false

Kesyon ak repons Allison Bryant Mantha: Fè Swen Klinik yo pi Ekitab

Doktè ak pasyan ki mete mask epi k ap pale.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3003228

Allison Bryant Mantha, MD, MPH, se yon gwo defansè ekite nan swen sante. Nan wòl li kòm ofisye anchèf adjwen pou ekite nan domèn sante nan Mass General Brigham, li dirije efò pou ankouraje ekite nan swen klinik ak nan sante kominotè nan kad United Against Racism (Ini Kont Rasis) Sa a se yon efò ki òganize pou konfwonte rasis nan swen sante epi transfòme Mass General Brigham an yon sistèm anti-rasis. Doktè Bryant pratike tou medsin matènèl-fetal nan Massachusetts General Hospital.

Nan kesyon-repons sa a, Doktè. Bryant pale sou travay li pou konbat rasis nan swen sante nan kad United Against Racism.

K: Poukisa li difisil pou pasyan yo pale sou rasis nan swen sante yo?

Bryant Mantha: Nou tout te konn itilize diferan tèm pou evite pale dirèkteman sou pwoblèm rasis la. Nou te pale sou patipri ki kache epi sou lòt fason pou dekri sa k ap pase ak pasyan yo. Men, se vrèman yon eritaj rasis estriktirèl—epi pafwa entèpèsonèl—epi li tèlman gaye ke pafwa moun pa rele l pou sa li ye a.

Souvan gen yon yerachi nan medsin ant pasyan yo ak founisè swen sante yo. Souvan, nou menm founisè, nou pa kreye espas akeyan pou pasyan yo pataje istwa yo avèk nou. Sa se yon bagay n ap eseye chanje epi pran tan pou nou fè, pou nou ka vrèman tande eksperyans moun yo epi aprann kijan pou trete yo pi byen alavni.

Pasyan yo pa toujou alèz pou yo pale lè yo fè fas ak rasis. Pafwa, moun yo retounen vin pale avèk nou sou eksperyans yo te fè nan tan lontan ak rasis oswa diskriminasyon. Gen yon konvèsasyon piblik k ap fèt sou swen sante ak tretman ki pa ekitab, epi sa ap ede anpil moun santi yo gen pouvwa pou yo pale apre reyalite a—men se pa toujou nan moman egzak swen an.

K: Kijan United Against Racism ap abòde rasis nan swen sante?

Bryant Mantha: United Against Racism se fason Mass General Brigham rekonèt istwa nou epi rekonèt ke swen n ap bay yo pa toujou ekitab.

Se yon fason pou fè nou avanse pou nou vin yon sistèm anti-rasis. Se yon metòd ki byen reflechi pou abòde bagay n ap fè ki afekte sante pasyan nou yo ak manm kominote nou an.

Atravè United Against Racism, nou ap abòde twa gwo kesyon:

  1. Kijan nou ka mete prensip kont rasis nan fason nou prezante tèt nou nan travay chak jou ak nan anviwònman travay nou?
  2. Kijan nou pran swen pasyan nou yo epi travay pou jwenn pi bon rezilta pou tout moun pandan n ap rekonèt eritaj rasis estriktirèl la ak efè li sou rezilta sante yo?
  3. Kijan nou ka rekonèt epi chanje inegalite nan rezilta sante pou kominote n ap sèvi yo?

K: Kijan kominote pasyan yo afekte sante yo?

Bryant Mantha: Rezilta sante nou yo depann de anpil lòt bagay ke swen n ap resevwa yo. Detèminan sosyal sante yo—kondisyon ki nan kominote kote n ap aprann, viv, epi travay—jwe yon wòl esansyèl nan sante nou.

Pa egzanp, estabilite lojman ak travay gen anpil rapò ak rezilta sante ou ak bagay ou kapab bay priyorite. Gen plizyè kominote ki gen divès nivo aksè ak manje ki kapab nouri yo. Pasyan yo ka pa kapab pran konje nan travay yo pou yo ale nan randevou swen sante. Yo ka pa gen gadri pou timoun yo. Yo ka fòse yo chwazi ant peye pou ensilin yo, lwaye yo, ak/oswa randevou swen sante yo.

Youn nan travay nou atravè United Against Racism (Ini Kont Rasis) se konprann avantaj ki genyen nan kominote yo k ap ede yo rete an sante, ak detèminan sosyal sa yo tou ke yo ka bezwen èd avèk yo pou yo rive viv pi an sante. Nou poze kesyon tankou “Kijan ou ye an tèm de aksè a manje ki an sante? Èske ou bezwen èd pou transpò? Èske ou bezwen èd ak plis resous pou edikasyon?” Epi apre sa, lè pasyan yo enterese resevwa kèk nan resous sa yo, eseye entegre yo nan swen woutin.

