Istwa Remy: Terapi Radyasyon Adaptatif pou Trete Sarkòm Ewing
Lè Remy Dumas, ki gen 12 lane, te kòmanse santi yon doulè ki pa t vle ale nan ranch li, paran l yo, Doug ak Melinda, te panse se te yon blesi espò oswa doulè kwasans. Remy, yon ti gason ki pra l gen laj adolesan ki plen enèji epi ki aktif, te toujou an sante, sa ki fè doulè toudenkou a vin plis enkyetan.
Sa pa t parèt klè lè w te gade l deyò timè a pa t janm pouse depase po li men papa l te remake kèk ti chanjman ki pa t twò fasil pou wè: Remy t ap pèdi pwa, li te toujou santi l fatige, epi li pa t sanble ak jan li te konn ye a.
Papa Remy te enkyete l pou chanjman toudenkou nan sante pitit li a, li te ensiste pou yo fè plis tès. Imaj yo te konfime dyagnostik la: Sakòm Ewing, yon kansè nan zo ki ra ki sitou afekte timoun ak adolesan.
Maladi a kòmanse nan zo yo epi pafwa li ka gaye nan lòt pati nan kò a, pi souvan nan poumon yo oswa nan mwèl zo a.
Dyagnostik la te make kòmansman yon sityasyon entans nan chimyoterapi ak radyoterapi yon sityasyon ki t ap finalman mete Remy nan premye liy yon nouvo chapit nan swen kansè.
Kòmanse tretman an
Apre premye seri tretman chimiyoterapi a, Remy te reyaji trè byen ak tretman an. Tretman an te fè timè a retresi epi li te netwaye pifò ti tach ki te nan poumon l yo.
Pou trete timè ki te rete nan basen li a, fanmi an te rankontre avèk Hesham Elhalawani, MD, MSc, nan Mass General Brigham Cancer Institute (Enstiti Kansè Mass General Brigham). Doktè Doktè Elhalawani ap dirije sèvis tretman radyasyon pou kansè timoun ak jèn moun nan Brigham and Women’s Hospital (Lopital Brigham ak Fanm).
Doktè Elhalawani te prezante tretman radyasyon adaptatif (ART), yon nouvo metòd ki poko itilize tout kote nan timoun ki gen kansè epi ki se yon lòt mwayen pou yon operasyon ki konplike ki te ka mande pou retire yon pati nan zo basen li ak ane reyabilitasyon yo.
Dekouvri tretman radyasyon adaptatif
Apre anpil refleksyon ak rechèch, Doug ak Melinda te deside bay Remy pi bon chans li te genyen avèk ART la.
Li te antre nan listwa kòm premye pasyan timoun nan Brigham and Women’s Hospital (Lopital Brigham ak Fanm) ki te janm resevwa ART avèk sistèm Ethos la yon teknoloji ki adapte tretman an pou chak moun an tan reyèl.
Anjeneral, lè yo prepare yon plan radyoterapi nan kòmansman tretman an, se menm plan sa a yo kontinye sèvi avè l chak jou,” Doktè Elhalawani te di. Men kò timoun yo ka chanje rapidman pandan tretman an, timè yo ka vin pi piti, ògàn yo ka deplase, epi anatomi yon timoun ka chanje selon fason blad pipi li oswa trip li plen chak jou. Tout chanjman sa yo ka afekte presizyon fason radyasyon an rive sou timè a oswa fason li evite ògàn entèn ki poko fin devlope yo, sa ki ta ka san entansyon afekte fonksyon ògàn sa yo alontèm.
Paran Remy yo sonje yo te sezi okòmansman lè yo te di yo pitit gason yo a t ap premye timoun nan Massachusetts ki t ap sibi kalite tretman sa a.
Sa te boulvèsan okòmansman, Doug te di. Men lè Doktè Elhalawani ak ekip la te eksplike kijan sa fèt ak kijan yo t ap siveye tout bagay ak anpil atansyon, nou te santi nou gen konfyans se te bon chwa a.
Remy ak papa l ansanm ak manm ekip swen nan Mass General Brigham Cancer Institute (Enstiti Kansè Mass General Brigham)
Konfò ak sipò pandan ART
Sesyon tretman adaptatif yo te konn dire anviwon 50 minit, pandan tan sa a Remy te kapab kominike ak ekip swen li a atravè yon sistèm entèkominikasyon. Eksperyans lan te vin pi konfòtab toujou gras ak AVATAR, yon sistèm odyovizyèl ki pèmèt pasyan yo gade fim oswa emisyon pandan tretman an. Ti rekonfè sa yo te ede fè seyans radyasyon ki trè presi yo vin pi fasil pou jere, sa ki te kenbe l kalm epi enterese pandan tout tan an.
Pandan tretman radyasyon an, Remy te santi l tankou li te antre nèt nan linivè Demon Slayer la, menm jan ak lè li t ap gade seri a lakay li sou sofa a, olye li te kouche sou tab tretman an, se sa Doktè Elhalawani te di. Sa te ranpli nou ak chalè pou wè Remy ap jwi plis moman nan lavi nòmal li pandan li t ap pataje konesans sou pèsonaj emisyon an.
Remy te fini kou radyasyon prensipal li a jis atan pou Halloween. Gras ak yon bon planifikasyon ak sipò zanmi li yo, li te kapab patisipe nan fèt la, abiye ak kostim epi pran plezi pandan fèt la..
Mwen te vrèman kontan paske mwen te kapab patisipe nan tradisyon mande sirèt la ansanm ak zanmi mwen yo. Remy te di, se te yon bèl sware.
Swen k ap kontinye ak sipò kominote a
Malgre Remy fin konplete tretman radyasyon prensipal li a, li pral kontinye resevwa chimyoterapi pandan twa mwa ankò. Apre sa, li pral resevwa yon ti dòz radyasyon nan poumon li yo pou diminye risk pou maladi a retounenè. Pandan tout moman sa, fanmi Dumas a te resevwa yon sipò san mezi nan men zanmi, vwazen, ak anplwaye medikal yo.
Kenbe moral la wo se youn nan pati ki pi enpòtan nan moman sa a. Chak aksyon jantiyès, chak jès sipò, ajoute nan fòs ou, Doug te di.
Pandan Remy ap kontinye resevwa tretman li yo, istwa li demontre tout sa swen modèn pou kansè lakay timoun kapab pote: itilizasyon teknoloji ki avanse, tretman ki adapte ak bezwen chak timoun, ansanm ak swen ki fèt ak kè avèk konpasyon.
Doug te mete aksan sou enpòtans pou poze kesyon, defann enterè pitit ou, epi aprann otan sa posib sou opsyon tretman yo, sitou lè w ap fè resevwa nouvo kalite terapi..
Doug te di, "si mwen dwe pran desizyon an ankò, m t ap toujou chwazi chemen sa a". Ekip Enstiti Kansè Mass General Brigham nan te ekstraòdinè—yo te ban nou konfyans nan chak etap nan chemen an. Mwen pa ka jwenn ase mo pou m dekri nivo swen, konpasyon ak pwofesyonalis nou te jwenn la.
Remy sonnen klòch la apre li fin fè tretman ART la.
Remy sonnen klòch la apre dènye tretman ART li a