Kondisyon Itilizasyon ak Vyolasyon Dwa Otè
Massgeneralbrigham.org Kondisyon itilizasyon
Dènye Mizajou: 29 Jen 2020
Nou, Mass General Brigham Incorporated (“Mass General Brigham”) ak afilye nou yo (kolektivman yo rele “Afilye yo”), nou jere sit entènèt sa a (ki rele "Sit la"), massgeneralbrigham.org. Sit la fèt pou bay enfòmasyon jeneral. Sit sa a pa gen objektif pou pratike medsin oswa bay konsèy medikal espesifik, epi itilizasyon sit la pa kreye yon relasyon doktè-pasyan. Lè ou itilize Sit la, ou dakò ak Kondisyon Itilizasyon sa yo (ki rele “Kondisyon yo”). Si ou pa dakò ak Kondisyon yo, pa itilize Sit la. Ou pral toujou oblije respekte Kondisyon yo jan yo te egziste lè ou te itilize Sit la pou dènye fwa a. Nou rezève dwa pou fè chanjman nan kondisyon sa yo nenpòt ki lè. Tanpri retounen tcheke sit la detanzantan pou asire ou konnen nenpòt mizajou oswa chanjman ki fèt. KONDISYON SA YO GEN LADAN YO YON AKÒ POU SOUMÈT TOUT KONFLI YO NAN ARBITRAJ ENPÈTIF INDIVIDYÈL — TANPRI LI YO AK ANPIL ATANSYON..
Pwoteksyon done
Sekirite. Nou kenbe mezi ki fèt pou pwoteje entegrite ak sekirite Sit la. Sepandan, nou pa kapab garanti Sit la ap toujou an sekirite, konplè oswa egzak, ni nou pa kapab garanti aksè ak Sit la ap rete san entèripsyon.
Sit entènèt Twazyèm Pati; Lyen. Sit la gen lyen ki mennen sou lòt sit entènèt ak sèvis sou entènèt. Nou pa gen kontwòl sou twazyèm pati sa yo. Nou pa bay apwobasyon pou pwodwi ak sèvis yo. Nou pa responsab pou disponiblite, presizyon, oswa sekirite sit sa yo.
Règleman kondwit
Respekte Lalwa. Pandan w ap itilize Sit la, ou oblije respekte Kondisyon sa yo ansanm ak tout lwa, règ ak règleman ki aplikab yo..
Respekte Lòt Moun. Nou atann tou pou itilizatè Sit la respekte dwa ak diyite lòt moun. Pa itilize Sit la pou anmède, swiv yon moun san otorizasyon, menase, oswa vyole dwa legal lòt moun nenpòt lòt fason. Pa pretann ou se yon lòt moun. Pa deranje fonksyònman Sit la. Nou rezève dwa, selon sèl desizyon pa nou, pou limite oswa mete fen nan aksè nenpòt moun ki pa respekte Règ Konduit sa yo, epi pou retire nenpòt materyèl ki vyole Kondisyon sa yo oswa nou konsidere kòm ki pa apwopriye..
Dedomajman Ou dakò pou defann nou, dedomaje nou, epi pwoteje nou ansanm ak direktè nou yo, responsab nou yo, anplwaye nou yo, ajan nou yo, afilye nou yo, ak reprezantan nou yo kont tout reklamasyon, pèt, depans ak frè (ki gen ladan, san limitasyon, frè avoka) ki soti nan nenpòt vyolasyon Kondisyon sa yo ou fè..
Sispansyon Nou kapab mete fen nan aksè ou sou Sit la selon sèl desizyon pa nou, nenpòt ki lè, epi san nou pa oblije bay avètisman davans. Nou kapab dezaktive oswa efase imedyatman tout enfòmasyon ak fichye ki gen rapò yo.
Avi legal ak limit responsabilite
Avi legal. SIT LA AK TOUT TÈKS LI YO, IMAJ LI YO, AK LOJISYÈL LI YO (ANSANM YO RELE "KONTNI YO") YO BAY SOU YON BAZ "JAN YO YE A" SAN OKENN GARANTI, KIT GARANTI A EKSPRÈ, KI SOTI NAN LWA, OSWA KI SIPOZE. OU DAKÒ KE SE OU KI DWE EVALYE, E KE OU PRAN TOUT RIS KI ASOSYE AK ITILIZASYON SIT LA, ENKLI SAN LIMITASYON DEPANDANS SOU PRESIZYON, KONPLÈTÈ OSWA ITILITE YON KONTNI KI DISPONIB ATRAVÈ OSWA AN KONEKSYON AK SIT LA.
