Lwe Apatman
Depi ou fin gen yon ide debaz sou katye ou ka vle viv ladan l lan, ou ta dwe deside si ou vle itilize yon ajan imobilye pou ede ou jwenn yon apatman. Mass General Brigham pa ofri lojman pou anplwaye oswa elèv. Enfòmasyon sa yo ap ede ou aprann plis sou lojman nan zòn Boston epi l ap ede ou jwenn yon apatman.
Sa pou w konnen anvan ou kòmanse chèche yon apatman
Vil Boston bay plizyè konsèy sou evite magouy sou kesyon apatman. Pa janm, nan okenn sikonstans, voye lajan bay yon moun san ou pa asire ou gen yon kontra lwaye epi san ou pa konfime administratè pwopriyete a gen dwa legal pou l lwe pwopriyete a. Yon magouy komen se lè pwopriyetè oswa mèt kay la di li pa nan peyi a epi li pa ka montre ou pwopriyete a. Magouyè yo itilize plizyè zouti ak metòd pou mete fo anons sou anpil sit entènèt, kidonk fè atansyon lè w ap egzamine anons sou entènèt yo.
Anvan ou antre, pwopriyetè a (mèt apatman an) ka sèlman kolekte premye ak dènye mwa lwaye a, yon depo sekirite pou yon mwa, ak pri ak enstalasyon pou yon kadna ak kle.
Lè ou wè yon apatman ou vle pou toutbon, ou ta dwe rezève li san pèdi tan.
Pou rezève yon apatman, w ap bezwen siyen yon kontra lwaye, ki se yon kontra pou ou rete nan yon apatman pou yon peryòd tan, anjeneral pou yon ane.
Li detay kontra lwaye a sou responsablite ou si ou ta deside demenaje anvan kontra a ekspire. Si ou pa gen yon kontra lwaye, ou menm oswa pwopriyetè a ka mete fen nan aranjman lojman an ak sèlman yon avi 30 jou.
Gwo batiman apatman yo ka gen espesyal oswa pwomosyon, tankou ba ou premye mwa lwaye a gratis. Ti batiman apatman yo ka negosye yon pi bon pri pou lwaye chak mwa si ou mande sa.
Ou ka mande pou yon pi bon pri si yon apatman disponib nan sezon fredi. Sezon ivè Boston yo frèt, epi moun yo anjeneral pa vle deplase pandan sezon ivè a, kidonk pwopriyetè a ka pi fleksib.
Dawout ak Septanm se mwa ki pi chaje nan ane a pou lwe apatman paske kou inivèsite yo kòmanse an Septanm epi anpil elèv ap deplase pou vin oswa pou kite Boston. Si ou ap demenaje Boston pandan tan sa a, mete yon depo sou yon apatman ou renmen byen rapidpaske yon lòt moun ka pran li imedyatman.
Ajan Imobilye
1) Itilize yon ajan imobilye pou w jwenn yon apatman
Depi ou fin gen yon ide debaz sou katye kote ou vle viv la, deside si ou vle itilize yon ajan imobilye (yo rele tou koutye imobilye oswa ajan imobilye). Yon ajan imobilye se yon moun ou peye pou fè pifò oswa tout rechèch apatman an pou ou. Li pi bon pou idantifye ajan imobilye ou ta renmen anboche twa mwa anvan ou rive Ozetazini paske apatman yo anjeneral idantifye de mwa anvan yo vin disponib.
Ajan imobilye yo ap jwenn apatman yo epi yo ap pran randevou pou ou pou w wè chak apatman.
Yon ajan imobilye itil sitou pou moun ki poko rive Ozetazini paske yo anjeneral gen yon pakèt apatman moun ka chwazi, epi yo gen aksè ak apatman ki pa disponib pou piblik la.
Yon ajan imobilye ap chaje ou yon frè sèlman si ou lwe yon apatman yo te jwenn pou ou oswa si pwopriyetè a ou ta renmen lwe nan men l lan se yon ajan imobilye ki reprezante l. Ajan imobilye yo ap pran yon frè nan men w pou jwenn yon apatman pou ou—anjeneral ant mwatye lwaye yon mwa ak yon lwaye total pou nenpòt apatman ou chwazi. Kèk ajan imobilye se pwopriyetè a yo mande frè a (moun ki posede pwopriyete a) olye de lokatè a (moun ki lwe apatman an).
