Bòdwo Swen Ijan
Kote yo faktire kòm yon vizit nan biwo doktè
- Mass General Brigham Express Care (Amherst, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Andover, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Boston Common)
- Mass General Brigham Express Care (Brookline, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Danvers, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Greenfield, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Lawrence, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Lynn, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Natick, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Newton, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Northampton, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Pembroke, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Southampton, MA)
- Mass General Brigham Express Care (South Weymouth, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Westwood, MA)
- Mass General Brigham Express Care (Woburn, MA)
Kote yo faktire kòm yon vizit pasyan ekstèn nan lopital :
Kesyon yo poze souvan sou faktirasyon nan kote sa yo
Pou kote biwo doktè espesyalize yo
- Pou sèvis yo faktire kòm yon vizit doktè oswa enfimyè pratisyen, yo anjeneral limite depans ou yo ak ko-pèman ki nesesè daprè plan asirans sante w.
Nou pral mande ko-pèman w lan lè w anrejistre pou vizit la.
Pou kote lopital pou pasyan ekstèn yo
- Pou sèvis yo faktire kòm yon vizit doktè oswa enfimyè pratisyen, yo anjeneral limite depans ou yo ak ko-pèman ki nesesè daprè plan asirans sante w la.
- Ou pral tou resevwa yon bòdwo pou sa yo rele souvan yon "frè etablisman" pou itilizasyon espas lopital la, ekipman, ak pèsonèl sipò.
Plan asirans sante ou an ka mete frè lopital sa yo sou dediktib anyèl ou, e aprè ou fin peye dediktib ou a nèt, ou ka resevwa yon bòdwo pou yon pèman ko-asirans.
Nou pral mande ko-pèman ou an lè w anrejistre pou vizit la.
Nou pral voye yon bòdwo ba ou si gen nenpòt balans ou pa ko peye aprè nou resevwa pèman pou vizit ou a nan men plan asirans sante ou a.
Se dwa ou pou resevwa yon estimasyon sou pri vizit ou anvan vizit la. Tanpri kontakte Solisyon Faktirasyon pou Pasyan yo omwen de jou ouvrab anvan vizit ou a pou jwenn yon estimasyon:
Telefòn
617-726-3884
Lendi: 8:00 a.m.–4:30 p.m. ET
Madi: 8:00 a.m.–4:30 p.m.
Mèkredi: 8:00 a.m.–4:30 p.m.
Jedi : 9:00 a.m.–4:30 p.m.
Vandredi: 8:00 a.m.–4:30 p.m.
Imèl
patientbilling@partners.org sèlman pou kesyon jeneral; yon reprezantan ap reponn jeneralman nan twa jou ouvrab.
(Tanpri itilize www.patientgateway.org pou wè detay sou kont ou, voye mesaj ak enfòmasyon konfidansyèl, oswa peye bòdwo ou yo.)
Adrès postal
Kominikasyon sèlman (pa pou chèk)
Mass General Brigham
Solisyon Bòdwo pou Pasyan
399 Revolution Drive, Suite 410
Somerville, MA 02145-1462
Tanpri gen plis detay posib sou pwochen vizit la, ki gen ladan non founisè, adrès ak detay sou sèvis oswa pwosedi y ap planifye a.
Tanpri kontakte depatman Sèvis pou Manm yo nan plan asirans sante ou a pou verifye kouvèti ou a ak responsablite finansye w pou sèvis swen ijans/san randevou yo bay nan nenpòt nan kote yo liste nan paj sa a. Anjeneral, yo mete nimewo telefòn sa a sou kat asirans ou an.