Bagay pou ou atann ak yo nan egzamen je pitit ou a
Melanie Kazlas, MD
Anpil devlopman esansyèl fèt pandan pitit ou a ap grandi,tankou kapasite pou wè byen. Pitit ou a fè tès vizyon pandan vizit medikal regilye yo epi pita nan lekòl. Men, tès sa yo pa egzamen konplè yo ye epi yo ka pa detekte kèk pwoblèm nan je.
"Nou dwe dekouvri nenpòt pwoblèm ki ta ka afekte vizyon timoun yo depi byen bonè," se sou sa Melanie Kazlas, MD, ensiste. Antanke oftalmològ (espesyalis je) pou timoun nan Mass General Brigham, Dr. Kazlas ede anpeche pwoblèm vizyon ki dire tout lavi pou timoun. Li trete pasyan nan Mass Eye and Ear.
Kilè pitit ou a ta dwe fè yon egzamen je?
"Pifò timoun ta dwe fè premye egzamen je yo ak yon doktè swen je pou timoun ki genyen ant 3 ak 5 an, epi apre sa yon fwa chak 2 an," se sa doktè Kazlas di. Entèval laj sa a bay doktè je yo ase tan pou idantifye epi trete pwoblèm je yo anvan yo vin pèmanan.
Men, ou ka pran yon randevou nan nenpòt ki laj pou pitit ou a, menm lè li se yon tibebe oswa li gen 2 an. Ou ta dwe fè yon egzamen je pou pitit ou pi bonè si:
- Ou gen enkyetid sou vizyon pitit ou a.
- Pitit ou a echwe tès vizyon li nan vizit pedyat oswa nan lekòl.
- Pitit ou a te fèt anvan tèm (nan 32 semèn gwosès oswa mwens), sa ki lakoz gen plis risk pou pwoblèm je.
- Ou gen yon istwa fanmi pwoblèm je pandan anfans, tankou strabism (je lolo), anbliyopi (vizyon twoub nan yon je), oswa bezwen linèt.
Siy pwoblèm je lakay timoun
Pitit ou a pa toujou ka di ou si yon bagay pa bon, sitou lè li se yon tibebe oswa yon timoun piti. Sepandan, ou ka veye pou siy avètisman pwoblèm je yo.
"Mwen rele sa entwisyon manman ak papa, lè ou gen yon santiman nan kè ou ki di gen yon bagay ki pa nòmal ak pitit ou," se sa doktè Kazlas di. "Ou dwe kwè nan entwisyon ou."
Li mete aksan sou prensipal rezon ki fè ou dwe wè yon espesyalis je touswit:
- Pitit ou a pa gade ou nan je byen oswa li pa gade figi ou.
- Pitit ou a reyaji ak son olye li reyaji ak bagay ki nan chan vizyon li.
- Je pitit ou a pa sanble ap deplase ansanm; youn nan je yo ka kwaze oswa gade nan yon lòt direksyon.
- Youn nan je pitit ou a sanble pi gwo pase lòt la.
- Youn nan po je pitit ou a parèt pi ba pase lòt la.
- Ou wè yon tach blan nan je pitit ou a nan foto li.
Tès yo fè pandan egzamen je pitit ou a
"Nou eseye fè egzamen je yo tounen yon eksperyans amizan pou timoun yo otank posib," se sa doktè Kazlas di. "Nou konnen yo ka estrès pou ni timoun yo ni paran yo."
Espesyalis je yo adapte chak vizit selon laj ak etap devlopman pitit ou a. Doktè. Kazlas itilize jwèt, stikè, limyè koulè, ak desen anime nan egzamen je pou timoun ki pi piti yo. Li itilize tou non ki fasil pou timoun yo konprann pou tès je ak zouti yo, sa ki fè egzamen an parèt pi enteresan.
Doktè a pral tcheke je pitit ou a pou wè si yo byen aliyen, si li byen jije pwofondè, epi pou mezire presyon je a. "Nou itilize tou lantiy ak enstriman espesyal pou nou gade retin nan (dèyè je a) ak nè optik la (ki voye enfòmasyon soti nan je yo ale nan sèvo a)," se sa doktè Kazlas eksplike.
