false

Yon ti timè; Yon gwo pwoblèm

Kèk moun konnen kò yo byen tankou Betty Doyling, yon antrenè pèsonèl ki soti Warwick, nan Bermuda. Sa di, yon timè nan gland ipofiz la la te dènye bagay ki te nan tèt Betty. Yon kolaborasyon ant George A. Scangas, MD, epi yon chirijyen ki espesyalize nan baz kràn nan Mass Eye and Ear, ansanm ak Sant Klinik pou Timè Newo-andokrin ak Ipofizè nan Jeneral Massachusetts Hospital, t ap anpeche timè a fè l pèdi vizyon l.

Betty Doyling te yon pafè modèl sante.

Pandan plizyè ane li te travay antanke antrenè pèspnèl nan Bermuda. Li pa t janm kase okenn zo nan kò li, ni menm sibi okenn gwo pwosedi medikal. Rejim alimantè an sante li ak lanmou li pou kouri te kenbe li anfòm epi plen enèji.

Pa bezwen di, sa te yon sipriz lè li te monte sou balans lan yon maten epi li te remake yon chanjman toudenkou nan pwa li. Li te pran 30 liv nan yon ti kras mwens pase yon mwa. Li di chanjman an te rive akoz twòp repa lakay pandan pandemi an. Men apre sa, sanzatann, fanm 43 lane an te kòmanse bay lèt.

"Mwen te konnen mwen pa t ansent, " se sa Betty, yon manman de timoun, te di. "Mwen jis sonje mwen t ap panse poukont mwen, 'O non, kisa k ap pase?'"

Apre yon vizit kay OBGYN lokal li ak endokrinolojis li, Betty te fè yon IRM. Egzamen an te revele yon mas ki te lokalize nan sant baz zo bwa tèt li. Lòt tès yo te montre yon timè nan ipofiz la, e li te danjerezman pre nè optik li

.

"Mwen toujou tande istwa sou lòt moun ki gen timè, men mwen pa t janm, janm panse se mwen menm li t ap rive," Betty te eksplike bay Focus. Lè doktè m te di m mwen te gen yon timè, mwen sonje m t ap panse nan tèt mwen, 'Sa dwe yon erè.'

Betty Doyling, yon antrenè pèonèl ki soti Bermuda, poze pou yon foto

Li te kontinye grandi, grandi, grandi…¦

Dapre Doktè Dapre Scangas, anviwon youn sou 10,000 moun devlope yon timè nan gland ipofiz pandan lavi yo, sa ki fè li youn nan kalite timè nan sèvo ki pi komen yo. Gland ipofiz la, ki gen gwosè apeprè yon pwa, chita nan yon espas etwat nan baz zo tèt la, jis dèyè sinis nen yo ak ant de je yo. Malgre li piti, gland lan responsab pou regle òmòn esansyèl pou kwasans, tansyon ak repwodiksyon.

Souvan, timè ipofiz yo pa kansè. Sepandan, yo vin danjere si yo grandi twòp epi yo peze sou nè optik la, sa ki mete vizyon yon moun an danje. Lè yo te dekouvri timè Betty a, doktè yo nan Bermuda te premye eseye diminye timè a ak medikaman. Uit semèn apre, timè a pa t diminye epi li te kòmanse peze sou nè a.

Antanke yon antrenè pèsonèl, Betty pa t ka pèmèt li pèdi vizyon li ak kapasite li pou konsantre sou kliyan li yo. Li te konnen tou kijan move vizyon ka paralizan, paske manman li te legalman avèg.

Doktè yo t ap bezwen retire timè a nan mitan tèt Betty pou yo te ka pwoteje vizyon l. Te gen jis yon sèl pwoblèm: Okenn doktè nan Bermuda pa t kapab fè pwosedi andoskopik konplèks ki te nesesè pou retire li. Erezman, andokrinològ li a, Andrew Jamieson, MRCP, PhD, te konnen pi bon kote pou l ale.

"Li te di m ke si li te gen timè sa a, Mass Eye and Ear ak Massachusetts General Hospital t ap sèl kote li ta ale pou jwenn tretman," Betty te di. Anvan m te rann mwen kont, mwen te deja rezève vòl mwen epi mwen te gen yon dat fikse pou operasyon an.

