Rekonstriksyon men nan Mass General - Apre yon blesi grav, yo sove men yon Bèmidyen
David Scraders te grandi Bèmid, yon zile ki nan Oseyan Atlantik la, epi li travay kòm fabrikan pano ak sinyalizasyon pou gouvènman Bèmidyen an.
Pandan 20 dènye ane yo, li pratike tai chi avèk anpil pasyon. Tai chi se yon ansyen atizay masyal chinwa ki jodi a pratike kòm yon fòm egzèsis ki dous epi ki fèt ak mouvman grasye.
An 2017 pandan l t ap travay, David te blese grav nan men dwat li, li te koupe tandon ki sou do men l. Li te sibi plizyè operasyon epi li te entène lopital Bèmid. Men, akoz konpleksite blesi a ak dyabèt li te deja genyen, li te devlope yon enfeksyon grav. Tandon yo te vin ekspoze, yon pati nan po a te disparèt, epi li te pèdi anpil mobilite nan men li. Pou chèche yon solisyon, David te pran yon vòl de zèdtan soti Bermuda pou Boston pou rankontre yon ekip doktè nan Massachusetts General Hospital ki espesyalize nan operasyon men konplèks.
Mekanis rekonstriksyon men an
Lè David rive nan Mass General, li te rankontre ekip swen li a ki te gen doktè Kyle Eberlin, yon chirijyen ki espesyalize nan rekonstriksyon men nan Divizyon Operasyon Plastik la, nan tèt li. Li se direktè asosye pwogram fòmasyon avanse nan operasyon men (Hand Surgery Fellowship) nan Mass General, epi pratik li konsantre sou rekonstriksyon konplèks men, operasyon nè periferik ak mikwochiriji. Ekip la te gen ladan tou doktè Neal C. Chen, chèf enterimè Sèvis Operasyon Òtopedik Men an, direktè pwogram fòmasyon avanse nan operasyon men nan Mass General. Li espesyalize tou nan rekonstriksyon konplèks men, operasyon nè periferik ak mikwochiriji.
Apre aksidan an, Doktè Eberlin t ap eksplike, David te devlope yon enfeksyon grav sou do men l ki te mande yon gwo operasyon nan Bèmid pou elimine enfeksyon an. Malerezman, sa te kite yon gwo pati nan po ki sou do men li disparèt, epi tandon yo te rete ekspoze. Kò imen an eseye geri epi fèmen yon blesi konsa poukont li, men sa trè difisil nan zòn sa a, sitou lè blesi a gwo. Sa lakòz pèt mobilite, risk pou enfeksyon an kontinye, epi si tandon ki ekspoze yo mouri, sa ka mete tout bra a an danje.
Lè doktè mwen yo te fè m konnen jan blesi a te grav, mwen te efondre epi mwen te kriye. Si enfeksyon an te gaye plis toujou, yo te ka oblije koupe men m, David te di. Li te admèt: "Antanke yon moun ki renmen tai chi epi ki fè lavi li nan fabrike pano ak sinyalizasyon, sa t ap vrèman fè m mal si mwen te pèdi men m.
Ansanm, David, Doktè Eberlin, Doktè Chen ak rès ekip swen an te ansanm diskite sou tout detay operasyon rekonstriksyon men an ansanm ak rezilta yo t ap espere, epi apre sa, David te santi li alèz pou l kontinye ak operasyon an. Doktè Eberlin te te ekstrèmeman janti, David te kontinye. Mwen te santi mwen te kapab pale avè l sou tout bagay.
Apre yo te pran desizyon pou fè operasyon rekonstriksyon men an, Doktè Eberlin ak doktè Chen te kòmanse travay pou bay David pi bon chans pou li rekipere yon men ki fonksyone byen epi ki pa gen doulè. Pandan operasyon an, ki te dire anviwon sis èdtan, de doktè Mass General yo ansanm ak ekip yo te retire tisi sikatris yo nan men David, yo te lage epi repare tandon ki te domaje yo. Apre sa, yo te fè yon transplantasyon tisi gratis (free flap) lè yo te pran po ak tisi nan kwis David pou kouvri pati kote ki pa t gen po men an.
