false

Kanpe san k ap koule: Sa pou w fè nan yon ijans

De moun k ap ede ap travay pou kanpe san k ap kouke apre yon aksidan.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3012201

Blesi ki lakòz san koule rive souvan Ozetazini. Aksidan ka rive lakay, nan espas travay, oswa pandan w ap patisipe nan espò oswa lòt aktivite lwazi.

Anpil kay ak kote moun travay gen twous premye swen ou ka itilize pou ede kontwole ti senyen. Si san an ap koule anpil oswa si w lwen yon lopital, ou ka ede anpil nan yon ijans si w rete kalm epi w aji vit.

Sa ki pi enpòtan, swiv pwosedi ijans yo pou pwoteje ou menm ak moun ki blese a kont plis blesi oswa enfeksyon. Doktè ki bay swen ijans nan Mass General Brigham, Regan Marsh, MD, MPH, pataje etap ou ka pran tousuit si yon moun ki toupre w ap senyen akoz yon blesi. Aprann kijan pou w kanpe san k ap koule ak sa pou w fè si san an ap koule anpil.

Etap 1: Asire w ke zòn nan an sekirite pou w ka ede moun ki blese a.

Si pa gen okenn danje imedya:

  • Deplase moun nan pou mete l yon kote ki an sekirite si w kapab.
  • Mete gan ak pwoteksyon pou je si yo disponib. Sa ede anpeche pwopagasyon VIH oswa lòt enfeksyon ki transmèt nan san.

Etap 2: Rele 9-1-1 si san k ap koule a mande swen ijans.

San k ap koule a ka mande swen ijans si li:

  • Sanble grav
  • Ap soti an jè nan yon blesi oswa ap koule soti nan yon atè
  • Soti nan yon blesi nan kou, nan pwatrin oswa nan vant
  • Pa sispann apre ou fin peze dirèkteman sou blesi a pandan 10 minit

Etap 3: Kanpe san k ap koule.

Eseye sispann oswa kontwole san k ap koule jiskaske èd rive:

  • Peze san rete sou blesi a ak yon twal pwòp, twal gaz oswa yon mouchwa papye jiskaske senyen an sispann. Pa retire twal la, menm si san an tranpe ladan l.
  • Si san an travèse bandaj yo, mete plis materyèl sou blesi a epi kontinye peze dirèkteman sou li san rete.

Itilize yon garo pou gwo senyen

Pou blesi nan bra oswa nan janm ki ap senyen anpil epi ki pa sispann senyen lè w peze dirèkteman sou yo, konsidere mete yon garo. Yon tourniquet se yon kòd oswa yon bann yo sere nan yon manm, anjeneral anlè yon blesi, pou sispann koule san an nan yon venn oswa yon atè. Lè yo itilize l kòrèkteman, yon garo ka anpeche yon moun pèdi twòp san epi evite l mouri akoz pèt san.

Kijan pou mete yon garo

Sèvi ak gid etap pa etap sa a pou mete yon garo. Kanpay Stop the Bleed (Kanpe senyen an) te devlope gid sa a. Gid la ede moun ki la yo jere yon ijans kote yon moun ap senyen anvan sekouris yo rive.

Anvan ou sèvi ak yon garo, asire w ou swiv direktiv ki anba yo:

  • Sèvi ak yon garo sèlman si ou te resevwa fòmasyon pou itilize youn kòrèkteman.
  • Sèvi sèlman ak garo premye swen ki disponib pou achte.
  • Sèvi ak yon garo sèlman pou blesi grav nan gwo atè yo, pou anpeche moun nan pèdi yon kantite san ki mete lavi l an danje.

Etap 4: Swen apre senyen an sispann

Si ou ka sispann senyen an lakay ou, netwaye blesi a dousman lè w swiv etap rekòmande ki anba yo:

Sa pou w fè:

  • Netwaye blesi a dousman lè w sèvi ak savon ak dlo sèlman.
  • Mete pomad antibyotik sou blesi a pou diminye risk enfeksyon.
  • Kouvri blesi a ak yon pansman esteril.

Sa pou w pa fè:

  • Sèvi ak alkòl, yòd oswa dlo oksijene pou netwaye yon blesi. Menmsi pwodui sa yo ka touye bakteri danjere, yo ka domaje tisi ki antoure blesi a anpil tou, epi yo ka retade gerizon blesi a.

Aksidan rive, epi sekouris ijans yo ka pran tan pou yo rive. Swiv etap sa yo epi w ap fè pi byen ou kapab pou estabilize sitiyasyon an pandan w ap tann èd.