false

Esèy klinik ofri yon pasyan yon nouvo solisyon pou valv trikispid ki pa fonksyone byen

A 81 lane, John Wilson, yon rezidan nan Sutton, Massachusetts, te wè lavi li afekte akoz yon regijitasyon grav nan valv kè trikispid li. Kondisyon kè sa a te kite l avèk sentòm tankou fatig, souf kout, ak anfle nan janm li.

Erezman, John te jwenn espwa nan Mass General Brigham, youn nan sistèm swen sante nimewo 1 nan mond lan. Plis presizeman, yo te trete l nan Brigham and Women's Hospital, yon manm fondatè Mass General Brigham. Antanke yon sant medikal akademik, Brigham pa sèlman afilye ak Harvard Medical School, men li angaje tou pwofondman nan yon misyon an twa pati: bay swen klinik eksepsyonèl, edike pwochen jenerasyon pwofesyonèl swen sante yo, epi fè rechèch dènyemodèn pou avanse medsin.

Devouman sa a pou inovasyon te pèmèt John patisipe nan yon esè klinik pou yon operasyon ki pa mande gwo ouvèti pou ranplase valv li ki t ap koule. Tretman an te estabilize kondisyon li, sa ki te renouvle kalite lavi li.

Pinak Shah, MD, yon kadyològ entèvansyon nan Mass General Brigham Heart, te mete aksan sou twa rezon kle ki fè Brigham byen kalifye pou patisipe nan esèy tankou sa ki te nan avantaj John.

"Premyeman, nou gen yon gwo volim pasyan yo voye isit la pou maladi kadyovaskilè, epi nou se yon sit referans pou operasyon kè," Doktè Shah te di. "Dezyèmman, nou gen anpil eksperyans nan trete maladi valv ak teknoloji ki baze sou tib pou antre nan kè a. Epi twazyèmman, nou gen yon ekip ekspè kadyològ ak chirijyen kadyak ansanm ak anpil espesyalis ki enplike nan operasyon ak swen apre operasyon”ki konnen kijan pou pran swen pasyan ki gen kondisyon valv konplike sa yo."

Viv ak regijitasyon valv trikispid

Anvan sa, John pa t janm fè eksperyans okenn gwo pwoblèm kè. Men, pandan li te vin pi aktif fizikman apre li fin pran retrèt, li te remake andirans li pa t jan li te konn ye a. Lè l te enkyete, li te deside konsilte Anju Nohria, MD, MSc, yon kadyològ Mass General Brigham ki pratike nan Brigham.

Yo te dyagnostike John epi jwenn li gen regijitasyon valv trikispid"Yon kondisyon kote valv trikuspid kè a pa fèmen byen, sa ki lakòz san koule tounen nan move direksyon." Regijitasyon trikispid jeneralman ka mande operasyon ranplasman valv oswa lòt entèvansyon.

"An jeneral, sentòm regijitasyon valv trikispid li yo pa t twò debilitan, sa ki souvan rive nan ka malfonksyònman kè bò dwat tankou John an," Doktè Nohria te di. "Enkyetid mwen se te paske fonksyon ren li te vin pi mal, epi bò dwat kè li a te ka vin gen risk pou li pa fonksyone byen."

Etandone laj John ak fonksyon ren l k ap bese, Doktè Nohria te santi kò l ta ka pa tolere operasyon kè ouvè. "Sepandan, li te konnen Brigham lan te patisipe nan yon esè klinik ki t ap ofri yon lòt opsyon ki mwens anvayisan pou trete regijitasyon valv trikispid." Avk sa nan tèt li, li te refere John bay Doktè Shah pou eksplore posiblite pou enskri nan esèy la.

John Wilson ak madanm li Joanne

Joanne ak John Morgan

Nou montre ke nou ka jere avèk siksè rejirjitasyon trikispid ak lòt kondisyon valv kè ak metòd sa yo ki baze sou tib pou foure anndan moun lan. Avèk pwosedi patikilye sa a, nou jwenn bonjan rezilta, ti kras konplikasyon ak yon tan rekiperasyon ki kout. Gen kèk pasyan ki ka retounen lakay yo jou ki vin apre a.

Pinak Shah, MD

  • Kadyològ Entèvansyon
  • Mass General Brigham Heart

"Esèy prensipal TRISCEND nan Brigham and Women’s

Brigham se youn nan kèk sant espesyalman chwazi ki patisipe nan esèy prensipal TRISCEND lan pou trete regijitasyon valv trikispid." Esèy sa a ap etidye sekirite ak efikasite yon nouvo valv kè transkatetè ki fèt pou ranplase valv trikispid kè a. Pandan yon operasyon kè ki pa mande gwo ouvèti nan kò a, yo mete yon katetè (tib mens) nan yon venn nan janm lan pou rive nan kè a, kote yo deplwaye nouvo valv kè a anndan ansyen an.

