false

Divilgasyon pri pou plan sante anplwayè patwone

Règ Transparans nan Kouvèti Asirans lan egzije pou plan sante gwoup ki finanse tèt yo mete dosye lizib pa machin (MRF) disponib ki divilge tarif ki nan rezo a ak montan ki otorize pou moun ki pa nan rezo a ansanm ak chaj ki faktire pou ane plan oswa politik ki kòmanse nan oswa apre 1ye janvye 2022.

Kongrè ak ajans federal yo te gen entansyon pou chèchè, regilatè, lejislatè, defansè pasyan ak konsomatè, elatriye, itilize MRF sa yo pou devlope zouti ak enfòmasyon pou sipòte chwa konsomatè yo.

Konpayi plan sante nou yo ap kreye epi pibliye MRF obligatwa sa yo pou nou.

Tanpri sonje: Akòz gwosè fichye yo, ou ka bezwen yon lojisyèl espesyal oswa yon sistèm ki pi rapid pou w ouvri yo.

Enfòmasyon pri sa yo ki nan gwo dosye sa yo PA yon estimasyon sou depans ou dwe peye yo. Dosye sa yo pa fèt pou pasyan yo epi yo pa reflete depans ou peye soti nan pòch ou. Si ou se yon pasyan, ou ka mande yon estimasyon pri nan men konpayi asirans sante ou a.

Mass General Brigham Health Plan

Telechaje dosye sa yo mande pou w gen ase espas pou w anrejistre yo ak kapasite pou w li dosye JSON sou aparèy ou:

Swen an rezo:

Remak: Elaji seksyon ki rele "Machine-readable files (Fichye machin ka li)" epi klike sou premye fraz la pou w jenere fichye zip la. Nan fichye zip la, chèche "MGB" pou w jwenn URL/fichye ki asosye ak plan MGB yo.

Kijan mwen ka jwenn fichye machin ka li yo?

Dapre direktiv regilasyon yo, fichye machin ka li yo disponib atravè yon lyen piblik sou sit entènèt Mass General Brigham Health Plan. Fichye sa yo aksesib ak yon vizyalizè Notasyon Objè JavaScript (JSON). Pou plis enfòmasyon sou fòma ak aksè a fichye machin ka li yo, tanpri vizite GitHub sou sit entènèt Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid (CMS).

Kijan mwen ka idantifye diferan founisè nan fichye machin ka li yo?

Atravè fichye machin ka li sa yo, itilizatè yo ka jwenn enfòmasyon pou plizyè nan plan nou yo, tankou plan Òganizasyon Antretyen Sante (HMO), Òganizasyon Founisè Preferansyèl (PPO), ansanm ak pwodui rezo ki bay gwo pèfòmans. Pou w lokalize founisè espesifik, itilizatè yo ka fè referans ak founisè yo selon kòd Idantifyan Nasyonal Founisè (NPI) yo, yo ka jwenn sou sit entènèt CMS la: https://npiregistry.cms.hhs.gov/.

Ki kondisyon ki genyen pou sistèm ak navigatè pou aksè a fichye machin ka li yo?

Yo ka jwenn fichye machin ka li yo ak nenpòt navigatè entènèt ki gen kapasite telechajman. Fichye sa yo trè konplèks, e yo ka depase 1 jigabayt nan gwosè, sa ki ka mande yon òdinatè ki gen plis memwa (RAM) oswa plis espas estokaj.

Blue Cross Blue Shield of Massachusetts

Nan chan "Table of Content Files (Tablo Kontni Fichye)" a, chwazi "Self-Insured TOC (TOC ki finanse tèt yo)", epi apre sa klike sou Download (Telechaje). Nan fichye a, chèche "043230035" pou w jwenn URL fichye tarif an rezo a epi navige ale nan fen fichye a pou w jwenn fichye kantite yo otorize yo.

Dapre FAQ BCBSMA yo: Fichye tablo kontni an konbine plizyè fichye tarif yo otorize nan rezo a nan yon sèl fichye endèks. Plan ki gen menm done negosye (kantite yo otorize) yo ka gwoupe nan yon sèl seri nan fichye tablo kontni an.

OSWA

Nan meni dewoulan an "Select Plan Type (Chwazi Kalite Plan)", chwazi "EIN" epi antre 043230035. Telechaje tout dosye yo oswa chwazi sèlman dosye tarif pou founisè PAR ki nan rezo a pou swen ki nan rezo a epi woule desann nan lis la pou w chwazi dosye kantite yo otorize pou founisè PAR pou swen ki deyò rezo a.

Gen anpil founisè ki soti nan lòt eta ki ap parèt nan rezilta yo.

Dapre FAQ BCBSMA yo: Manm nou yo resevwa sèvis founisè ki ni nan eta a ni deyò eta a. Nou rekòmande pou mete founisè sèvis swen sante ki deyò eta a tou, pou enfòmasyon yo pi konplè, konsa kont yo oswa manm yo ka konprann pri sèvis swen sante yo, kèlkeswa kote sèvis la resevwa a. Malgre sa pa rekòmande, itilizatè ki pa vle wè depans ki gen rapò ak founisè ki deyò eta a ap kapab dezaktive fichye ki konsène yo anvan yo telechaje MRF yo.

Harvard Pilgrim Health Plan

Swen nan rezo

Swen deyò rezo

Nòt: Nan seksyon "Access the machine-readable files (Aksè a fichye machin ka li yo)", klike sou "View Plan List (Gade Lis Plan an)" epi woule desann pou w jwenn Mass General Brigham.

Tufts Health Plan

Nòt: Nan seksyon "Access the machine-readable files (Aksè a fichye machin ka li yo)", klike sou "View Plan List (Gade Lis Plan an)" epi woule desann pou w jwenn Mass General Brigham.