Avi k ap Enfòme Moun Konsènan Kondisyon Non-diskriminasyon ak Aksè
Deklarasyon non-diskriminasyon: Diskriminasyon kont lalwa
Mass General Brigham respekte lwa federal sou dwa sivil ki aplikab yo epi li pa fè diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, orijin nasyonal, laj, andikap, oswa sèks, (ki gen ladan karakteristik sèks, tankou karakteristik entèsèks; gwosès oswa kondisyon ki gen rapò; oryantasyon seksyèl; idantite sèks, ak estereyotip sèks). Mass General Brigham pa ekskli moun oswa trete yo mwens byen poutèt ras, koulè, orijin nasyonal, laj, andikap, oswa sèks.
Manm Mass General Brigham:
-
Bay moun ki gen andikap modifikasyon rezonab ak èd ak sèvis oksilyè apwopriye gratis pou kominike avèk efikasite avèk nou, tankou:
- Entèprèt lang siy ki kalifye
- Enfòmasyon ekri nan lòt fòma (gwo karaktè, odyo, fòma elektwonik aksesib, lòt fòma)
-
Bay sèvis asistans lengwistik gratis pou moun ki pa pale anglè kòm lang prensipal, ki ka enkli:
- Entèprèt ki kalifye
- Enfòmasyon ekri nan lòt lang
Si ou bezwen sèvis sa yo, kontakte Kowòdonatè Seksyon 1557 la pou sit ki konsène a.
Si ou kwè yon antite Mass General Brigham pa bay sèvis sa yo oswa li fè diskriminasyon nan yon lòt fason ki baze sou ras, koulè, orijin nasyonal, sitwayènte, estati etranje, relijyon, kwayans, sèks, oryantasyon seksyèl, idantite sèks, laj, oswa andikap, ou kapab depoze yon plent an pèsòn oswa pa lapòs oswa faks, lè ou itilize enfòmasyon ki nan lis Kowòdonatè Seksyon 1557 nou an. Si ou bezwen èd pou depoze yon plent, Kowòdonatè Seksyon 1557 la disponib pou ede ou, oswa ou ka kontakte liy Èd Konfòmite nou an nan 1-800-856-1983 oswa www.massgeneralbrigham.org/complianceline.
Ou kapab depoze yon plent tou pou dwa sivil nan Etazini. Depatman Sante ak Sèvis Imen, Biwo pou Dwa Sivil (OCR), elektwonikman atravè Portal Plent Biwo pou Dwa Sivil, ki disponib nan https://ocrportal.hhs.gov/ocr/portal/lobby.jsf, oswa pa lapòs oswa telefòn nan:
Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini
200 Independence Avenue, SW
Sal 509F, HHH Building
Washington, D.C. 20201
1-800-368-1019, 800-537-7697 (TDD)
Oswa lè ou kontakte Biwo Rejyonal OCR New England nan:
Biwo pou Dwa Sivil
Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini
Government Center
J.F. Kennedy Federal Building - Sal 1875
Boston, MA 02203
800-368-1019, 800-537-7697 (TDD)
Fòm plent yo disponib nan https://www.hhs.gov/ocr/complaints/index.html.