Istwa Tara: Jwenn yon nouvo objektif apre SCAD
Tara Benoit, 47 an, te yon manman aktif ki an sante, ki gen de pitit gason, k ap viv nan sid New Hampshire lè gwo doulè nan pwatrin te chanje lavi li pou toutan.
Antanke pwopriyetè yon konpayi rekritman ki fè siksè epi PDG konpayi an, li te yon atlèt devwe tou epi li te patisipe nan konpetisyon fizik. Li te dènye moun zanmi ak fanmi te janm espere ki t ap gen yon pwoblèm kè. Men, nan mwa me 2023 a, li te kòmanse gen gwo doulè nan pwatrin ki t ap vin pi mal. Finalman, yo te dyagnostike Tara epi te jwenn li gen yon diseksyon atè kowonè sanzatann, oswa SCAD.
Tara di "Sa fè m sezi ke sa te rive nan moman sa a, paske m t ap prepare pou pwochen konpetisyon fizik mwen an". Li te nan pi bon kondisyon fizik nan lavi li.
SCAD se yon maladi ki ra kote atè kowonè a, yon gwo veso sangen ki bay kè a san ki chaje ak oksijèn, chire san avètisman. Sa lakòz senyen anndan miray veso a epi li deranje sikilasyon san ki ale nan misk kè a. Sa ka vlakoz kriz kadyak ak arè kadyak. Se yon kondisyon ki tèlman ra, Tara te gen difikilte pou jwenn yon dyagnostik egzat ak bon tretman an.
Erezman, yo te refere li bay Sarah Tsiaras, MD, yon kadyològ Mass General Brigham ki pran swen pasyan nan Massachusetts General Hospital (Lopital Jeneral Massachusetts). Doktè Tsiaras fè pati Pwogram SCAD nan Pwogram Sante Kè Fanm Corrigan, ki se youn nan kèk sant nan peyi a ki espesyalize nan pran swen pasyan ki gen SCAD.
"Mwen te tèlman kontan ke mwen te jwenn yon kote toupre mwen ki gen kèk nan pi bon doktè nan lemonn antye", Nan moman sa a, rekiperasyon mwen te kòmanse vin pi bon. Tara te di "Mwen te santi m pi an sekirite, paske mwen te gen konfyans mwen te nan men bon pwofesyonèl yo kounye a".
Doulè nan pwatrin ki pa eksplike lakoz yon dyagnostik devastatè
Doulè nan pwatrin Tara a te kòmanse yon ti tan apre fanmi li te retounen soti nan vakans an me 2023. Lè li te kòmanse santi tou yon sansasyon presyon k ap peze nan kè li, ak pikotman k ap desann nan bra gòch li, li te ale nan ijans. Premye analiz san ak tès yo pa t jwenn anyen ki mal.
Yon doktè te sijere ke li ta ka anksyete. Mwen te di: "San manke nou respè, mwen sèten se pa anksyete" Sa twouble m paske mwen te rankontre anpil fanm nan gwoup sipò, tout laj, ak istwa ki sanble. Tara di "Yo te rejte nou kòm moun ki gen anksyete, yo te voye nou lakay nou poutèt mank konesans".
Sentòm SCAD yo sanble ak yon kriz kadyak tradisyonèl epi yo ka souvan lakoz yon reta nan dyagnostik pou pasyan yo. Sentòm yo ka gen ladan yo:
- Doulè nan pwatrin
- Doulè nan machwè, zepòl, oswa bra
- Souf kout
- Vètij
- Noze
- Swe
De jou apre li te retounen lakay li soti nan lopital la, Tara te santi doulè nan pwatrin ki pi grav toujou, ansanm ak souf kout, doulè nan bra, machwè, ak do, swe, epi li te pèdi konsyans. Yon anbilans te mennen l nan yon lòt lopital.
Malgre yon EKG nòmal (yon tès ki anrejistre siyal elektrik kè a), analiz san li te montre nivo twoponin ki wo. Troponin se yon pwoteyin yo jwenn nan selil misk kè yo. Prezans li nan san Tara te endike ke li te gen misk kè ki domaje. Doktè yo te fè yon kateterizasyon kadyak Yo te pase yon tib mens, fleksib nan veso sangen Tara pou egzamine atè kè yo an plis detay.
Se pandan pwosedi sa a Tara te resevwa dyagnostik SCAD ki chanje lavi l la, ki te lakòz li fè yon kriz kadyak. Li te di "Mwen te trè rekonesan dèske mwen vivan, men mwen te tou devaste ak dyagnostik mwen an ak nouvo kondisyon sa a".
