Travay di, Jwe di: Kesyon ak repons ak Doktè Scott Martin, Direktè Medikal New England Revolution
Doktè Scott Martin, jwe plizyè wòl nan Mass General Brigham Sports Medicine. Li se yon chirijyen òtopedik ak chèchè, k ap opere epi etidye yon seri blesi nan jwenti. Li dirije tou Pwogram Fellowship Medsin Espò a, k ap rekrite epi fòme klinisyen espò ki pral kontinye travay sa a nan lavni. Antanke direktè medikal pou ekip foutbòl New England Revolution, li travay pou kenbe jwè yo an sante epi an sekirite sou teren an kou andeyò teren an. Nan Kesyon ak Repons sa a, li diskite sou travay li ak Revolution epi kijan travay sa a enspire travay li ak atlèt tout laj ak tout kapasite.
K: Èske ou ka dekri travay ou antanke doktè an chèf ekip New England Revolution?
Martin: Ekip medikal nou an la pou evalye, fè dyagnostik, epi trete atlèt la lè yo blese epi pou kontwole pwogrè yo pandan tout peryòd rekiperasyon yo. Nou vle asire yo retounen an sekirite nan pi wo nivo konpetisyon yo.
Nou pran swen tou pou nou gide yo epi montre yo kijan pou yo evite kèk blesi ki kapab evite si yo itilize bon metòd antrènman ak bon preparasyon fizik.
Avèk jwè foutbòl pwofesyonèl yo, menm jan ak anpil atlèt wo nivo, pa gen vrè jou konje. Yo antrene pandan tout ane a pou yo fè konpetisyon, sa gen ladan l jwe match ant yo menm ansanm ak kont lòt ekip, match ofisyèl, ak pratik san rete.
Lè yon atlèt blese, li pa sèlman jwè nou, li se pasyan nou tou. Yo kontinye vini nan sant fòmasyon an pou tretman medikal, evalyasyon regilye sou pwogrè yo, ak konsèy pou yo retounen an sekirite nan konpetisyon konplè.
Epi sa moun pa reyalize se ekip la jwe ak menm entansite a nan antrennman. Yo konfwonte youn ak lòt pandan egzèsis melè yo, epi jwèt la rete trè fizik, paske chak jwè bay tout sa li genyen pou l ka jwenn yon plas kòm titilè. Pa gen pèsonn nan foutbòl ki vle chita sou ban an. Yo renmen espò a epi chita sou ban an touye yo.
Ekip medikal la ka nan periferi a, men nou fò pati ekip la. Nou pran swen tout pwoblèm medikal jwè yo. Pafwa yo vini epi yo mande nou sou ansyen blesi yo davans. Nou gen yon liy kominikasyon ouvò ak jwò yo. Nou trete yo menm jan nou ta trete fanmi nou.
K: Ki wòl ou nan yon jou match?
Martin: Premyèman, n ap patisipe nan yon klinik anvan match la kote n ap revize nenpòt jwè ki bezwen jwenn otorizasyon anvan nou remèt lis jwè nou yo. N ap gade tout jwè nou yo ki blese anvan match la. Pafwa nou fè iltrason epi nou revize blesi k ap kontinye yo. Apre jwèt la, nou gade nenpòt nouvo blesi, ansanm ak ansyen yo nou t ap reyabilite an menm tan.
Nou fè tout reyabilitasyon nou an dirèkteman nan estad la nan enstalasyon fòmasyon an. Toujou gen anpil pati k ap deplase, epi antanke doktè an chèf, mwen bezwen travay ak ekip mwen an pou kominike epi kowòdone swen jwè nou yo, enkli ak tout moun ki enplike. Sa enkli antrenè, fizyoterapis, antrenè fòs ak kondisyonè, kiwopratisyen, antrenè yo, ak lòt espesyalis medikal nan anplwaye a.
K: Kòman ou kolabore ak lòt doktè ak antrenè yo pou ekip la?
Martin: Pi gwo kolaborasyon nan ekip la se ant antrenè atletik an chèf la ak mwen. Se yon relasyon ki trè sere. Mwen pale ak antrenè yo chak jou. Pou tout bagay mache byen, nou bezwen kominikasyon ki klè, transparan, epi ouvè ak tout moun ki enplike nan pran swen atlèt yo. Sa a se kle lè w ap kouvri nenpòt espò, men sitou nan nivo pwofesyonèl.
