansman pwogram edikasyon medikal post-gradyasyon nou an.
1943: Non lopital la chanje pou Newton-Wellesley Hospital.
1945-1948: Depatman Kadyoloji, Sèvis Gastroenteroloji, ak Sèvis Alèji yo etabli.
1954: Sèvis chirijikal nou an te enstale premye pacemaker li..
1962: Lopital la te akeyi yon chaplen ansanm ak yon kowòdonatè chaplen.
1965: Lopital la vin premye nan sèt enstitisyon nan zòn nan ki patisipe nan yon pwogram òdinatè ansanm ki sponsorize pa Asosyasyon Lopital Massachusetts la.
1971: Zèl Lwès lopital la te fini, li te bay nouvo inite pou pasyan nan Òtopedi, Kadyoloji ak Sèvis espesyal, ansanm ak 11 nouvo sal operasyon ak yon inite swen apre anestezi.
1978: Depatman Ijans lan reòganize pou l sèvi sèlman ak doktè ijans ki gen sètifikasyon nan domèn ijans, li vin premye lopital kominotè nan Massachusetts ki mande kondisyon sa a.
1986: Premye tibebe ki fèt atravè fegondasyon in vitro nan lopital la te fèt.
1992: Lopital la te fè premye pwosedi katetè kadyak li.
1999: Lopital la rantre nan sistèm Mass General Brigham, ki te fonde pa Massachusetts General Hospital ak Brigham & Women’s Hospital. Jodi a, Newton-Wellesley Hospital se yon enstitisyon ki entegre nèt nan sistèm nan.
2007: Lopital la resevwa akreditasyon kòm Sant Operasyon Bariyatrik Nivo 1A—pi wo nivo yon sant ka jwenn—ki soti nan American College of Surgeons.
2009: Pwogram Nasyonal Amelyorasyon Kalite Swen Chirijikal (ACS NSQIP) ki anba American College of Surgeons rekonèt Newton-Wellesley Hospital kòm youn nan 26 lopital k ap patisipe nan ACS NSQIP Ozetazini ki reyalize rezilta eksepsyonèl nan swen pasyan chirijikal yo.