Vwayaje 2414 mil pou jwenn swen kansè nan nivo mondyal
Lè Jose Moreno te dyagnostike ak kansè nan kavite oral pandan 64 lane, doktè li a pa t sèlman rekòmande trètman. Li te rekòmande yon vwayaj pou vini nan Mass General Brigham, 2414 kilomèt lwen kay José nan Puerto Plata, Repiblik Dominikèn.
Poukisa moun dwe vwayaje soti byen lwen konsa pou jwenn swen?
"Chirijyen maksilofasyal mwen an te rekòmande ekip Mass General Brigham Cancer Institute (Enstiti Kansè Mass General Brigham) a pou ekspètiz yo ak gwo eksperyans yo nan kansè nan tèt ak kou," José te di. "Li te fè konnen tou se sèlman kèk lopital Ozetazini ki genyen nivo konesans ak eksperyans sa a, e Massachusetts General Hospital se youn ladan yo."
Mass General se yon manm fondatè sistèm swen sante Mass General Brigham.
Byopsi mennen nan yon dyagnostik kansè selil eskame
José te devlope yon maleng nan machwè dwat li epi yon chirijyen maksilofasyal nan Repiblik Dominikèn te wè li. Doktè a te fè yon byopsi, ki te vin negatif.
Kòm maleng lan te toujou la plizyè mwa apre, José te ale wè yon lòt espesyalis maksilofasyal. Apre yon byopsi, doktè sa a te fè yon dyagnostik pou lichen planus, yon maladi enflamatwa ki dire lontan. Doktè a te preskri José medikaman, ki te panse kondisyon an t ap amelyore.
Apre kèk mwa, maleng lan te toujou la. José te chèche yon lòt espesyalis maksilofasyal ankò. Fwa sa a, yon byopsi pi apwofondi te bay yon dyagnostik li gen kansè selil eskame, ki se kalite kansè nan bouch ki pi komen, nan selil ki kouvri anndan machwè li a. Si yo pa trete l, timè a ka gaye nan lòt zòn nan kò a.
"Mwen te choke lè m te aprann kondisyon mwen," José te di. "Kansè" se yon mo ki fè pè."
Jwenn yon bon doktè pou José
Yon zanmi fanmi an te rekòmande pou José rele Sèvis pou Pasyan Entènasyonal nan Mass General Brigham. Lyezon pasyan entènasyonal Marvin Gonzalez-Romero te pwen kontak li.
Marvin ede pasyan ki soti nan Repiblik Dominikèn ak vwayaj swen yo nan Mass General Brigham. Sa gen ladan l gide chak nouvo pasyan pou jwenn bon doktè a. Nan ka José a, yon non te parét klé: Wais Rahmati, MD, MPH, FACS. Li se yon otolaringològ ak chirijyen tèt ak kou nan Mass Eye and Ear, yon enstitisyon manm Mass General Brigham.
Doktè Rahmati t ap gen pou l rasanble yon ekip swen kansè ki te gen ladan l doktè ki soti nan Mass General Brigham Cancer Institute (Enstiti Kansè Mass General Brigham. Men pou kounye a, priyorite prensipal li se te fè José vini nan biwo l pou yon egzamen.
"Mwen wè pasyan yo byen vit si yo gen yon chanjman oswa yon anomali nan bouch yo, nan gòj yo oswa nan kou yo ki ta ka malfezan," doktè Rahmati te di. "Nou konnen ke avèk kansè, tan anvan tretman an gen yon gwo enpak sou rezilta a. Se poutèt sa nou vle kòmanse egzamen yo ak tretman an pi vit ke posib."
Yon efò ekip pou detèmine plan tretman an
Madanm José, pitit fi li, ak sè li te vini avè l nan Boston. Yon nouvo byopsi nan Mass Eye and Ear te konfime dyagnostik kansè selil eskame a.
"Timè ki nan kote sa a jeneralman trete ak operasyon an premye, Doktè Rahmati te di. "Men pwosedi a ka kite yon gwo defòmasyon ki mande yon gwo rekonstriksyon." Kapab gen pèt fonksyònman tou. Anplis, machwè a se yon zòn ki mens. Timè a ka grandi nan nenpòt direksyon, sa ki ka fè retire timè a nèt yon bagay ki difisil''.
Doktè Rahmati te deside kreye ekip swen kansè José a, ki te gen ladan l:
- Daniel G. Deschler, MD, FACS, yon chirijyen onkolojik ak rekonstriktif nan Mass Eye and Ear
- Manisha Jayandra Patel, MD, yon onkològ medikal nan Mass General
- Annie Waifong Chan, MD, yon onkològ radyasyon nan Mass General
Doktè Patel ak Doktè Chan te rankontre José apre sa nan klinik avèk plizyè espesyalis nan diferan branch chak semèn yo. Apre sa, konsèy timè Mass General/Mass Eye and Ear te revize ka li a. Komite timè a gen ladan l chirijyen, onkològ radyoterapi, onkològ medikal, radyològ, patolojis, ansanm ak lòt pwofesyonèl swen sante ki konsantre sou tretman kansè nan tèt ak kou. Ansanm, yo diskite sou chak ka epi yo deside sou pi bon plan tretman pou pasyan an.
Komite timè a te dakò sou yon plan tretman pou José. Li te gen ladan l operasyon ak retire timè a epi rekonstriksyon an menm tan, ki te swiv pa terapi radyasyon epi petèt chimyoterapi.