Nou kominike tou ak antrenè yo, pou tout moun byen enfòme anvan yon atlèt ka retounen nan fòmasyon ak patisipasyon konplè nan jwèt yo. Men nou genyen tou yon ekip konplè klinisyen, fizyoterapis, kiwopratisyen, e menm dantis, si yon jwè bezwen sa. Nou pran swen tout bezwen medikal pou jwè yo.
K: Kisa ou jwenn ki patikilyèman rekonpanse nan travay ak atlèt pwofesyonèl?
Martin: Nou trete atlèt lekòl segondè, kolèj, ak pwofesyonèl. Men nan nivo pwofesyonèl, atlèt sa yo nan somè ekspètiz atletik pou yo jwe espò yo. Se vokasyon yo. Sa a se karyè yo. Jwè foutbòl yo pwobableman se atlèt ki pi byen antrene nan mond lan. Li vrèman enkwayab pou wè sa yo kapab fè, chak jou.
Lè m ap travay ak jwè yo epi m ap gade depi sou bò teren an, mwen vrèman rive apresye sa yo pase pou yo jwe pandan 90 minit sa yo. Yo toujou ap kouri vit, chanje direksyon, epi kontwole boul la san yo pa itilize manm siperyè yo.
Distans mwayen jwè nou yo ap kouri, depann de pozisyon yo, se anviwon 7 a 10 mil nan yon match. Epi yo fè menm bagay la nan antrennman prèske chak jou. Yo fè sa pandan tout ane a nan tout kalite tan. Nan New England, li ka fè 90 degre oswa 30 degre. Ane sa a, nan de premye match nou yo, nou te jwe ak yon kouch nèj sou teren an.
Yo frape boul la ak tèt yo, bay kout pye, pivote, epi kouri vit. Pifò blesi se pa sa ou wè kote yon moun ka tonbe. Jwè yo te gen grafonyen, kontizyon, lacerasyon, epi pafwa dislokasyon. Jwèt la vin trè konpetitif, epi jodi a yo pèmèt plis kontak fizik pase sa yo te konn pèmèt sa gen 5 a 8 ane. Li vin tounen plis yon espò kontak. Lè yon atlèt tonbe, li pa yon jwè ankò, li se pasyan mwen kounye a, epi nou pran swen yo kèlkeswa blesi ki te rive.
K: Kisa nou aprann nan travay nou ak atlèt pwofesyonèl yo, epi kisa nou aplike apre sa nan travay nou ak atlèt amatè yo?
Nou trete tout moun menm jan nou trete pwofesyonèl nou yo. Nou trete chak pasyan ak anpil respè, kit se yon moun ki fè espò sèlman detanzantan, kit se yon moun ki fenk ap antre nan katreven lane epi ki jwe pickleball sèlman de tanzantan. Nou vle tout moun jui lavi, rete aktif, epi rete an sante.
Etid yo montre lè yon moun diminye nivo aktivite fizik li epi li pa fè kè li bat pi vit gras ak yon aktivite fizik regilye, sante li ka vin pi mal avèk tan, sitou pandan moun nan ap pran laj. Travay nou ak atlèt elit yo montre nou kijan ou ka pouse limit aktivite, pandan w ap rete an sante. Anpil nan sa nou aprann yo ka aplike pou atlèt wikenn nan. Atlèt amatè yo pa antrene tout tan, kidonk yo gen plis chans pou yo blese akoz twòp itilizasyon. Men lè ou vin wè m, ou jwenn menm swen atlèt pwofesyonèl nou yo resevwa.
K: Kisa ou panse ki espesyal konsènan Mass General Brigham Sports Medicine?
Martin: Nou travay ak kat ekip espò pwofesyonèl. Nou travay tou ak atlèt nan kolèj ak lekòl segondè. Nou wè atlèt ki soti nan plizyè espò diferan ak tout nivo konpetisyon diferan. Nou fè sa chak jou, menm jan ak atlèt nou yo. Yo antrene chak jou, epi nou antrene chak jou, pandan n ap pran swen yo. N ap travay di menm jan nan pratik nou pou nou pran swen pasyan nou yo jan nou fè sa sou teren an pou nou pran swen jwè nou yo. E sa aplike pou rechèch nou yo. N ap fè rechèch pou eseye fè nouvo dekouvèt sou fason nou ka fè yon jwè retounen nan jwèt la an sekirite, kijan nou ka fè yo geri pi vit, ak sou mezi prevantif pou anpeche yo blese depi nan kòmansman. Ka gen moun ki travay di menm jan avèk nou, men pèsonn pa travay pi di pou pran swen atlèt yo ak pasyan yo pase nou.