false

Byomekanik espò

Kontribitè
Beth Wilcox, PhD
De fanm k ap patisipe nan yon evalyasyon syans espò nan yon etablisman atletik ki andedan. Youn nan fanm yo, ki abiye ak rad espò, gen makè reflektif pou swiv mouvman ki tache sou bra li ak sou lestomak li. Lòt fanm nan, ki se yon chèchè, ap ajiste makè yo pou l asire l yo byen plase.

Byomekanik espò se etid mouvman atlèt yo ak fòs entèn ak ekstèn kò a pwodui oswa ki aji sou kò a pandan aktivite espòtif yo. Itilizasyon byomekanik nan espò ka ede atlèt yo rive nan pi gwo nivo pèfòmans pandan l ap diminye risk pou yo blese. Dapre Beth Wilcox, PhD, chèchè nan medsin espò nan Center for Sports Performance and Research (sant rechèch sou pèfòmans nan espò) nan Mass General Brigham, yon rezo lopital ak sant swen: "Ekip espò pwofesyonèl yo rekonèt enpòtans byomekanik nan espò. Kounye a, anpil ladan yo gen espesyalis nan byomekanik k ap travay a plen tan pou yo. Etidye fason atlèt yo deplase, kit yo se pwofesyonèl ki gen eksperyans kit yo se amatè ki fèk kòmanse, ka bay leson ki gen anpil valè pou ede dekouvri potansyèl yo epi amelyore pèfòmans yo yon fason eksponansyèl.”

Kisa byomekanik la ye?

Byomekanik se yon domèn syantifik ki aplike lwa mekanik ak fizik yo nan mouvman èt vivan yo. Nan sans ki pi laj la, domèn sa a etidye fason selil misk yo kontrakte, demach yon chwal k ap kouri ak mouvman konplèks tout kò yon dansè.

Byomekanik nan espò se yon domèn ki pi espesifik. Li bay atlèt, antrenè ak pwofesyonèl medsin espò enfòmasyon pou amelyore pèfòmans epi diminye risk pou atlèt yo blese. Evalyasyon byomekanik yo ka idantifye modèl mouvman ki pa efikas, mezire fòs wotasyon nan chak jwenti, idantifye dezekilib nan misk yo, siveye fatig epi mezire amelyorasyon kalite mouvman yon atlèt pandan reyabilitasyon.

Kinetik ak sinematik: ki diferans ki genyen?

Kinetik ak sinematik se de branch enpòtan nan byomekanik. Kinetik egzamine fòs ki lakòz mouvman, tankou fòs miskilè ak gravite, tandiske sinematik mezire karakteristik mouvman yo, tankou vitès ak akselerasyon.

Enpòtans byomekanik nan espò

Gen twa fason prensipal byomekanik itil nan espò:

  • Amelyore pèfòmans: Etidye mouvman yon atlèt ka montre ki kote li kapab amelyore teknik li, pwodui plis fòs, konsève enèji epi optimize moman li fè mouvman ki espesifik ak espò li a. Pa egzanp, analiz byomekanik nan bezbòl ka montre pwoblèm nan fason yon lansè fè mouvman youn apre lòt. Pwoblèm sa yo ka anpeche l voye boul la osi vit misk li yo pèmèt li.
  • Anpeche blesi: Evalyasyon byomekanik yo kapab ede tou anpeche blesi epi amelyore pwotokòl rekiperasyon yo. Pa egzanp, analiz byomekanik jwè baskètbòl yo ka idantifye pwoblèm nan fason yon jwè chanje direksyon oswa ateri apre yon so. Enfòmasyon sa yo ede antrenè yo prepare egzèsis pou korije fason moun nan bouje. Sa ka diminye risk pou blesi nan jenou, tankou yon menisk ki chire oswa yon ligaman kwaze devan (ACL) ki chire.
  • Amelyore ekipman: Byomekanik kapab sèvi tou pou konprann relasyon ki genyen ant atlèt la, anviwònman li, ak ekipman li. Yo itilize tès byomekanik nan konsepsyon ak devlopman soulye espòtif, rad espòtif ak ekipman pwoteksyon. Pa egzanp, analiz byomekanik soulye pou kouri ka ede devlope pwodui ki amelyore efikasite kouri oswa ki absòbe pi byen enpak pye yo lè yo frape tè a. Yo sèvi ak byomekanik tou pou devlope ak teste nouvo teknoloji espò, tankou aparèy moun mete sou kò yo, pwotèz ak ekipman adapte pou atlèt ki gen andikap.