2) Moun ki peye frè a depann de kijan pwopriyetè yo ka jwenn lokatè byen fasil
Se sèlman yon koutye imobilye ki gen lisans oswa yon vandè ki ka pran yon frè nan men w pou l jwenn yon apatman. Montan an, dat limit la, ak objektif frè a dwe divilge ba ou anvan nenpòt tranzaksyon.
Si ou chwazi pa anboche yon ajan imobilye, sitwèb sa yo ka itil pou w jwenn yon apatman. Tanpri asire ou mande si yon ajan imobilye reprezante pwopriyetè a ak si ajan an ap pran yon frè nan men w si ou chwazi apatman an.
Konsèy sou lojman Boston
Gid konplè pou rechèch yon apatman Boston, se rezidan Boston yo ki kreye l.
Pwopriyetè k ap Patisipe yo
Partners Graduate Medical Education ofri yon pwogram garanti lwaye pou Rezidan ak Medsen ki nan fòmasyon espesyalize avanse ki elijib epi li kenbe yon lis pwopriyetè ki te patisipe nan pwogram lan. Si ou entèrese nan jwenn yon lojman nan men youn nan pwopriyetè sa yo ki gen yon relasyon ki egziste ak Partners, tanpri kontakte yo dirèkteman.
Pi bon pou: Alontèm. Rezidan ak Medsen ki nan fòmasyon espesyalize avanse.
Lojman Harvard deyò kanpis
Lis sa yo sou sit sa a ofri kòm yon sèvis pou pwopriyetè pwopriyete lokasyon lokal yo ak pou etidyan, fakilte ak pèsonèl Harvard University.
Pi bon pou: Akoutèm; Alontèm
Airbnb
Lojman akoutèm okipan aktyèl yo afiche
Pi bon pou: Akoutèm
Rotating Room
Yon sous pou pwofesyonèl ki ap planifye konje sabatik, vizit pwolonje, oswa vwayaj echanj rechèch.
Pi bon pou: Akoutèm
Academic Homes
Yon sèvis lis gratis ki te kòmanse pou bay enfòmasyon sou lojman pou etidyan medikal ki ap fè estaj.
Pi bon pou: Akoutèm
Craigslist
Refere w nan seksyon lojman an pou w jwenn lis apatman Boston yo.
Pi bon pou: Akoutèm; Alontèm
Biwo nou an te jwenn moun ki gen viza yo souvan antre nan Gwoup Lojman Boston (Boston Housing Groups) sou Facebook pou yo jwenn apatman ak kamarad chanm. Men, tanpri fè atansyon ak fwod potansyèl yo.
Kesyon pou w poze yon pwopriyetè potansyèl
Men kèk kesyon pou poze pwopriyetè a anvan ou dakò pou lwe yon apatman (ak lòt bagay pou panse sou yo):
- Kilè apatman an ap disponib pou ou ka antre ladan l?
- Konbyen depo sekirite ki nesesè, epi èske ou dwe peye premye ak dènye mwa lwaye a tou (si pa gen domaj nan apatman an, èske pwopriyetè a ap remèt ou depo sekirite a lè ou kite apatman an)?
- Èske se ou menm oswa pwopriyetè a k ap peye pou sèvis piblik (chofaj ak elektrisite)? Epi kijan yo alimante? Gaz pi bon mache pase elektrisite, epi pri lwil yo chanje souvan. Pwopriyetè a ap toujou peye pou dlo cho a, epi w ap toujou peye pou telefòn lan.
- Si ou dwe peye pou chofaj, konbyen bòdwo chofaj la ye an mwayèn pou sezon fredi a pou lojman an? Sa a trè enpòtan paske li ka fè yon apatman vin pi chè
- Èske gwo aparèy yo ladan l, tankou yon frijidè oswa yon machin pou lave/seche rad? Si pa gen machin pou lave/seche rad nan apatman an, èske batiman an gen yon sal lesiv? Si pa genyen, ki kote lesiv piblik ki pi pre a ye?
- Èske ou ka pataje apatman an ak yon lòt moun (kamarad)?
- Èske gen sistèm klimatizasyon santral? Si pa genyen, èske ou ka itilize yon klimatizè fenèt pandan ete a?
