Istwa Rose : Premye Ranplasman Valv Aòtik pa Andoskopi nan New England
Lè Rose Landry, 66 lane, ki soti North Attleborough, te aprann li t ap bezwen yon ranplasman valv aòtik, li te panse li te konnen sa pou l atann, epi li pa t anvi sa.
Rose te di, "Bèlmè mwen te fè yon operasyon pou ranplase valv aòtik li an 2003, epi se mwen ki te moun ki te akonpaye l ak sipòte l, se poutèt sa, mwen te deja gen yon lide sou sa operasyon sa a t ap ye". Rekiperasyon an te difisil.
Lè sa a, Rose te rankontre avèk Tommaso Hinna Danesi, MD, chirijyen kadyak nan Mass General Brigham epi ki chèf seksyon operasyon valv ak direktè Pwogram Operasyon Valv Andoskopik nan Brigham and Women's Hospital (Lopital Brigham ak Fanm).
Rankont sa a t ap chanje tout bagay pou Rose, pandan l t ap make tou yon etap enpòtan nan domèn medikal.
Nan mwa janvye 2024 la, Rose te vin premye moun nan New England ki te sibi yon operasyon ranplasman valv aòtik ki fèt nèt pa mwayen andoskopi, ki te fèt nèt nan yon sèl ensizyon mwatye pous nan pwatrin li. Doktè Danesi, ki te rantre nan Mass General Brigham nan otòn pase a pou etabli pwogram nan nan Brigham and Women'ss, se youn nan kèk chirijyen kadyak nan mond lan ki gen konpetans nan pwosedi sa a.
Wè jan pasyan yo refè byen vit apre operasyon an nan pwosedi sa a se bagay ki pi satisfezan pou mwen, Dotkè Danesi te di. De premye jou yo, ou santi w tankou ou gen yon gwo grip. Ou kòmanse santi w pi byen sou twazyèm jou a. Lè sa a, ou jis anwiye epi w ap tann pou w al lakay ou, sa ki anjeneral rive nan katriyèm oswa senkyèm jou a. Paske nou diminye blesi operasyon an lakòz, ou pa oblije suiv restriksyon yo konn bay apre yon operasyon kè. Ou ka leve bagay, pran douch, kondwi epi retounen travay nenpòt lè ou pare. Sa yo ka sanble tankou ti aktivite, men yo se gwo objektif pou yon moun ki te pase yon operasyon kote yo te fann kè w.
Rose, yon kontab epi grann de pitit pitit, te kontan anpil pou wè sa reflete nan pwòp eksperyans pa li.
Li te di, "Lè m te kite ICU a, mwen pa t pran okenn medikaman pou doulè, ni Tylenol". "Twa semèn apre operasyon an, mwen pa t ka kwè jan mwen te santi m byen". Èske mwen te retounen nèt jan mwen te ye anvan? Non, men mwen te kapab fè ti mache, fè manje ak fè lesiv poukont mwen. Mwen tande pifò moun pran twa oswa kat mwa pou rive kote mwen te ye nan sis a uit semèn apre operasyon sa a. Kounye a m ap mache 30 minit pa jou, mwen ale nan sal espò epi m ap travay a tan pasyèl.
Mwen prèske pa ka kwè yon bagay konsa, epi mwen pa jwenn mo ki ka byen dekri jan gerizon mwen an ap mache byen ak jan mwen santi m anfòm.
Rose Landry, Pasyan
Pwoblèm valv tankou sa a ka trete nan plizyè fason. Operasyon klasik ouvri kè, kote yo koupe zo pwatrin la nèt (stènotomi) oswa pasyèlman (mini stènotomi), ki pèmèt doktè k ap opere kè yo jwenn aksè dirèk ak kè a pou repare oswa ranplase yon valv. Malgre yo te konsidere l pandan lontan kòm pi bon metòd la, tan gerizon an long, anviwon 12 semèn. Yon lòt metòd ki rele mini torakotomi gen ladan l ensizyon ant kòt yo, sa ki evite nesesite pou ouvri pwatrin lan. Li mwens anvayisan epi moun lan geri pi rapid, men li toujou gen kèk mouvman moun lan pa kapab fè apre operasyon an.
Mwen prèske pa ka kwè yon bagay konsa, epi mwen pa jwenn mo ki ka byen dekri jan gerizon mwen an ap mache byen ak jan mwen santi m anfòm.