Tara te jwenn Pwogram SCAD la apre li te retounen lakay li epi li te kòmanse fè rechèch sou opsyon pou avanse rekiperasyon li. Apre eksperyans fristran li te fè pou jwenn dyagnostik ak tretman, Tara te apresye ekspètiz nan Mass General epi li te santi l alèz avèk doktè Tsiaras. Tsiaras ak ekip la.
Tout bagay te mache san pwoblèm epi byen òganize, epi mwen pa t janm wè sa anvan. Sa te fè m santi m an sekirite. Li te konnen tout bagay sou mwen. Yo te pale sou ka mwen an ak lòt doktè anvan menm mwen te rive la, epi mwen te sezi anpil. Li di: "Mwen te vrèman sezi wè jan yo te pran swen mwen byen."
Faktè risk SCAD
Nan Mass General, Tara te kapab aprann plis sou nouvo kondisyon grav li a.
Katreven-dis pousan SCAD rive nan fanm ki pa gen okenn istwa pwoblèm kè epi ki souvan pa gen faktè risk tradisyonèl pou maladi atè kowonè, tankou tansyon wo (ipètansyon), kolestewòl wo, dyabèt, fimen, oswa istwa fanmi. "Laj yo wè sa rive pi souvan se ant 45 ak 55 an, lè fanm yo kòmanse ap pwoche oswa ap pase menopòz. Men, pafwa li ka rive tou pandan yon fanm ansent." Doktè Tsiaras di.
Kòz egzak SCAD, ak poukisa li sitou afekte fanm ki an sante otreman, toujou pa fin konprann nèt. Koz potansyèl yo ka gen ladan yo:
- Yon anomali kache nan atè a oswa veso sangen an, jan yo wè nan kèk kondisyon tankou displazi fibwomiskilè. Sa a se yon maladi kote mi atè yo gen devlopman oswa kwasans selil ki pa nòmal.
- Yon evènman emosyonèl oswa fizik ki sot pase ki bay estrès
- Chanjman òmòn yo wè nan gwosès oswa menopoz
- Kèk kondisyon jenetik oswa mitasyon tankou sendwòm Marfan, sendwòm Ehlers-Danlos, oswa sendwòm Loeys-Dietz
Pafwa li ka yon konbinezon de yon anòmali vaskilè kache ki vin pi grav akoz yon faktè estrès emosyonèl. "Mwen te gen pasyan ki te gen difikilte nan maryaj yo, ki te boulvèse nan yon entèraksyon avèk yon kliyan, oswa ki te jis anba anpil estrès pou balanse karyè ak responsablite fanmi", doktè Tsiaras eksplike.
Nan Mass General, doktè yo fè tès depistaj pou pasyan ki gen SCAD pou displazi fibwomiskilè. Yo ofri tou tès jenetik bay kèk pasyan. "Dènyèman, nou kòmanse panse plizyè jèn ka travay ansanm pou ogmante risk pou yon moun devlope maladi sa a." doktè Tsiaras di.
Tretman pèsonalize pou SCAD
Anplis tès depistaj pou faktè risk potansyèl ak kòz, Pwogram SCAD la konekte pasyan yo ak yon ekip ki gen plizyè espesyalis nan diferan branch ki gen ladan jenetisyan kadyak, espesyalis medikaman vaskilè, kadyològ entèvansyonèl, radyològ kadyak, ak yon sikològ ki espesyalize nan travay ak pasyan kadyak. Yo travay pou devlope plan tretman ak rekiperasyon endividyèl pou chak pasyan.
Tretman pou SCAD se yon pwosesis dousman, ak siveyans atansyon sou pasyan an. Pasyan yo ka pran medikaman sou preskripsyon ki fè san an vin pi likid epi kontwole tansyon an. Nan kèk ka ki grav, doktè yo ka rekòmande operasyon, tankou mete yon ti tib espesyal (stent) pou louvri atè a, oswa fè yon operasyon kontounman.
Kontrèman ak yon kriz kadyak tradisyonèl kote veso sangen an bouche pa plak, nou eseye jere li yon fason konsèvatif si nou kapab. Nan pifò ka yo, veso yo ap geri sou yon peryòd kèk semèn si yo kite yo an repo, Doktè Tsiaras eksplike.
Reyabilitasyon kadyak ak sipò sante mantal
Founisè swen sante yo konseye pasyan yo tou sou fason pou yo retounen nan lavi nòmal yo.
Nou rekòmande yon pwogram reyabilitasyon kadyak pou pifò nan pasyan nou yo, kote yo ka retounen aktif nan yon anviwònman ki anba sipèvizyon. Sa bay pasyan yo konfyans, lè yo konnen yo nan yon anviwònman ki pi an sekirite ak moun k ap kontwole mouvman yo ak tansyon yo, doktè Tsiaras di.