Nou swete, yon jou, n ap rive nan yon nivo kote nou ka ede tout pasyan yo regilyèman diminye risk sosyal pou amelyore rezilta sante yo.

K: Èske ou ka pataje kèk nan travay sou ekite rasyal ou te fè nan karyè ou?

Bryant Mantha: Anpil nan travay mwen te fè pi bonè nan Mass General Hospital te konsantre sou sansibilize pwofesyonèl swen sante nou yo sou inegalite ki egziste nan sistèm nan.

Lè depatman nou an te konn reyini pou analize estatistik nou yo konsènan akouchman pa sezaryèn, reyadmisyon, oswa emoraji, pa egzanp, nou te konn pran tan pou nou mete aksan sou diferans ki genyen nan rezilta sa yo selon faktè pasyan yo. Nou te konn di, pa egzanp: Men risk reyadmisyon pou pasyan nwa nou yo, pasyan blan nou yo, pasyan Latinx nou yo, ak pasyan ki pa pale angle nou yo.

Sa te fè moun yo santi yo alèz—oswa mal alèz—ak lefèt ke swen nou yo pa t vrèman ekitab eke inegalite sa a te reprezante yon menas pou kalite swen jeneral nou an.

Nou te kòmanse entegre plis eksperyans lavi pasyan nou yo nan prezantasyon nou yo sou rezilta sante negatif yo: Kijan pasyan an te parèt? Ki ras ak etnisite pasyan an? Ki preferans lang pasyan an? Ki kalite asirans pasyan an te genyen? Sa te fè moun yo kòmanse reflechi sou wòl posib varyasyon sa yo nan tretman pasyan an.

Nou te kòmanse tou yon pwosesis anonim pou rapòte eksperyans rasis oswa diskriminasyon nan lavi chak jou kèk manm kominote travay nou an. Pwojè sa a gen lyen ak travay n ap fè kounye a, nan United Against Racism (Ini Kont Rasis), pou konstwi yon kilti kote moun rapòte epi jwenn repons konfyans pou ka rasis.

Mwen vrèman kontan dèske Mass General Brigham envesti nan fè ekite nan swen sante tounen yon priyorite. Nou espere ke travay nou an ka sèvi kòm yon modèl, an menm tan n ap kontinye aprann nan men lòt òganizasyon nan peyi a.

Allison Bryant Mantha, MD, MPH

  • Senior Medical Director for Health Equity, Mass General Brigham

K: Ki sa ki genyen k ap vini pou United Against Racism (Ini Kont Rasis)?

Bryant Mantha: Youn nan pwogram prensipal nou yo ki vrèman kòmanse pran anplè kounye a se pote swen kalite siperyè nou yo pi pre kominote nou yo avèk swen mobil. Tansyon wo ak pwoblèm konsomasyon sibstans se de priyorite ekite pou Mass General Brigham—donk bay kalite swen sa a nan yon anviwònman mobil ede nou ofri pi bon aksè pou pasyan nou yo.

Yon gwo pati nan travay n ap fè atravè United Against Racism (Ini Kont Rasis) se sou aksè nan lang. Nou espere kominike ak pasyan nou yo nan lang yo prefere a nan yon fason ki konsistan epi ki gen kalite. Sa ka vle di ofri swen nan men anplwaye bileng ki sètifye pou ofri swen nan sèten lang oswa itilize entèprèt medikal ki fòme epi asire moun yo gen aksè fasil ak yo.

Mwen tèlman fyè de pwogram kowòdonatè aksè dijital nou an, ki bay pasyan nou yo ki gen mwens konesans dijital sipò dirèk pou itilize pòtay pasyan nou an ak zouti dijital enpòtan pou sante yo.

Travay n ap fè sou detèminan sosyal sante yo pral bay pasyan yo ak kominote nou yo zouti ki nesesè anpil pou yo rive jwenn sante epi nou espere elaji sa a nan kèk ane k ap vini yo.

Mwen vrèman kontan dèske Mass General Brigham envesti nan fè ekite nan swen sante tounen yon priyorite. Nou espere ke travay nou an ka sèvi kòm yon modèl, an menm tan n ap kontinye aprann nan men lòt òganizasyon nan peyi a.