Retire yon timè atravè nen an

Chirijyen yo gen tikal ti maj pou fè erè lè y ap retire yon timè nan ipofiz la. Gland ipofiz la twò pre estrikti vital yo – tankou nè optik la, gwo atè yo ak sèvo a, pou doktè yo ka komèt menm pi piti erè, kèlkeswa jan li piti – menm yon milimèt. Yon sèl move mouvman ka lakoz pwoblèm nan vizyon, domaj nan baz zo tèt la oswa, nan ka ki ra anpil, senyen san kontwòl ak konjesyon serebral.

Kidonk, kijan yon chirijyen retire yon timè ipofiz an sekirite nan tèt yon moun? Lè l pase atravè nen an. Nan kad yon pati nan yon pwosedi minim envazif yo rele 'chiriji transfenoyidyal anteryè sou baz kràn', yon espesyalis ENT itilize yon andosòp pou louvri sinis la pou yon newochirijyen ka retire timè a nan baz kràn nan. Apre ekstraksyon an, rinològ la repare baz kràn nan, ki kenbe sèvo a separe de pasaj nen ak sinis yo.

Nan Sant Klinik Tumo Newo andokrin ak ipofizè Mass General la, Doktè Scangas ak newochirijyen Brooke Swearingen, MD, regilyèman fè pwosedi konplèks sa yo pou asire pi bon rezilta posib. Sant lan ofri swen konplè pou pasyan ki gen twoub ipofiz ak ipotalamis, li rasanble ekspètiz plis pase 20 doktè ki espesyalize nan newochiriji, andokrinoloji, newoloji ak radyoloji nan Mass General, omenm jan rinoloji nan Mass Eye and Ear. Ekspètiz ak konnen youn lòt ant chak doktè nan sant la se sa ki fè pwosedi konplike sa yo vin prèske woutin.

"Plis ou travay ak yon ko-chirijyen patikilye, se pi fasil pwosesis la vin, espesyalman lè li rive nan yon pwosedi ki konplèks tankou operasyon baz zo tèt devan," Dr Scangas te di. Nèwochirijyen MGH yo ak rinològ Mass Eye and Ear yo gen yon relasyon enkwayab. Eksperyans nou ak travay ann ekip nou an fè yon gwo diferans nan swen pasyan nou yo epi se yon gwo fòs nan sistèm Mass General Brigham nan.

Mete konfyans nan rekiperasyon an

Anvan vwayaj li nan Boston, Betty te konekte sou Facebook. Li te vle pale ak pasyan ki te deja sibi pwosedi a pou l te ka pi byen konprann egzakteman konbyen tan rekiperasyon l lan ta ka pran. Se posiblite pou gen yon flit likid sèwo-spinal ki te koze pa yon operasyon ki te rate nan baz zo tèt la ki te pi enkyete li.

Doktè Scangas te asire l sa pa t janm yon pwoblèm. Pandan pwosedi Betty a, li te repare baz kràn lan ak grès ki soti nan vant li epi ak yon gref mikez ki soti nan sinis li. Li te konseye Betty tou pou l evite antrènman entans pandan kat a sis semèn. Twòp presyon sou baz kràn ki fèk repare a, li te di, ta ka fè grèf la echwe epi flit likid sèvo a retounen. Sa te vle di pa gen kouri ni leve pwa, yon gwo defi pou antrenè pèsonèl la.

Relasyon doktè-pasyan an enpòtan anpil nan operasyon sa yo. Doktè Scangas te di. Malgre enpak enpòtan restriksyon sa yo te genyen sou mwayen li pou l viv, Betty fè yon travay ekstraòdinè lè li pran konsèy nou yo oserye epi li bay sante li ak rekiperasyon li priyorite.

Yon mwa edmi apre operasyon li, lafwa li nan Doktè Scangas te rekonpanse. Li te kòmanse fè egèsis ak kliyan li yo nan Bermuda ankò epi li pa t santi okenn siy ekoulman nan nen li. Pandan li t ap ogmante entansite egzèsis li yo, li te santi li alèz epi li te retounen nan kondisyon nòmal li. Modèl sante li te konn genyen an t ap retounen aklè.

Mwen te pale ak tèlman anpil pasyan ki gen timè nan ipofiz ki pa t ale nan Mass General oswa ki pa t wè Doktè "Scangas pou pwosedi yo," Betty te di. Yo te rankontre tèlman anpil kochma nan rekiperasyon yo. Mwen pa t fè eksperyans anyen epi m ap toujou rekonesan pou swen yo.

Betty anvan operasyon an

Kontakte Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo

Pou pale avèk nou, aprann plis oswa mande yon randevou, tanpri kontakte ekip dedye Sèvis Pasyan Entènasyonal nou an.
primary
Swen pasyan entènasyonal
/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international