false

Angajman anvè Kominote

Salem Hospital, yon manm Mass General Brigham, gen yon angajman depi lontan pou sante ak vitalite kominote nou yo nan North Shore. Salem Hospital te fonde pou sèvi vwazen nou yo ak moun ki nan bezwen, yon angajman ki fò jodi a tankou li te ye yon syèk de sa.

Salem Hospital angaje li pou bay pi bon kalite swen pou chak pasyan ki bezwen nou ak pou amelyorasyon ki mezirab nan eta sante popilasyon lokal la. Antanke yon pati nan pwogram aksyon sosyal nou an, nou travay ak patnè lokal yo pou amelyore pwogram ki egziste deja yo epi devlope nouvo pwogram pou satisfè bezwen sante gwoup priyoritè yo nan kominote nou an. Angajman nou an gen ladan:

  • Redwi disparite nan swen sante
  • Ogmante aksè ak swen pou popilasyon ki vilnerab
  • Elaji pwogram inovatè ki baze sou kominote ak lekòl
  • Ankouraje sistèm sipò sosyal ak familyal
  • Amelyore konesans sou abitid ak konpòtman sen
  • Amelyore opòtinite edikatif ak karyè

Evalyasyon Bezwen Sante Kominote

Evalyasyon Bezwen Sante Kominote Salem Hospital 2021 (CHNA) ansanm ak pwosesis planifikasyon aplikasyon an te fèt pou enfòme efò kominotè nou yo epi pou respekte kondisyon Lwa sou Pwoteksyon Pasyan ak Swen Abòdab.

Komite Zafè Kominote ak Aksè a Sante

Komite zafè Kominotè ak Aksè ak Swen Sante nan Konsèy Direktè Salem Hospital te etabli an 2004 pou ranfòse lyen solid nou genyen ak kominote a depi lontan epi pou avanse objektif sante piblik nou.

Komite a konpoze de 20 manm ki gen ladan Direktè Konsèy, lidè klinik, manm Gwoup Travay Sante Lynn, ak reprezantan ki soti nan sant sante kominotè lokal yo ak lòt òganizasyon kominotè. Ansanm yo sèvi antanke Komite Konsiltatif Avantaj Kominote nou an ak responsablite, fonksyon ak pwosedi ki dekri nan Direktif Avantaj Kominote Avoka Jeneral Massachusetts aktyèl la.

Komite a responsab pou revize evalyasyon bezwen kominotè a ak nenpòt lòt enfòmasyon ki gen rapò ak aksè ak disponiblite swen sante, epi pou sipèvize, revize ak evalye pwogram ak aktivite Salem Hospital yo nan domèn zafè kominotè ak sansibilizasyon kominotè.