Sèvis Famasi ak Medikaman yo
Konsènan sèvis famasi nou yo
Famasyen ki gen lisans nan Mass General Brigham (yon rezo lopital) travay kole ak pasyan, fanmi, ak ekip swen pou sipòte itilizasyon medikaman ki an sekirite epi ki efikas. Yo revize preskripsyon, reponn kesyon, epi bay konsèy pèsonalize.
Sèvis famasi ak medikaman disponib nan tout lopital ak klinik ekstèn nou yo, ansanm ak atravè pwogram famasi espesyalize nou an. Famasyen yo kolabore ak ekip swen yo pou gide desizyon tretman, jere efè segondè, epi ankouraje sekirite medikaman.
Famasyen yo ofri tou edikasyon endividyèl pou ede pasyan yo konprann preskripsyon yo epi santi yo konfyan nan jere swen yo lakay yo.
Sèvis pou Pasyan Entène, Pasyan Ekstèn ak Sèvis Espesyalize
Famasyen nou yo k ap travay pou pasyan entène nan lopital nou yo pou:
- prepare preskripsyon
- jere terapi medikaman
- bay edikasyon pandan sejou pasyan an
Yo fè patenarya ak ekip swen pou kreye plan tretman ki an sekirite epi pèsonalize, epi yo patisipe nan rechèch ki fè swen medikal avanse.
Famasyen pasyan ekstèn nou yo sèvi ou apre ou fin soti lopital oswa pandan swen pèmanan. Yo kapab:
- bay konsèy sou nouvo medikaman
- reponn kesyon sou renouvèlman preskripsyon
- ede kowòdone preskripsyon ant founisè swen ou yo
Sèvis famasi espesyalize nou yo ede pasyan k ap jere kondisyon ki konplèks oswa kwonik. Kondisyon sa yo enkli:
- kansè
- twoub dijestif ak fwa
- kondisyon jenetik
- maladi po
Famasyen yo ede ak kowòdinasyon asirans, edikasyon, ak sipò tretman pèmanan.