- Èske gen detektè dife ak detektè monoksid kabòn nan apatman an? Yon detektè dife se yon obligasyon legal. Li rekòmande pou ou achte yon detektè monoksid kabòn si pa gen youn ki ladan l
- Ki kote ak kilè lokatè yo jete fatra? Èske gen yon pwogram resiklaj?
- Ki kote ki pi pre yon biwo lapòs, makèt oswa boutik manje, bank, ak transpò piblik ye?
- Èske yo otorize bèt domestik yo?
- Si ou gen yon machin, èske gen plas pakin sou pwopriyete a epi èske plas pakin lan nan lwaye a? Èske yo mande pèmi espesyal pou pakin nan lakou a oswa nan lari ki antoure batiman an?
- Èske se pwofesyonèl netwayaj k ap netwaye apatman an anvan ou antre ladan l? Èske y ap netwaye kapèt yo? Èske y ap pentire mi yo?
- Ki to krim nan katye sa a (ou ka mande sa tou nan depatman polis lokal la)?
- Èske pòt apatman an gen yon seri sekirite ak/oswa yon chèn sekirite pou ede anpeche vòl?
Asirans pou lokatè
Si w ap lwe yon apatman, ou ka vle anvizaje pou w achte yon polis asirans pou lokatè. Asirans pou lokatè se pwoteksyon finansye kont nenpòt vòl, destriksyon, oswa domaj (tankou yon dife) nan pwopriyete ou a.
Antanke yon lokatè, ou pa posede kay la oswa apatman an. Asirans pou lokatè a sèlman kouvri pwopriyete pèsonèl ou (tankou mèb, rad, atik pèsonèl, elatriye).
Pou w jwenn plis enfòmasyon, ou ka rele nenpòt konpayi asirans oswa ou ka vizite sitwèb yo.
Dwa ak responsablite lokatè yo
Pwopriyetè apatman ou an dwe ba ou (lokatè a) ase dlo, ak presyon ki adekwa, pou satisfè bezwen òdinè ou yo. Apatman an dwe gen yon sistèm chofaj ki nan bon eta. Kizin lan dwe gen yon evye ki ase gwo epi ki gen kapasite pou lave asyèt ak istansil kwizin, yon recho ak yon fou ki nan bon eta (sof si kontra ekri ou a mande ou pou w bay pwòp aparèy ou yo), epi espas ak dispozisyon nesesè pou enstalasyon yon frijidè.
Pwopriyetè a pa oblije bay yon frijidè. Men si yo bay yon frijidè, pwopriyetè a dwe kenbe li nan bon eta. Pwopriyetè a dwe kenbe apatman an pwòch san l pa gen nich wonjè (rat, sourit, elt.), ravèt, ak envazyon ensèk, si gen de oswa plis apatman nan batiman an.
Chak pwopriyetè dwe kenbe fondasyon, planche, mi, pòt, fenèt, plafon, twati, eskalye, balkon, chemine, ak lòt eleman estriktirèl nan batiman an pou anpeche van, lapli, ak nèj antre nan batiman. Estrikti a dwe anpeche wonjè antre, li dwe ka reziste ak move tan, li dwe anpeche dlo pase, epi li dwe rete san imidite kwonik. Pa dwe gen okenn obstak tankou nèj nan okenn sòti okipan plis pase yon lojman ap itilize oswa gen entansyon itilize.
Ou gen dwa pou w depoze plent oswa pou w angaje yon aksyon an jistis si yo vyole nenpòt nan atik ki anwo a. Si yo vyole dwa ou genyen antanke yon lokatè, tanpri konsilte Gid sou Dwa Pwopriyetè ak Dwa Lokatè Yo Genyen nan Massachusetts pou w jwenn plis enfòmasyon.
Pwopriyetè ou a, oswa yon ajan pou pwopriyetè ou a, ka sèlman antre nan apatman ou pou rezon sa yo:
- Pou enspekte lokal la
- Pou fè reparasyon
- Pou montre apatman an bay yon lokatè potansyèl, achtè, oswa ipotèkè
- Dapre yon òdonans tribinal, si apatman an sanble abandone
- Pou enspekte lokal la nan 30 dènye jou lokasyon an pou detèmine kantite domaj, si genyen, pou retire nan depo sekirite a
Pwopriyetè a ta dwe rezonab epi li ta dwe eseye fè aranjman avèk ou pou yon lè ki pratik pou vizite apatman an.