“Nou vle idantifye pwoblèm sante ki ta ka vin lakoz anbliyopi, oswa vizyon twoub pèmanan nan yon je," se sa li eksplike. "Anviwon 5% popilasyon an gen anbliyopi, epi gen yon peryòd tan limite kote nou ka trete l."
Kijan doktè yo teste vizyon timoun yo?
Tès vizyon, ki tcheke kijan pitit ou a wè byen, fè pati tou yon egzamen je konplè. "Nou itilize diferan tès vizyon selon si timoun nan se yon tibebe, yon timoun piti, yon timoun ki nan lekòl matènèl, oswa ki pi gran," se sa doktè Kazlas eksplike.
Si pitit ou a gen:
- Mwens pase 2 mwa: Espesyalis je yo pral gade jan tibebe w la fikse je l ak jan je l deplase. Y ap itilize tou yon flach pou yo tcheke nwa je tibebe ou a.
- Ant 2 ak 4 mwa: Pifò tibebe kòmanse swiv jwèt ak je yo nan laj sa a. Doktè yo pral tcheke kijan pitit ou a gade jwèt yo ak tou de je, epi chak je separeman.
- 6 mwa a 3 an: Rechèch yo montre timoun ki nan laj sa a prefere gade yon modèl ki gen bann nwa ak blan pase yon fon ki koulè gri senp. Doktè yo itilize tès ki gen ladan modèl sa a pou tcheke vizyon timoun yo.
- 3 a 6 an: Nan laj sa a, pifò timoun ka di doktè je a sa yo wè. Jwèt kote timoun yo matche senbòl ak fòm yo ka ede verifye vizyon yo.
- Nan kindègadenn oswa pi gran: Depi pitit ou a konnen ABC li yo, doktè yo itilize tablo je konvansyonèl ak lèt ki soti nan alfabè a.
"Pafwa pandan timoun yo ap grandi, je yo chanje tou," se sa doktè Kazlas di. "Prepare ou pou konnen vizyon pitit ou a ka chanje chak fwa nou tcheke je li ak vizyon li."
Pwoblèm je timoun yo diferan paske vizyon yo poko sispann devlope. Gen kèk pwoblèm je se timoun ki genyen yo sèlman. Espesyalis je pou timoun yo gen fòmasyon espesyalize nan vizyon timoun ki depase sa lòt pwofesyonèl swen pou je yo genyen.
Melanie Kazlas, MD
- Espesyalis je pou timoun
- Mass General Brigham
Èske timoun yo bezwen fè dilatasyon nan je yo?
Repons kout la se wi. "Gout yo pèmèt nou wè estrikti ki nan dèyè je a." Yo pèmèt nou tou tcheke avèk presizyon si yo bezwen linèt," se sa doktè Kazlas di. "Lè nwa yo dilate (vin pi laj), nou ka detèmine si pitit ou a gen miyopi, ipèmetwopi, oswa astigmatis san li bezwen di nou anyen."
Dr. Kazlas konpare gout yo ak dlo ki antre nan je ou lè ou nan bennwa oswa nan pisin. Si gout pou dilate je yo fè timoun ou an pè anpil oswa yo lakoz li twò boulvèse, mande doktè a si li posib pou itilize gout pou je yo lakay ou. Ou ka mete yo nan je pitit ou a nan aswè anvan egzamen je li a.
Chwazi yon doktè je pou timoun
Lè w pare pou pran yon randevou pou pitit ou a, ki kalite espesyalis je ou ta dwe wè? Si pitit ou a gen 10 an oswa mwens, Dr. Kazlas rekòmande pou ou ale wè yon espesyalis je pou timoun. Doktè sa yo espesyalize nan tout kalite pwoblèm ak tretman je, tankou egzamen je, linèt ak operasyon.
"Pwoblèm je timoun yo diferan paske vizyon yo poko sispann devlope." Gen kèk pwoblèm je se timoun ki genyen yo sèlman," se sa doktè Kazlas di. "Espesyalis je pou timoun yo gen fòmasyon espesyalize nan vizyon timoun ki depase sa lòt pwofesyonèl swen pou je yo genyen."