Faktè risk pou osteyopowoz
Osteyopowoz se yon maladi ki febli zo yo epi ki ogmante risk pou zo w kase. Anviwon 54 milyon Ameriken gen mas zo ki ba oswa osteyopowoz. Bon nouvèl la se ke ou kapab fè anpil bagay pou anpeche osteyopowoz epi evite zo w kase oswa anpeche l kase ankò.
“Malgre gen terapi trè efikas pou trete osteyopowoz, sèlman anviwon 25% nan pasyan ki fè yon ka zo kase jwenn evalyasyon ak tretman pou osteyopowoz ki se koz debaz la, kidonk risk pou repete ka zo kase ogmante alavni,” Doktè Meryl LeBoff, andokrinològ nan Mass General Brigham di. Doktè. LeBoff se direktè Sante Eskelèt, Sant osteyopowoz ak Inite dansite zo nan Brigham and Women’s Hospital.
Kijan ou ka anpeche osteyopowoz?
Men sis etap pou ede w diminye risk ou pou osteyopowoz:
1. Konnen faktè risk pou osteyopowoz.
Konnen risk ou yo se premye etap pou prevansyon. Faktè risk pou osteyopowoz yo se:
- Laj ki avanse
- Lè ou se fi.
- Mas zo ki ba
- Istwa ka zo kase
- Fimen
- Sèten kondisyon medikal (pa egzanp, atrit rimatoyid)
- Itilizasyon prednizon ak yon kantite lòt medikaman
Nan Mass General Brigham, ekspè yo itilize yon zouti ki konbine rezilta tès dansite zo yon pasyan ak lòt faktè risk kle pou detèmine pwobabilite yon pasyan genyen pou l fè yon ka zo kase. Yo itilize nòt sa a pou ede gide tretman an. Yo itilize tou yon tès dansite zo espesyal pou idantifye ka zo kase nan vètebral ki ka endike prezans osteyopowoz.
2. Egzèsis.
Egzèsis, sitou egzèsis ki mande pou pote pwa tankou mache, enpòtan pou bon sante zo. Fòmasyon balans kapab ede tou anpeche tonbe—yon kòz prensipal zo kase. Moun ki deja gen osteyopowoz ta dwe evite pliye kolòn vètebral la annavan, oswa fè egzèsis ki mande pou tòde oswa fè mouvman sanzatann nan kolòn vètebral la. Yo ta dwe konsilte yon fizyoterapis pou konnen ki egzèsis ki apwopriye.
3. Gade kantite kalsyòm ak vitamin D ou pran.
Asire w ke w ap jwenn ase kalsyòm ak vitamin D. Pifò granmoun bezwen 1,000 a 1,200 miligram kalsyòm pa jou (sa depann de laj), epi vitamin D enpòtan nan tout klima. Moun ki pa resevwa kantite adekwa eleman nitritif sa yo nan rejim alimantè yo ka benefisye de sipleman, si doktè yo konseye sa.
4. Sispann fimen.
Fimen se yon faktè risk pou osteyopowoz, epi sispann fimen nesesè pou bon sante an jeneral, sa gen ladan l sante zo.
5. Limite konsomasyon alkòl.
Konsomasyon alkòl se yon lòt faktè risk pou osteyopowoz, kidonk limite konsomasyon alkòl enpòtan, sitou si gen lòt faktè risk pou ka zo kase.
6. Trete kòz ki lakòz yon ka zo kase.
Si ou fè yon kase nan zo ou, asire w ke yo evalye ou epi trete ou pou osteyopowoz. Terapi medikal jodi a ka ede anpeche ka zo kase nan lavni, epi medikaman ki pi resan yo ki sou evalyasyon kounye a ka ede bati zo nan moun ki gen mas zo ki ba.