Ranplasman valv aòtik pa entrakat (TAVR) sèvi ak teknoloji avanse pou fè imaj medikal, sa ki ede espesyalis yo gide yon katetè rive nan kè a, atravè yon ti ouvèti nan janm, nan lenn (kòt anch), oswa nan pwatrin pou mete yon nouvo valv aòtik. Yo ka fè TAVR san yo pa bezwen anestezi jeneral ni machin kontoune kè-poumon (bypass kadyopilmonè), epi pasyan yo refè pi vit pase apre yon operasyon tradisyonèl. Anjeneral, yo ka retounen lakay yo nan youn oswa de jou. Sepandan, se pa tout pasyan ki se yon bon kandida pou TAVR, sa depann de anatomi yo.
Se te ka a pou Rose, ki te evalye pou operasyon ak yon pwosedi TAVR pandan randevou li.
Nenpòt desepsyon li te santi paske li pa t kalifye pou TAVR te disparèt byen vit apre li te rankontre ak Doktè a. Danesi.
Mwen pa janm rankontre yon chirijyen, doktè oswa pwofesyonèl medikal ki gen plis konpasyon. Depi premye rankont mwen menm ak mari m te genyen ak Doktè. Danesi, li te enspire nou konfyans total, li te di. Li te eksplike nèt sa pwosedi mwen an t ap gen ladan, kijan m t ap santi m ak kijan rekiperasyon an t ap ye, li te kanpe plizyè fwa pandan reyinyon nou an pou l te asire l ke nou te konprann epi pou l te poze ki kesyon nou te genyen.
Rose Landry
Swen avanse avèk konpasyon
Atravè ti ensizyon yo, Doktè Danesi ak ekip li a t ap mete enstriman operasyon yo ak kamera pou ranplase valv la. Menm jan ak operasyon kè tradisyonèl, sa mande yon ekip espesyalize, avèk plizyè espesyalis nan diferan branch, ki gen ladan yon anesteziyolojis kadyak, yon pèfizyonis kadyovaskilè, enfimyè sal operasyon kadyovaskilè ak lòt pèsonèl ki byen fòme.
Mwen te di l, Operasyon w ap pral fè a se egzakteman menm bagay la, nan yon pèspektiv teknik, ak operasyon louvri kè. Diferans lan se fason mwen antre nan kè a, li te di.
Rose te di, posiblite pou yon gerizon ki pi rapid ak pi fasil te fè desizyon pou avanse ak pwosedi a vin yon desizyon fasil pou pran.
Li te di, depi reyinyon sa a jiska operasyon an menm, mwen te vrèman ap tann epi mwen te espere ke m t ap kalifye pou operasyon ki totalman andoskopik la". Kounye a, "mwen prèske pa ka kwè yon bagay konsa, epi mwen pa jwenn mo ki ka byen dekri jan gerizon mwen an ap mache byen ak jan mwen santi m anfòm.
Rose te di li pa t gen okenn enkyetid sou lefèt ke li te premye moun nan New England ki te sibi nouvo operasyon sa a, gras ak ekspètiz ekip swen li a epi avèk konpasyon, ki santre sou pasyan an.
Doktè Danesi pran yon apwòch ki konsidere pasyan an nan tout dimansyon li, li montre enkyetid ak konpreyansyon pa sèlman pou aspè fizik yo, men tou pou aspè mantal ak emosyonèl ki gen rapò ak jan mwen te santi m. Li te rankontre avèk mwen omwen yon fwa, men anjeneral de fwa chak jou mwen te nan lopital la. Li te di, li te swiv mwen apre mwen te retounen lakay mwen, ni pa telefòn ni pa imèl. "Tout ekip la, asistan doktè yo (PA) ki te vin wè m pandan vizit yo, enfimyè ekstraòdinè nan inite swen entansif la, ak anpil lòt moun ankò — tout te fè m santi yo te vrèman pran swen mwen, tankou sa te pi plis pase yon senp travay pou yo."
Pou Doktè Danesi, wè rezilta konsa montre rezon ki fè li gen anpil pasyon pou fè operasyon kadyak totalman andoskopik disponib pou plis pasyan, enkli moun ki gen lòt pwoblèm sante, epi pou fòme pwochen jenerasyon chirijyen kadyak yo nan teknik sa a.
"Mwen te wè Madan Rose kat semèn apre operasyon an, epi li te parèt anfòm. Li te di "mwen pa t ap kapab di li te fè yon gwo operasyon kote yo te louvri kè l si se sèlman figi li k ap souri mwen t ap gade". Mwen te kontan paske mwen te ede retabli kalite lavi li, epi mwen pa t vle pou li santi li se 'yon pasyan kè' pou tout rès lavi li. Sa a se yon eksperyans medikal kote entèvansyon chirijikal yo limite, depi admisyon jiska egzeyat.