Pasyan yo ta dwe evite leve pwa lou ki mande pou yo kenbe souf yo, ak egzèsis ekstrèm oswa anaerobi. Doktè Tsiaras fè konnen, lè veso sangen an fin geri, egzèsis aerobic ki fèt avèk modération sanble li san danje. Men, pasyan yo ta dwe toujou pridan. Chèchè yo ap etidye kounye a pi bon fason pou konseye pasyan yo sou fè egzèsis apre SCAD.
Reyabilitasyon kadyak la trè itil anpil. Sa te ede m anpil pou m te avèk lòt moun ki t ap pase nan menm bagay yo. Apre SCAD, ou ka santi tankou ou pa fè kò w konfyans. Mwen te itilize zouti mwen te aprann la pou ede m reprann konfyans mwen, Tara di.
Genyen tou yon anfaz sou tretman sante mantal kòm yon pati nan rekiperasyon SCAD. Pasyan yo aprann fason pou jere estrès, fè fas ak chòk emosyonèl yo te viv la, epi yo ka menm patisipe nan sesyon terapi an gwoup avèk lòt moun ki gen pwoblèm kè. Tara te wè yon sikyat nan Mass General (yon lopital renome Ozetazini) ki te ede l adapte ak nouvo reyalite li. Li di "Doktè a te di m li pa t janm travay ak yon moun tankou m anvan, ki te oblije chanje fason l viv anpil konsa".
Tara te konekte tou ak lòt pasyan SCAD li te rankontre nan Mass General ak atravè diferan gwoup sipò. Se yon bagay ki tèlman enpòtan pou nenpòt moun k ap geri. Sa kapab jis yon sèl moun, men gen lòt moun ki sipòte w epi ki konprann sa w ap pase a fè yon gwo diferans.
Evite aktivite ki mande anpil efò epi bay sante mantal priyorite ka ede anpeche yon lòt SCAD rive, sa ki ra men ki rive nan anviwon 10% ka yo. Mwen eseye vire sa a epi di, gen yon chans 90 % sa pa pral rive ankè. E nou konnen tretman pou kontwole tansyon, restriksyon sou egzèsis, ak jesyon estrès ede ak sa, "Doktè Tsiaras di.
Istwa Tara a, malerezman, pa ra. Mwen panse li enpòtan pou edike fanm yo sou sentòm yo dwe chèche, sou posibilite SCAD kòm yon dyagnostik, epi sou kijan pou yo defann tèt yo. Nou bezwen kontinye edike founisè swen sante nan ijans ak lopital kominotè yo sou dyagnostik sa a.
Sarah Tsiaras, MD
- Kadyològ
- Mass General Brigham
Vin tounen yon defansè pasyan
Pou yon moun ki abitye anpil ak aktivite, nouvo limit Tara yo te fristre l anpil, sitou nan premye jou rekiperasyon li yo. Mwen te konn monte yon eskalye epi mwen te oblije chita pandan 20 minit. Mwen te oblije kouche pifò nan jounen an, sa ki te yon gwo defi pou yon moun aktif, li di.
Lè atè li te kòmanse geri epi li te vin pi estab, Tara te itilize menm motivasyon an ki te ede l reyalize siksè nan biznis ak nan konpetisyon fizik pou devlope rekiperasyon li. Li te ogmante nivo aktivite li piti piti epi finalman li te retounen nan sal espò a.
Sa te parèt trè diferan pou mwen. Li di: "Mwen te pase soti nan fè egzèsis kote mwen t ap leve 425 liv ak ranch mwen, pou rive nan yon moman kote mwen pa t ka leve plis pase 30 liv." Li di chanjman sa a te difisil anpil pou li sou plan emosyonèl. Avèk sipò mari l, fanmi l, zanmi l, ak kominote l, Tara ap kenbe yon atitid pozitif. Li menm enskri pou kòmanse fòmasyon pwofesè yoga.
Objektif mwen kounye a, pandan m ap kontinye geri, se pou m plis enplike nan sansibilize moun sou tout pwoblèm sante kè fanm yo epi sitou SCAD. Si mwen ka anpeche yon moun soufri epi pase sa mwen te pase a, sa t ap vle di anpil pou mwen,Tara di.
Doktè Tsiaras konfime ke edike ni pasyan yo ni founisè swen sante yo esansyèl pou ogmante konsyantizasyon sou SCAD. Istwa Tara a, malerezman, pa ra. Mwen panse li enpòtan pou edike fanm yo sou sentòm yo dwe chèche, sou posibilite SCAD kòm yon dyagnostik, epi sou kijan pou yo defann tèt yo. Nou bezwen kontinye edike founisè swen sante nan ijans ak lopital kominotè yo sou dyagnostik sa a, li di.
Tara nan ekipman egzèsis sou yon tapi kouri
Tara te retounen fè egzèsis apre li te fin refè apre SCAD.