Etidye fason atlèt yo deplase, kit yo se pwofesyonèl ki gen eksperyans kit yo se amatè ki fèk kòmanse, ka bay leson ki gen anpil valè pou ede dekouvri potansyèl yo epi amelyore pèfòmans yo anpil.

Beth Wilcox, PhD

  • Research Scientist, Mass General Brigham

Analiz byomekanik nan espò

Analiz byomekanik nan espò pran plizyè fòm. Yon antrenè oswa yon pwofesyonèl medikal k ap evalye vizyèlman demach yon kourè sou yon tapi woulan se yon fòm senp byomekanik espò. Analiz byomekanik ki pi avanse yo sèvi ak teknoloji pou etidye mouvman atlèt yo pi byen pase sa je moun ka wè poukont li.

Teknoloji byomekanik nan espò

Teknoloji byomekanik gen ladan l yon gran varyete aparèy, tankou:

  • Sistèm pou kaptire mouvman an 3D: Sistèm ki gen plizyè kamera ki swiv epi anrejistre avèk presizyon mouvman atlèt yo nan 3 dimansyon
  • Kamera gwo vitès: Kamera ki pran anpil imaj pa segonn pou analize mouvman nan santyèm oswa milyèm segonn
  • Plak pou mezire fòs: Platfòm ki enstale nan planche a pou mezire fòs yon atlèt egzèse lè l ap kanpe, mache, sote oswa kouri
  • Inite mezi inèsyèl (IMUs): Aparèy ou ka mete sou kò ou, ki gen detèktè tankou akselewomèt ak jiwoskòp pou mezire mouvman
  • Elektwomyografi (EMG): Mezi aktivite elektrik misk yo pandan pèfòmans atletik

Kesyon yo poze souvan sou byomekanik nan espò ak egzèsis

Kijan yo itilize byomekanik nan espò?

Yo itilize byomekanik pou analize mouvman yon atlèt ak fòs kò atlèt la pwodui epi fòs k ap aji sou li. Analiz sa a ka ede atlèt la amelyore teknik li, optimize pèfòmans li, ak/oswa minimize risk pou li blese. Yo ka itilize byomekanik tou pou konprann relasyon ki genyen ant atlèt la, anviwònman li, ak ekipman li itilize. Yo sèvi ak tès byomekanik pou konsevwa ak devlope ekipman espò, tankou soulye, rad, ekipman pwoteksyon, aparèy moun mete sou kò yo, pwotèz ak ekipman adapte pou atlèt ki gen andikap.

Kijan byomekanik ka itil antrenè espòtif yo ak espesyalis nan preparasyon fizik yo?

Antrenè yo ka sèvi ak byomekanik pou analize pèfòmans jwè yo epi idantifye teknik ki pa efikas. Yo ka ede jwè yo evite blesi oswa refè apre yon blesi, epi prepare egzèsis pou ranfòse kote atlèt yo pi fèb.

Ki kèk egzanp byomekanik nan lavi chak jou?

Byomekanik pa konsène espò sèlman. Nou kapab konprann pifò bagay nou itilize oswa kominike avèk yo nan yon pèspektiv byomekanik. Pa egzanp, moun k ap konsevwa otomobil yo dwe konsidere fason kò moun deplase pou yo ka konstwi machin ki konfòtab epi ki fasil pou itilize. Byomekanik eksplike anpil pwoblèm mouvman ki komen tou: "text neck" (doulè nan kou akoz telefòn) se yon egzanp pafè yon pwoblèm byomekanik ki soti nan fason nou itilize yon objè chak jou tankou telefòn selilè. "Text neck" refere a tansyon ak malèz nan kou a ak nan wo do a ki rive lè yon moun rete tèt bese nan aparèy mobil li pandan yon peryòd ki long. Pozisyon sa a ka lakòz misk yo fatige epi fè mal.

Kisa egzèsis byomekanik yo ye?

Mouvman ou yo, menm sa ou panse a epi pratike pandan antrènman espò, soti nan abitid ou. Abitid sa yo kapab bon (tankou fè eskwat pandan jenou w rete nan menm liy ak zòtèy ou) oswa pa bon (leve pwa ak do ou). Egzèsis byomekanik yo se mouvman ou repete pou ede ou bouje pi byen epi pran pi bon abitid.

primary
internal
Aprann plis sou Sant pou Pèfòmans ak Rechèch Espòtif Mass General Brigham nan
/content/unified-xwalk/ht/services/center-sports-performance-research