false

Rechèch pou yon retablisman konplè: Istwa Liu Ming

Pou Liu Ming, fè fas ak myelom miltip se yon vwayaj ki difisil. Orijinè pwovens Shanxi nan Lachin, Liu te vwayaje nan Beijing pou jwenn tretman. Tretman estanda tankou chimyoterapi te montre siy kèk siksè kont maladi a okòmansman, men yo pa t janm ka rive jwenn yon retablisman konplè. Pou jwenn yon retablisman konplè alontèm, Liu te deside vwayaje Ozetazini pou rankontre Doktè Noopur Raje, ak ekip onkoloji nan Mass General Brigham Cancer Institute. Espwa li se te ke pwogram terapi selil T CAR a, yon tretman nouvo ki, nan kèk pasyan kansè, te rive jwenn retablisman alontèm, t ap dènye etap nan rechèch 5 lane li pou yon solisyon.

Dekouvri maladi a atravè yon blesi toudenkou

An desanm 2017, Liu te gen yon kòt ki kase sanzatann. Pandan li te nan lopital lokal li a pou trete ka zo kase a, li te devlope yon lafyèv ki pa t vle pase. Pou ede detèmine koz la, doktè li yo te fè yon tès pipi. Rezilta yo te montre ren Liu yo te gen siy ki endike yo pa t ap fonksyone nòmalman, men rezilta yo pa t ase klè pou bay yon konklizyon.

Paske rezilta yo pa t definitif, doktè yo te refere Liu nan yon lopital nan Beijing pou yon egzamen pi apwofondi. Li te vwayaje nan Beijing epi li te sibi yon seri tès, avèk espwa pou jwenn yon repons. Lè li rive la, tès yo te revele yon nouvèl ke li pa t espere. An reyalite, se pa ren Liu yo ki te gen pwoblèm lan li te gen myelòm miltip nan etap IIA.

Doktè nan lopital Beijing la te touswit kòmanse trete l ak plizyè kou dwòg chimyoterapi pandan tout ane 2018 la ak yon transplantasyon selil souch lè l sèvi avèk pwòp selil pa l. Premye tès yo te fè pou wè si tretman an t ap mache yo te bay rezilta ki ankourajan. Kòm rezilta, doktè yo te chanje Liu pou li pran yon dòz chimyoterapi ki pi ba, avèk espwa pou yo kenbe kansè a anba kontwòl, pandan y ap vize rive piti piti nan yon diminisyon konplè.

Fè eksperyans yon sik konstan san fen evidan

Sepandan, pandan twa ane ki te swiv yo, Liu te kontinye fè eksperyans sik retablisman pasyèl ak rekourans myeloma miltip la. Sa te fè li difisil pou li konsantre nan travay li, paske li te toujou ap viv nan yon eta enkyetid ak malèz.

Fè plizyè peryòd kote li te rekòmanse chimyoterapi, li te santi li pi byen, epi apre sa kansè a te retounen ankò, sa te vrèman dekourajan. Nan moman sa a, mwen pa t gen anpil espwa. Mwen te mande tèt mwen si se te vrèman konsa rès lavi m t ap ye, kèlkeswa tan mwen te rete.

Chèche yon tretman ki bay espwa aletranje

Liu te vire gade bò Etazini pou chèche yon solisyon ki ta ka mennen li nan yon remisyon alontèm. Li te travay ak yon konpayi ki rele Auro Medical pou ede jwenn pi bon lopital ki te kapab ofri terapi selil T CAR (reseptè antijèn chimèrik), yon kalite iminitèterapi ki te montre bon rezilta nan trete plizyè kalite kansè, sitou pou pasyan ki pa t byen reponn ak chimyoterapi ak lòt tretman nòmal yo.

Nan terapi selil T CAR, yo rekòlte pwòp selil T pasyan an, yo re-enjenyè yo pou atake selil kansè espesifik, epi yo mete yo tounen nan kò pasyan an pou ede konbat maladi a. Paske terapi selil T CAR itilize pwòp selil T kè a, selil yo ka miltipliye lè gen plis kansè pou rejte, epi retresi pandan timè yo elimine. Se konsa tretman sa a ka ede pasyan yo jwenn yon amelyorasyon ki dire lontan, menm pou moun ki gen kèk nan fòm kansè ki pi avanse yo.

Vwayaje nan Mass General pou terapi selil T CAR

Avèk èd Auro Medical, Liu te rive nan mwa jen 2022 nan Mass General Brigham Cancer Institute (enstiti Kansè Mass General Brigham) nan Boston, Massachusetts, pou rankontre Doktè Noopur Raje, direktè Sant pou Myelom Miltip. Ekip swen ki gen plizyè espesyalis nan plizyè branch diferan an te detèmine ke Liu te yon bon kandida epi li te ranpli kondisyon yo pou resevwa terapi selil T CAR. Yo te prevwa pran san nan mwa septanm, epi yo te prevwa administre tretman an nan mwa oktòb.

Nan fen mwa oktòb, Liu te resevwa tretman selil T CAR pandan yon semèn. Malgre li te santi l byen okòmansman, li te kòmanse fè eksperyans efè segondè tankou lafyèv, malèz nan vant, ak pèt apeti. Ekip swen li nan Mass General Brigham Cancer Institute te an kontak konstan pou bay asirans ak metòd pou soulaje sentòm yo jiskaske yo te kòmanse rezoud apre kèk jou.

Pandan tout vizit mwen yo, depi premye konsiltasyon an, pandan tretman an, jouk nan randevou swivi yo, ekip swen mwen an te toujou ban mwen konfyans grasa fason yo te kominike avè m klèman epi ak transparans. Liu di, Mwen te toujou santi mwen te konnen sa pou m atann nan chak etap nan pwosesis la.

Ranpli rechèch la epi retounen nan lavi nòmal

Liu te rete Ozetazini pou de lòt mwa pandan doktè yo te kontinye swiv li avèk swen li. Raje ak ekip la te swiv pwogrè tretman an. Finalman, nan dènye vizit swivi li a, li te resevwa nouvèl li te konn panse ki te sèlman yon espwa: myelòm miltip la te disparèt nan tès yo nèt.

Liu te retounen nan peyi Lachin an janvye 2023, kote li te rankontre ak doktè nan Beijing pou verifye si kansè a te toujou pa t parèt ankò. Doktè Raje te kontinye egzamine imaj medikal (scan) Liu yo, epi li te konfime kansè a te disparèt nèt: li pa t bezwen okenn lòt tretman ankò, epi finalman li te kapab retounen viv yon lavi nòmal.

Li te di "Apre yo te fin fè dyagnostik kansè a pou mwen an 2018 epi apre prèske 5 lane ap resevwa tretman, tande nouvèl ke kounye a mwen pa gen kansè ankò te fè m santi yon soulajman mwen pa t santi depi lontan. Malgre mwen toujou gen lide ke kansè a ta ka retounen nenpòt ki lè akoz eksperyans mwen pandan kèk ane ki sot pase yo, mwen gen konfyans avèk prekosyon ke terapi selil T CAR a te solisyon mwen t ap espere a. Mwen ap toujou gen anpil rekonesans pou espesyalis yo nan Lachin ak nan Mass General Brigham Cancer Institute (Enstiti Kansè Mass General Brigham) ki te pran swen mwen epi ki te trete mwen.

primary
internal
Aprann plis sou Swen Pasyan Entènasyonal Mass General Brigham
/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international