Doktè Eberlin te eksplike, do men an pa gen ase tisi ak po anplis pou fèmen yon blesi ki gwo konsa. Se poutèt sa nou te fè yon free flap (transplantasyon po) soti nan kwis David, kote pifò moun gen ase tisi anplis. Yon free flap se yon transplantasyon tisi ki soti nan yon pati nan kò a pou ale nan yon lòt pati. Li gen yon atè ak yon venn ki, lè yo konekte, bay nouvo tisi yo yon nouvo rezèv san. Doktè Eberlin te ajoute Mass General gen yon pousantaj siksè ant 98% ak 99% pou kalite transplantasyon tisi espesyal sa a.
David te di, Mwen pa t ko janm fè yon gwo operasyon konsa anvan, men mwen te aksepte se yon bagay ki te dwe fèt. Mwen te pran desizyon pou m rete kontan pandan tout tan mwen te pase nan Mass General. Youn nan enfimyè yo te di mwen mwen pa t sanble enkyete pou anyen. Mwen te reponn li: "Apre anpil ane ap pratike tai chi, ou devlope yon sèten mantalite!" Se te yon bon eksperyans.
Doktè Eberlin te fè remake avèk fyète ke sa ki fè swen pasyan Mass General yo tèlman espesyal nan domèn sa a se kolaborasyon sere ki genyen ant ekip Òtopedi, Operasyon Òtopedik Men ak Operasyon Plastik yo, ansanm ak ekspètiz yo genyen pou pran swen ka ki difisil epi ki pa kouran.
Chemen rekiperasyon an
Apre operasyon rekonstriksyon men David la te reyisi, Doktè Chen ak Doktè Eberlin te akonpaye li pandan plizyè mwa nan plan tretman pou rekiperasyon li. Sa te gen ladan yon semèn siveyans nan Mass General pou asire men an ak tisi transplantasyon an t ap geri byen epi sikilasyon san li t ap mache nòmalman. Li te resevwa tou reyabilitasyon avèk Terapi Okipasyonèl (OT), pandan li te entène lopital epi apre li te retounen lakay li, pou kòmanse pwosesis enpòtan rekipere itilizasyon men li. Terapet yo te fabrike yon atèl ki fèt espesyalman pou li, yo te fè l pratike divès egzèsis, epi yo te ede l reprann kapasite pou kenbe objè chak jou tankou yon bwòs dan. Terapi okipasyonèl la ede David kontinye pratike tai chi epi kontinye travay li.
Doktè Eberlin te di, depi jou mwen te rankontre David, atitid pozitif li te evidan.. Se yon plezi pou nou pran swen pasyan ki tèlman motive pou yo geri, epi sa gen yon gwo enpak sou rekiperasyon yo.
Doktè Chen te ajoute, volonte David te genyen pou l refè ak efò li te fè pou reyabilite men li te vrèman remakab. Antanke doktè, enfimyè ak terapet okipasyonèl, nou te ouvri pòt la pou li, men se li menm ki te fè tout travay la.
Plis pase yon ane depi aksidan an te fèt, epi David retounen nan travay. David trè satisfè de rezilta operasyon ak rekiperasyon li. Li fè konnen anpil moun felisite li pou jan li refè byen ak pou kalite transplantasyon po a. Mwen pa ko reprann tout mouvman men mwen nèt, men li amelyore anpil. Mwen jwenn bon rezilta.
Antanke yon pasyan entènasyonal nan Mass General, tout swen David te resevwa yo te kowòdone pa ekip Mass General Brigham International Patient Services la. Ekip sa a dedye pou ede pasyan entènasyonal yo navige sèvis Mass General yo, tankou pran randevou, mande dosye medikal, sèvis konsyèj, entèpretasyon lang, ansanm ak nenpòt lòt bezwen pasyan ki soti Bermuda oswa lòt peyi ka genyen anvan, pandan ak apre vizit yo nan Mass General.
Kontinye fè bon travay Mass General, David te konkli.