false

Yon tretman rapid ki sove lavi pou yon kansè nan san ki grandi byen vit: Istwa Brandon

Brandon Buchanan sanble ak nenpòt timoun nòmal ki gen 7 an. Li se yon timoun ki gen anpil enèji, ki renmen fè blag, ki soti Charlestown, Massachusetts. Li renmen danse, fè paten a wou, ak jwe hockey. Ou pa t ap janm devine li fèk pase nan yon eksperyans medikal ki te vrèman efreyan..

“Nou te nan pisin Bunker Hill la yon madi,” manman Brandon nan, Nicole Bourgeois, di. “Mèkredi, li kòmanse gen doulè nan vant. Jedi, nou aprann li gen kansè. Se konsa tout bagay te rive vit.”

Erezman, Brandon te nan bon men: Division of Pediatric Hematology and Oncology nan Mass General Brigham for Children.

“Kòm yon lopital pou timoun ki anndan yon lopital, nou gen ekspètiz espesyal nan nkoloji pedyatrik, swen entansif, chiriji, radyoloji, radyoloji entèvansyonèl, ak anpil lòt domèn,” se sa onkològ pedyatrik la te di.Alison Friedmann, MD “Tout espesyalite pedyatrik sa yo travay ansanm pou bay timoun ki malad grav tankou Brandon swen san enteripsyon ki itilize teknik ki pi avanse yo."

Ekip swen Brandon an te dekouvri li te gen lenfòm ki sanble ak lenfòm Burkitt. Fòm kansè nan san sa a ki ekstrèmman ra epi ki trè agresif pi souvan rive lakay timoun pase lakay granmoun.

""Li te grandi prèske nan yon sèl nwit."

Jedi maten an, Nicole te mennen Brandon nan yon sant swen ijan. Pwofesyonèl swen sante yo te sispèk li te gen yon apendis ki te pete. Piske pwoblèm medikal sa a mande swen nan lopital, apre sa li te ale nan Massachusetts General Hospital, kote Brandon ak sè jimo li a, Addison, gen yon pedyat.

Pandan yo t ap fè Brandon tès san ak yon eskanè CT, yo remake yon gwo boul te parèt nan vant li. De doktè te di Nicole se te yon timè — epi li te gen anpil chans pou l te kansè. “Li te grandi prèske nan yon sèl nuit,” li di. “Sa te choke m anpil.”

Nan moman sa a, Doktè Friedmann ak kòlèg li yo te sispèk Brandon te gen lenfòm Burkitt oswa youn nan varyant li yo. Vitès timè a t ap grandi a se te yon siy ki te montre sa.

“Yon lenfòm konsa ka grandi devan je w nan sèlman kèk jou,” li di. “Nou konsidere sa kòm yon vrè ijans medikal, paske moun ka vin malad grav trè vit. Se pa konsa sa ye pou pifò lòt lenfòm.”"

Nan demen, timè a te vin twa fwa pi gwo, sa ki te anpeche poumon ak dyafram Brandon elaji. Ekip swen li a te mete l sou yon respiratè. Yon byopsi ak zegwi yo te fè apre sa, kote yo te retire yon ti echantiyon nan timè a pou fè tès, te konfime se te lenfòm ki sanble ak lenfòm Burkitt, yon varyant lenfòm Burkitt. Yo te kòmanse ba Brandon chimyoterapi tousuit pou fè timè a retresi epi ede l respire pi fasil.

Malgre se te kansè, Doktè... Friedmann te gen anpil espwa pou avni jèn pasyan an. “Timè sa yo reyaji trè byen ak chimyoterapi,” li di. “Depi tretman an kòmanse, selil yo gen tandans mouri trè vit.”

Li te sipòte chimyoterapi a ak trè kèk efè segondè

Brandon te rete sou respiratè epi anba sedasyon pandan yon semèn pandan li t ap resevwa premye sik chimyoterapi a. Finalman, li te pase 25 jou nan lopital la. Pandan tout tan sa a, swa Nicole oswa fiyanse li, Sprague Buchanan, te toujou bò kote l.