"Lè kansè rive nan yon etap avanse, pifò pasyan bezwen sa nou rele 'terapi miltimodal (plizyè mòd terapi)". Sa gen ladan l kèk konbinezon operasyon, terapi radyasyon, chimyoterapi, ak imunoterapi," Doktè Rahmati te di. "Byenke operasyon an abòde timè vizib la nan sit prensipal la ak gangliyon lenfatik ki afekte nan kou a, pasyan an ka bezwen radyasyon ak chimyoterapi pou abòde maladi mikwoskopik la." Konklizyon patoloji final yo ede nan pwosesis pou pran desizyon."
Operasyon konplike pou retire timè.
Operasyon sizèdtan José a te fèt nan Mass Eye and Ear yon semèn apre li te rive Boston.
Doktè Rahmati te retire timè a nan bouch la. Li te retire tou yon gangliyon lenfatik ki te anfle ak gangliyon lenfatik ki toupre yo. Gangliyon sa yo ki te dènye yo te nan pi gwo risk pou kansè a gaye.
Doktè Deschler te rekonstwi zòn ki te afekte a andedan machwè a. Li te pran tisi anba manton José a epi li te vire l mete l nan bouch la pou ranpli espas ki te rete a.
José t ap mache jou ki te swiv la epi yo te kite l ale apre senk jou rekiperasyon.
Doktè Patel ak Doktè Chan te kolabore nan konsepsyon ak nan planifikasyon orè pwochen etap plan tretman José a. Li te mande pou sis semèn edmi radyasyon (lendi rive vandredi) ansanm ak chimyoterapi yon fwa pa semèn.
"Chimyoterapi a sèvi kòm yon sansibilizatè pou radyoterapi," Doktè Patel te di. "Li ede fè selil kansè yo vin pi vilnerab a radyasyon an, sa ki amelyore efè li."
Pandan peryòd sa a, Doktè Patel ak Doktè Chan te kontwole sante José a ak anpil atansyon. Yo te kontwole tou jan kè l te sipòte terapi radyasyon ak chimyoterapi a. Lòt manm enpòtan nan ekip la ”ki gen ladan espesyalis nan lapawòl ak deglitisyon, enfimyè, ak terapet la te swiv pwogrè José a avèk anpil atansyon pandan tretman chimyoradyoterapi li a.
Apre li fin fè tretman li a, José te kapab retounen nan Repiblik Dominikèn. De mwa apre, egzamen yo pa t montre okenn siy kansè.
Swen mwen te resevwa nan Mass General Brigham te nan pi wo nivo kalite. Doktè yo ak anplwaye yo gen konpasyon, yo sousye, yo pwofesyonèl, epi yo asire yo ke mwen konprann tout enfòmasyon yo pataje avèk mwen.
José Moreno.
- Pasyan.
Kontribye nan yon eksperyans pozitif pou pasyan an.
Anplis doktè prensipal li yo, José te gen yon ekip swen elaji ki te kouvri yon pakèt disiplin. Espesyalis nan langaj ak kominikasyon, espesyalis nitrisyon, dyetetisyen, travayè sosyal, ak terapis entegratif yo tout te gen yon wòl enpòtan nan pwosesis la.
"Gen anpil moun enpòtan nan ekip swen kansè a ki ede pasyan yo nan rekiperasyon yo apre tretman," Doktè Rahmati te di. "Ede amelyore ouvèti bouch, mastikasyon, ak vale apre tretman kansè nan kavite oral tout amelyore kalite lavi pasyan an."
Yon lòt faktè kle nan rezilta José se eksperyans solid Mass General Brigham nan trete pasyan ki gen kansè nan tèt ak kou. Antanke doktè Rahmati te di, ekspètiz nan gwo volim rezilta nan pi bon rezilta chirijikal ak tretman, mwens konplikasyon, ak pi gwo pousantaj siviv.
"Reta nan tretman ka gen yon rezilta negatif, kidonk kominikasyon efikas ak kowòdinasyon swen yo se yon pati esansyèl tou nan yon tretman ki reyisi," Doktè Rahmati te ajoute, pandan li t ap mete aksan sou yon lòt avantaj ki genyen lè yon ekip gen anpil eksperyans nan domèn sa a.
Antanke pasyan, Jose te santi ke ekip swKòm yon pasyan, José te wè jan ekip swen li a te byen òganize epi jan tout bagay t ap mache san pwoblèm. Li te di "Li te santi tankou pasay ant Mass Eye and Ear ak Mass General la te fèt fasilman, san okenn entèripsyon".
Swen swivi nan Mass General Brigham
Yon ane apre operasyon li, José te di li santi l "ekselan."
Kounye a li wè Doktè. Deschler chak twa mwa pou konfime misk ak tisi l yo ap geri byen epi li pa gen kansè ankò. Chak sis mwa, li wè Doktè. Patel ak Doktè Chan, ki analize tès medikal yo ak eskanè li yo pou wè si gen siy ki montre kansè a retounen. Pou fè vizit li yo pi efikas, Marvin ede kowòdone randevou ak pran randevou.
Jiskaprezan, kansè a pa montre okenn siy li retounen. José trè kontan avèk rezilta tretman an ak kapasite li genyen l pou pale ak vale nòmalman.
Si José rete san kansè, vizit li yo ap vin pi ra pi devan. Pwochen gwo etap la se mak senk ane a, lè doktè li yo ap konsidere li pa gen kansè ankò.
José te di "Swen mwen te resevwa nan Mass General Brigham te nan nivo ki pi wo a". "Pandan vizit mwen yo, mwen jwenn doktè yo ak ekip la ki montre konpasyon epi ki sousye". Yo se pwofesyonèl epi yo asire yo ke mwen konprann tout enfòmasyon yo pataje avèk mwen."
Mari ak madanm k ap gade epi k ap souri youn ak lòt pandan y ap mache nan yon lari
Jodi a, José santi l ekselan, epi kansè li a pa montre okenn siy li tounen.