false

ACO: Medicare ak MassHealth

Kòm yon òganizasyon Swen Responsab (ACO), doktè, lopital, ak lòt founisè swen sante ki afilye avèk nou vini ansanm pou bay swen ki kowòdone ak bon kalite pou pasyan nou yo.

Sou ACO

Amelyore swen ou

Lè doktè swen prensipal ou patisipe nan yon ACO, li ka amelyore swen ou resevwa a. Pou sa, l ap kowòdone ak lòt founisè swen sante ou yo. Ansanm, yo pataje enfòmasyon sante ou pou yo ka pi byen satisfè bezwen endividyèl ou ak preferans swen ou.

Objektif yon ACO se pou doktè, lopital, ak lòt founisè swen sante travay ansanm pou delivre swen ki kowòdone epi ki gen bon kalite.

Sètifika ACO pou 2026–27. Health Policy Commission ki fè l

Kisa ‘responsab’ vle di?

ACO yo gen akò ak konpayi asirans pou bay sèvis espesyal ak kowòdinasyon swen pou pasyan yo. Akò sa yo fikse estanda pèfòmans nan kalite ak depans pou ACO a. Si ACO a kapab reyalize oswa depase estanda sa yo pou swen pasyan, yo ka elijib pou ekonomi pataje ak konpayi asirans lan. Si yo pa ranpli estanda yo, yo ka oblije remèt lajan bay konpayi asirans lan.

Angajman nou pou swen ki gen bon jan kalite

Depi 2012, sistèm sante nou an antre nan kontra ak tout gwo konpayi asirans yo, ki gen ladan Centers for Medicare and Medicaid Services (CMS), asirans komèsyal, ak MassHealth (pwogram Medicaid nan eta a).

Apre senk lane nan modèl Medicare Pioneer ACO, nou te ekonomize $36.7 milyon. Kòm yon Medicare Next Generation ACO, ak yon nòt kalite jeneral 100% an 2017, nou te pami pi bon ACO nan peyi a pou delivre swen ki gen bon jan kalite pou pasyan yo. Jodi a, nou patisipe nan Mass General Brigham Medicare ACO (Medicare Shared Savings Program), menm Mass General Brigham MassHealth ACO.

Mass General Brigham Medicare ACO (Medicare Shared Savings Program)

Nou angaje nan amelyore sante pasyan endividyèl yo ak popilasyon pasyan yo, pandan n ap diminye depans yo.

Anpil nan founisè afilye nou yo ap patisipe nan yon pwogram kowòdinasyon swen ki rele Medicare Shared Savings Program (MSSP), ki fèt espesyalman pou pasyan Medicare epi se medicare ki esponsorize l.

Kòm yon pati nan Mass General Brigham Medicare ACO, founisè ou a ka patisipe nan pwogram sa a, ki gen ladan founisè ki afilye ak Brigham ak Women's Hospital, Massachusetts General Hospital (ki gen ladan Nantucket Cottage Hospital ak Martha’s Vineyard Hospital), Newton-Wellesley Hospital, Salem Hospital, Cooley Dickinson Hospital, Emerson Hospital, Pentucket Medical Associates, Milford Regional Physicians Group, Wentworth-Douglass Hospital, ak Charles River Medical Associates.

Gade avantaj Medicare ou yo. Pou sa, telechaje rapò piblik yo:

Gen kesyon?

avantaj Medicare
Pou kesyon sou avantaj Medicare, tanpri rele Medicare nan 1-800-MEDICARE (1-800-633-4227).
(Itilizatè TTY yo ta dwe rele 1-877-486-2048.)
Mass General Brigham Medicare ACO
Si ou gen kesyon, ou ka rele liy dirèk Mass General Brigham Medicare ACO nan 1-800-229-0384.

Mass General Brigham MassHealth ACO

Mizajou enpòtan sou chanjman k ap vini nan Mass General Brigham ACO ak Mass General Brigham Health Plan

Mass General Brigham MassHealth ACO se yon plan sante pou manm MassHealth, Mass General Brigham ak Mass General Brigham Health Plan ofri plan sa yo. Se yon òganizasyon Swen Responsab oswa "ACO." Yon ACO se yon ekip doktè, enfimyè, ak lòt founisè ki travay ansanm pou bay swen kowòdone, ki gen bon kalite pou manm yo. Mass General Brigham MassHealth ACO ofri menm avantaj yo tankou MassHealth (pwogram Medicaid leta).

Objektif nou se asire w gen aksè ak doktè ak moun ki bay swen ou bezwen pou amelyore sante jeneral ou. Yon PCP ACO Mass General Brigham ap kowòdone swen w, epi ou pral gen aksè ak benefis adisyonèl, pwogram sipò ak sèvis.

Nan dat 1ye avril, Mass General Brigham ak Mass General Brigham Health Plan te kòmanse travay ansanm nan nouvo ACO Mass General Brigham.

Ale sou MassgeneralBrighamHealthPlan.org pou jwenn detay sou ACO Mass General Brigham.