Twa jou apre li te retounen lakay li, Brandon te kòmanse premye ane lekòl li ansanm ak sè jimo li, Addison. Pwofesè li yo ak zanmi li yo, anpil ladan yo ki te voye videyo pou li pandan li te lopital, te resevwa l ak anpil kè kontan. “Zanmi nou yo ak fanmi nou te sipòte nou anpil pandan tout peryòd sa a,” Nicole di.

Malgre Brandon te sipòte chimyoterapi a byen, cheve li te kòmanse tonbe. Yon ti tan apre, yo te kale tèt li. Sprague, papa Nicole, ansanm ak plizyè lòt moun, te fè menm bagay la pou montre solidarite yo avè l.

Brandon te pase senk jou lakay li anvan li te retounen nan Mass General Brigham for Children pou yon dezyèm sik chimyoterapi, ki te dire yon semèn tou. Apre sa, li te resevwa de lòt sik entansif ki te dire yon semèn chak, epi chak fwa li te oblije rete entène nan lopital.

“Se te anpil bagay pou li sipòte, men li pa t vin malad,” Nicole di. “Li te konn danse pandan li t ap resevwa tretman an.”

"Li pa t ralanti ditou, epi li te gen trè kèk efè segondè akòz tretman an,” Doktè Friedmann dakò. “Se yon timoun ki djanm, ki toujou konsantre sou jwe. Se yon ti gason ekstraòdinè.”

Sipò ekip child life la te jwe yon wòl enpòtan anpil

NNicole fè anpil lwanj pou konpetans ak konpasyon ekip nkoloji Brandon an, ki gen ladan Doktè Friedmann; Howard Weinstein, MD, hèf inite ematoloji/nkoloji pedyatrik; enfimyè pratikan Samantha Vincent, CPNP; ansanm ak anpil lòt enfimyè. Li te apresye tou sipò espesyalis child life yo, ki ede timoun ak fanmi yo fè fas ak efè mantal, emosyonèl ak sosyal maladi, tretman medikal ak entène lopital genyen.

“Tout ekip child life la te ekstraòdinè ak Brandon,” Nicole di. “Li te vin trè pwòch ak yon espesyalis an patikilye, Casey Johnson, ki te wè l souvan nan lopital la. De yo te vrèman byen antann yo.”

Apre katriyèm sik chimyoterapi li a, anviwon de mwa apre dyagnostik li a, yo te bay Brandon egzeyat nan Mass General Brigham for Children pou dènye fwa. Sa te mete fen nan yon eksperyans ki te pase tèlman vit e ki te tèlman boulvèsan, Nicole pa t menm rive konprann tout sa ki te pase okòmansman.

“Sa pa t vrèman frape m jis kat oswa senk mwa apre,” li di. "Mwen panse mwen te kenbe tèt mwen fò paske mwen te oblije fè sa pou Brandon ak pou Addison.”

Yon rekiperasyon remakab

Kèk mwa apre tretman an te fini, eskanè yo te montre Brandon te an remisyon (pa t gen okenn siy kansè ankò). Nan menm epòk la, te gen yon lòt rezon pou selebre: Cheve li te kòmanse pouse ankò. Depi lè sa a, rès kò li refè tou.

“Ou pa t ap janm kwè li te gen kansè epi li te kale jis ane pase a,” Nicole di. “Li manje byen anpil epi li rive nan 51 liv (ki nòmal pou laj li). Sa vrèman ekstraòdinè.”"

Brandon ak Nicole kontinye wè Doktè Friedmann yon fwa pa mwa pou vizit swivi. Vizit sa yo pral vin pi ra avèk tan, depi Brandon kontinye rete an bon sante, e Doktè Friedmann gen konfyans se sa ki pral rive..

Kounye a, Nicole gade avni Brandon ankò ak anpil espwa, epi li gen anpil rekonesans pou swen li te resevwa nan Mass General Brigham for Children. “Mwen pa t ap chwazi okenn lòt kote pou pitit mwen yo resevwa tretman,” li di.

Brandon, sè li ak paran li poze nan yon forè twopikal, ak yon Jeep ki chaje ak ekipman kan dèyè yo.
primary
internal
Dekouvri Pwogram Kansè nan San an
/content/unified-xwalk/ht/services/blood-cancer