Limit responsabilite Nou rekonèt kèk lwa bay konsomatè yo dwa ak mezi pwoteksyon espesifik, epi yo entèdi klèman pou yo retire dwa sa yo. Sòf pou ka ki konsène lwa sa yo, ou renonse ak tout reklamasyon pou domaj dapre nenpòt baz legal, sof domaj reyèl ki soti nan pèt lajan ou depanse dirèkteman. Pa egzanp, sòf pou ka ki konsène lwa sa yo, ou renonse ak domaj senbolik (nominal damages), domaj fikse davans (liquidated damages), domaj lalwa prevwa (statutory damages), domaj konsekan (consequential damages), domaj sipoze (presumed damages), ansanm ak enpozisyon depans ak frè avoka..
Pwopriyete entelektyèl
Sit la ak Kontni li yo, ki gen ladan tout mak komèsyal, mak sèvis, ak eleman grafik yo, se pwopriyete eksklizif nou, sof si yo endike yon lòt bagay klèman, epi yo pwoteje pa dwa otè, mak komèsyal, patant, ak/oswa lòt dwa pwopriyetè ansanm ak lwa ki pwoteje yo. Sit la ak Kontni li yo kapab genyen non twazyèm pati, mak komèsyal, ak mak sèvis ki se pwopriyete pwopriyetè respektif yo. Dapre Kondisyon sa yo, yo ba ou yon lisans pèsonèl, ki pa eksklizif, ki pa ka transfere bay lòt moun, epi ki ka anile, pou itilize Sit la sèlman pou objektif pèsonèl ou ki pa komèsyal epi sèlman an konfòmite ak Kondisyon sa yo.
Lisans sa a kapab sispann nenpòt ki lè, epi li pa ba ou okenn lòt dwa siplemantè sou Sit la oswa Kontni li yo. Mass General Brigham rezève tout lòt dwa yo. Ou pa gen dwa modifye, chanje oswa transfòme nenpòt Kontni, ni distribye, pibliye, transmèt, itilize ankò, repibliye, fè analiz teknik pou ranvèse estrikti li (reverse engineer), oswa demonte Kontni an oswa nenpòt pati ladan l pou objektif piblik oswa komèsyal, ki gen ladan, san limitasyon, tèks, imaj, odyo ak videyo. Itilizasyon nenpòt Kontni, eksepte sa Kondisyon sa yo otorize, san pèmisyon ekri nou, entèdi nèt.
Kondisyon pou rezolisyon konfli (tanpri li ak anpil atansyon)
Chwa abit la ak règ yo Tout konfli, reklamasyon, ak kòz aksyon ki soti nan itilizasyon Sit la oswa ki gen rapò ak itilizasyon li (chak youn rele yon "Konfli") dwe soumèt sèlman bay American Arbitration Association (AAA) pou yo trete dapre Règ Abitraj Konsomatè li yo. Si, pou nenpòt rezon, AAA pa kapab oswa pa vle òganize abitraj la selon kondisyon sa yo, ou menm ak nou pral chwazi yon lòt abit dapre 9 U.S. Code § 5.
Abitraj obligatwa (endividyèl) Ou dakò nenpòt Konfli ant nou dwe rezoud sèlman atravè abitraj endividyèl (pa yon pwosedi kolektif). Pati yo dakò pou yo respekte Federal Arbitration Act, 9 U.S.C. § 1 et seq.. Yon abitraj vle di pap gen jiri, epi pap gen jij.
Dimansyon abitraj Abit la ap gen sèl otorite pou detèmine tout kesyon ki gen rapò ak Konfli a, pandan l ap aplike Kondisyon sa yo. Abit la ap detèmine tou nenpòt kestyon konsènan si nenpòt Konfli oswa pwoblèm dwe soumèt nan abitraj. Abit la pap gen pouvwa pou tande okenn Konfli kòm yon aksyon kolektif (class action), aksyon an mas (mass action), oswa aksyon reprezantan (representative action). Abit la pap gen pouvwa pou bay okenn mezi reparasyon oswa desizyon an favè okenn lòt moun sof ou menm oswa nou menm.
Eksepsyon pou abitraj (Tribinal ti reklamasyon). Konfli ki kapab rezoud nèt nan tribinal ti reklamasyon pa oblije soumèt nan abitraj.
Chwa kote pou jijman (Boston, Massachusetts) Ou dakò nenpòt Konfli dwe tande sèlman nan Boston, Massachusetts, sof si pati yo dakò sou yon lòt kote oswa si abit la detèmine yon lòt fason. Ou dakò ak jiridiksyon Commonwealth of Massachusetts pou tout objektif legal.
Chwa lwa ki aplikab (Massachusetts) Kondisyon sa yo ak itilizasyon Sit la pa ou ap gouvène pa lwa Commonwealth of Massachusetts, Etazini, san konsidere prensip li yo sou chwa lwa ki aplikab. Sepandan, nenpòt desizyon konsènan si yon Konfli dwe soumèt nan abitraj oswa fason abitraj la dwe fèt ap gouvène sèlman pa Federal Arbitration Act, 9 U.S.C. § 1 et seq.