Pandan ke pwosedi transkatetè tankou sa yo souvan itilize pou trete maladi valv aòtik ak mitral, esèy sa a se premye k ap itilize metòd sa a pou trete valv trikispid.

"Regijitasyon trikispid te neglije pandan yon bon bout tan, an pati paske pasyan yo ka gen kondisyon an pandan kèk tan san yo pa montre gwo sentòm," Doktè Shah te eksplike. "Nan tan lontan, sèl opsyon an te ranplasman valv nan yon operasyon kè ouvè. Pou anpil nan pasyan sa yo, metòd sa a t ap trè riske epi li t ap mande yon rekiperasyon long."

Doktè Shah ak lòt kadyològ entèvansyon Brigham yo te kontribye nan anpil es klinik k ap eksplore nouvo teknoloji valv transkatetè. An reyalite, li menm ak kolèg li yo te patisipe nan premye etid pou evalye posibilite itilizasyon menm aparèy sa a, ki te sèvi pita pou trete John nan yon esè prensipal ki te fèt sou yon pi gwo echèl.

"Nou montre ke nou ka jere avèk siksè regijitasyon trikispid ak lòt kondisyon valv kè ak metòd sa yo ki baze sou tib pou antre nan kò a," Doktè Shah te di. Avèk pwosedi patikilye sa a, nou jwenn bonjan rezilta, ti kras konplikasyon ak yon tan rekiperasyon ki kout. Gen kèk pasyan ki ka retounen lakay yo jou ki vin apre a."

Yon rekiperasyon rapid apre yon operasyon valv kè ki te fann tou piti

Doktè Shah te fè pwosedi John an nan Brigham. Pwosedi a te dire anviwon twazèdtan, epi pa t gen okenn konplikasyon. "Madanm mwen, Joanne, te apresye lefèt ke ekip chirijikal la te ba li yon ‘rapò mitan-match’ pandan li t ap tann avèk anpil enkyetid.

Nan demen maten, John te kapab retounen lakay li. Apa de yon ti doulè li te santi nan lenn li, kote yo te mete katetè chirijikal la, ak yon ti feblès oswa tèt vire akoz anestezi a, li te santi li byen.

Okòmansman, John pa t remake yon diferans imedyat, paske regijitasyon trikispid li a pa t lakòz sentòm grav. Men, pandan li te rekòmanse monte bisiklèt ak fè lòt aktivite, li te kòmanse santi amelyorasyon nan enèji ak andirans li.

"Joanne ak mwen pase mwatye tan nou nan Florid. "Espas nou an se nan senkyèm etaj bilding lan," John te di. "Mwen eseye itilize eskalye yo pou m fè yon ti egzèsis. Ane pase a, mwen te oblije fè yon poz nan katriyèm etaj la. Kounye a mwen ka rive anwo nèt san m pa repoze."

Nan kad esè klinik la, John te sibi evalyasyon medikal ak ekokadyogram 30 jou apre pwosedi a, epi ankò sis mwa apre. Tès swivi yo te montre pwosedi a te yon siksè, Doktè Nohria te sonje.

"Li te di "Dènye ekokadyogram li te montre te gen anpil mwens flit nan valv ki te repare a." "Presyon nan poumon li yo te desann tou, epi fonksyònman ren li pa vin pi mal. Y ap kontinye swiv li pandan senk ane nan kad esèy la."

John fè lwanj pou kalite swen li te resevwa nan Brigham, li mete aksan sou ekspètiz ak jantiyès doktè yo. Nohria ak Shah, ansanm ak Sinead Coyle, yon asistan rechèch prensipal ki te ede l jere orè ak lòt lojistik pandan esèy TRISCEND la.

Gade pou pi devan, Doktè Nohria pral wè John chak sis mwa pou jere medikaman li yo epi kontwole nouvo valv li a. Done swivi yo pral pataje ak ekip esèy klinik la pou ede avanse teknoloji a epi benefisye swen pou pasyan yo nan lavni.

"Se toujou yon plezi pou fè yon bagay pozitif pou nenpòt pasyan, men sitou pou yon pasyan tankou John, ki gen yon gwo lanmou pou lavi," Doktè Nohria te di. Ede yon moun tankou li viv yon lavi ki gen pi bon kalite se vrèman yon eksperyans ki bay anpil satisfaksyon.

primary
internal
Aprann plis sou swen kè ak vaskilè nan Mass General Brigham
https://www.massgeneralbrigham.org/en/patient-care/services-and-specialties/heart