false

Yon istwa kansè nan fanmi: Kijan tès jenetik ak swen kowòdone te sove lavi Gail Cooper

Lè Gail Cooper te gen 4 lane, li te pèdi manman li trajikman akòz kansè nan tete. Granpapa matènèl li te mouri ak kansè nan lestomak, pandan granmè matènèl li te gen yon kansè nan tete nan yon etap trè bonè pi ta nan lavi li. Kidonk, menm si anjeneral li te an bon sante, Gail te toujou enkyete li ta devlope kansè yon jou. Krent li a te vin reyalite lè yo te dyagnostike li ak kansè nan tete ki rele kansinòm duktal in situ (DCIS) a laj 68 an.

DCIS se yon fòm kansè nan tete ki rive nan yon etap trè bonè epi ki anjeneral ka geri. Sepandan, dyagnostik Gail la te kòmanse yon seri evènman ki te mennen nan dekouvèt kansè nan ovè epi ki te lakòz yon tretman ki te pi vaste pase sa li te ka imajine.

Ekip swen li a nan Mass General Brigham Cancer Institute, ki te bay swen ak konpasyon epi ki te kowòdone travay li, te ede sove lavi li..

"Pa gen mo ki ka eksprime rekonesans mwen, paske mwen pa t ap la san yo,” Gail, ki gen 70 lane kounye a, di. “Mwen vrèman, vrèman gen anpil chans.”

Mamogram detekte yon anòmalite nan tete a

Gail, ki rete nan Beverly, Massachusetts, marye, li gen de pitit granmoun ak de pitit pitit. Li kontinye rete aktif lè li fè randone ak mari li, Steve, epi lè li jwe pickleball.

Apre yon mamogram te detekte yon anòmalite nan tete gòch Gail la, yon byopsi (egzamen tisi yo retire nan kò a) te revele li te gen kansè nan tete DCIS. Sou rekòmandasyon zanmi li yo, li te pran yon randevou ak Michele Gadd, DoktèMichele Gadd, MD, yon onkològ chirijikal nan Mass General Brigham Cancer Institute.

“Mwen rele DCIS ‘etap 0 kansè nan tete,’” Doktè Gadd di. “Li rete andedan kanal lèt yo, kidonk depi nou retire li nan yon delè ki apwopriye, li pap gaye okenn lòt kote.”

Premye plan an se te pou Doktè Gadd fè yon lumpektomi (retire kwasans lan avèk operasyon). Men, akòz istwa kansè nan fanmi li, Gail te bezwen fè tès jenetik anvan pou konnen si li te gen risk pou devlope lòt kansè.

Tès yo te montre li te gen yon mitasyon nan jèn BRCA2 a. Lakay fanm yo, sa ogmante risk pou yo devlope kansè nan tete, kansè nan ovè, ak lòt kansè. Sibitman, plan tretman li a te vin pi konplike.

Yon gwoup moun ki mete mayo ak riban koulè ble-vèt ap patisipe nan yon aktivite deyò pou National Ovarian Cancer Coalition.

Gail ap patisipe nan Mache pou Kansè nan Ovè a nan dat 21 septanm 2025, nan Boston, ansanm ak pitit fi li Lauren ak pitit pitit gason li yo Boden ak Luke.

Operasyon prevantif yo rekòmande”

Apre li te revize rezilta tès jenetik yo, Doktè Gadd te voye Gail wèVarvara Mazina, MD, yon onkològ jinekolojik nan Mass General Brigham Cancer Institute. Dapre Doktè Mazina, rezilta tès ki te montre li pozitif pou mitasyon BRCA2 a te mete Gail nan yon risk anviwon 17% pandan lavi li pou devlope kansè nan ovè.

“Pou pasyan sa yo, nou rekòmande retire twonp Falòp yo ak ovè yo pou diminye risk la, paske se sèl fason pou anpeche kansè nan ovè,” Doktè Mazina di.

Gail te konprann rezonman sa a epi li te dakò pou fè operasyon an. Doktè yo Mazina ak Gadd te travay kole kole pou idantifye yon dat ki te apwopriye pou toude, kote de operasyon yo te kapab fèt youn apre lòt. Doktè Mazina te kòmanse an premye, li te retire twonp yo ak ovè yo avèk laparoskopi (yon pwosedi ki sèvi ak yon kamera epi ki mande sèlman kèk ti ensizyon). Apre sa, Doktè Gadd te fè lumpektomi a.