Renonsyasyon ak aksyon kolektif Ou dakò nenpòt Konfli ant nou dwe rezoud atravè yon aksyon endividyèl. Nan okenn sikonstans ou pap depoze, chèche fè, oswa patisipe nan yon aksyon kolektif , aksyon an mas , oswa aksyon reprezantan anrapò ak yon Konfli.
Mezi reparasyon ki disponib nan abitraj Abit la kapab bay nenpòt mezi reparasyon, soulajman, oswa desizyon pati yo ta kapab jwenn nan tribinal, tankou akòde frè avoka ak depans, dapre lwa ki aplikab nan ka a, eksepte mezi entèdiksyon
Mezi entèdiksyon Abit la pa gen dwa bay okenn lòd entèdiksyon Si youn nan pati yo nan yon Konfli mande yon mezi entèdiksyon, abit la ap fini pwosesis abitraj Konfli a, li ap bay yon desizyon sou konpansasyon lajan (si genyen), epi apre sa pati ki mande mezi entèdiksyon an kapab depoze yon nouvo aksyon nan tribinal eta oswa tribinal federal nan Boston, Massachusetts, sèlman pou jwenn mezi entèdiksyon an. Konklizyon sou reyalite ak konklizyon legal abit la pa dwe soumèt kòm prèv ni sèvi kòm presedan nan pwosè sa a ki fèt apre a.
Divès
Avi. Avi yo voye ba ou kapab fèt atravè piblikasyon sou Sit la, pa imèl, oswa pa lapòs nòmal, selon sèl desizyon pa nou. Avi yo voye ban nou dwe fèt avèk enfòmasyon kontak ki endike anba a.
Prèv. Ou dakò yon vèsyon enprime Kondisyon sa yo ak nenpòt avi ki bay sou fòm elektwonik, tankou avi ki pibliye sou Sit la, ap akseptab kòm prèv nan pwosedi jidisyè oswa administratif ki baze sou oswa ki gen rapò ak Kondisyon sa yo.
Fòs Majè. Nou pap responsab pou nenpòt echèk nan ranpli yon obligasyon si echèk sa a soti nan yon kòz ki depase kontwòl nou.
Enfòmasyon oswa Plent. Si ou gen nenpòt kestyon, enkyetid, plent oswa sijesyon konsènan Kondisyon Itilizasyon Sit entènèt nou an oswa si ou bezwen kontakte nou pou nenpòt lòt rezon, tanpri voye yon imèl nan CISPO@partners.org, rele nou nan 1-800-856-1983, oswa kontakte nou pa lapòs ameriken nan adrès sa a::
Mass General Brigham Incorporated
399 Revolution Drive
Somerville, MA 02145
Attn: Responsab Prensipal pou Sekirite Enfòmasyon ak Pwoteksyon Vi Prive
Reklamasyon pou vyolasyon dwa otè Avi sou Lwa Digital Millennium Copyright Act
Nou respekte dwa pwopriyete entelektyèl lòt moun epi nou mande pou itilizatè nou yo fè menm jan an. Si ou kwè ke nenpòt kontni ki disponib sou Sit nou an oswa lòt aktivite ki fèt sou Sit nou an konstitiye vyolasyon dwa otè sou yon travay ki pwoteje (chak, yon "Travay"), tanpri notifye nou jan sa a:
Mass General Brigham Incorporated (ansyen Partners HealthCare System, Inc.)
399 Revolution Drive
Somerville, MA 02145
Atansyon: William Glen Mitchell, Manadjè Siveyans Sekirite
Imèl: dmca-agent@partners.org
Tel: 857-282-3515
Avi ou a dwe konfòme ak Lwa sou Dwa Otè Digital Millennium (17 U.S.C. §512) ("DMCA"). Lè nou resevwa yon nòt ki konfòm, nou pral reponn ak kontinye dapre DMCA.
Nou te aplike yon politik kont vyolasyon repete pou adrese ka kote yon itilizatè patikilye sibi plizyè notifikasyon DMCA ("Politik Vyolasyon Repete"). Si nou detèmine ke yon itilizatè vyole Politik Repete Vyolasyon nou an, nou ka pran, nan diskresyon nou, nenpòt kantite etap, ki gen ladan, men pa limite a, bay avètisman itilizatè a, sispann oswa revoke kont li, epi pran nenpòt lòt mezi entèmedyè nou konsidere apwopriye.
Chanjman
Chanjman nan Sit la. Nou kapab modifye oswa mete fen nan fonksyònman Sit la ak Kontni li yo nenpòt ki lè, selon sèl desizyon pa nou.
Chanjman nan Kondisyon yo Nou kapab chanje Kondisyon sa yo nenpòt ki lè. Nou pral bay yon avi rezonab lè nou pibliye yon vèsyon revize Kondisyon sa yo sou Sit la. Lè ou kontinye itilize Sit la, sa vle di ou dakò ak nouvo Kondisyon yo..