Tout pwosesis la te pran anviwon de zè edmi, epi Gail te retounen lakay li menm jou a. “Mwen te leve ap mache prèske tousuit. Mwen te gen anpil chans paske mwen pa t gen okenn pwoblèm,” li di. “Mwen te prèske pa bezwen okenn medikaman pou doulè.”

Men, Gail poko t ap soti nan sitiyasyon an nèt. Ovè ak twonp yo te retire pandan operasyon an te parèt nòmal ak je toutouni Sepandan, yon analiz patoloji te jwenn kansè mikwoskopik nan yon twonp ak nan yon ovè, ansanm ak selil kansè nan likid lave basen an yo te pran nan kòmansman operasyon an. Rezilta yo te montre Gail te gen kansè nan ovè nan etap 2.

“Dyagnostik sa a te yon chòk. Mwen te vrèman antre nan kèk moman ki te trè difisil,” li di. “Men, Doktè Mazina te ekstraòdinè. Mwen te santi m alèz pou m konfye l tout bagay. Li te la pou mwen."

Yon fanmi ki gen senk moun ap poze sou yon pon an bwa ki antoure ak anpil vejetasyon

Gail nan Berkshires ak fanmi li ak chen li, Brandi, pandan tretman li.

Deteksyon bonè fè tout diferans lan

Malgre dyagnostik kansè nan ovè a te fè pè, te gen yon bò pozitif: Paske li te sèlman nan etap 2, Gail te gen yon gwo chans pou tretman an reyisi.

Se tès jenetik la ki te rann yon rezilta favorab konsa posib. Si yo pa t jwenn mitasyon BRCA2 a, li pa t ap fè operasyon pou diminye risk la pou retire twonp li yo ak ovè li yo. Kòm rezilta, kansè nan ovè li a pwobableman pa t ap detekte jiskaske li te rive nan yon etap ki pi avanse. “Mwen gen anpil rekonesans paske mwen te fè tès jenetik la,” li di. “Li te sove lavi mwen — 100%.”

Apre sa, Gail te resevwa sis sik chimyoterapi anba siveyans Doktè Mazina. Lòt pase pèt cheve, li te sipòte tretman an byen.

Apre sa, Doktè Mazina te fè yon “operasyon konplè” pou retire matris Gail la ak omentòm li (yon moso tisi nan vant). Kansè nan ovè konn pafwa gaye nan de zòn sa yo. Erezman, nan ka Gail la, li pa t fè sa..

KKèk semèn apre, Gail te kòmanse wèDouglas Micalizzi, MD, PhD, yon onkològ medikal nan Mass General Brigham Cancer Institute ak direktè klinik Cancer Early Detection and Diagnostics Clinic. Doktè Micalizzi asire li menm Gail kontinye resevwa tès depistaj ki apwopriye pou pa sèlman kansè nan tete ak kansè nan ovè, men tou pou kansè nan pankreyas ak melanòm (kansè po). Depi pitit gason Gail la, Brent, te teste pozitif pou mitasyon BRCA2 a tou, yo fè tès depistaj pou li pou plizyè kalite kansè tou.

De fanm ki mete kapichon Boston Celtics ap parèt nan yon anviwònman andedan ki enfòmèl.

Gail (ki parèt sou bò dwat la) ap patisipe nan yon match Celtics ak yon zanmi pandan tretman li.

'Yon gwo santiman rekonesans'

Plis pase yon ane apre li te fini operasyon yo, Gail santi l trè byen. Anplis li retounen jwe pickleball, li adopte yon fason viv ki pi kalm..

“Se tankou ou tande moun di: Mwen apresye bagay yo plis, epi mwen pa kite ti bagay yo deranje m,” li di. “Mwen jis gen yon gwo santiman rekonesans.”

Gail ap kontinye wè Doktè Mazina, ki pral siveye nenpòt siy ki ta montre kansè nan ovè a ta retounen. Li pral wè Doktè Gadd tou pou mamogram chak ane ak eskanè imaj rezonans mayetik (MRI).

“Mwen te konn vin nève lè m bò kote doktè. Men, gras ak doktè ekstraòdinè mwen yo nan Mass General Brigham Cancer Institute, mwen pa gen krent sa a ankò,” Gail di. “Ant konpasyon yo ak ekspètiz yo, mwen pa ka di ase bon bagay sou yo.”

Yon fanm ki mete kas ak ekipay ap desann avèk kòd nan mitan yon forè ki plen pyebwa.

Gail ap selebre lavi a lè li fè zipline nan Costa Rica.