Kòd Konduit Pasyan
Mass General Brigham pran angajman pou l bay bon jan swen sante epi bati kominote ki an sante epi k ap pwospere. Tout moun ta dwe atann yo jwenn yon anviwònman ki an sekirite, ki bay swen, epi ki enklizif nan tout espas nou yo.
Kòd Konduit Pasyan nou an ede nou atenn objektif sa a. Pawòl oswa aksyon ki manke respè, ki rasis, ki diskriminatwa, ki ostil, oswa ki entimidatè pa byenveni. Men kèk egzanp sou sa:
- Kòmantè ki ofansan sou ras, aksan, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl, oswa lòt karakteristik pèsonèl lòt moun
- Refize wè yon klinisyen oswa yon lòt manm pèsonèl la baze sou karakteristik pèsonèl sa yo
- Menas fizik oswa vèbal ak agresyon
- Pawòl oswa aksyon seksyèl oswa vilgè
- Deranje swen oswa eksperyans yon lòt pasyan
Si nou kwè ou vyole Kòd la ak pawòl oswa aksyon ki pa akseptab, y ap ba ou chans pou eksplike pwennvi ou. N ap toujou byen konsidere repons ou anvan nou pran nenpòt desizyon konsènan swen ou alavni nan Mass General Brigham. Gen kèk vyolasyon Kòd sa a ki ka lakòz yo mande pasyan yo pou yo fè lòt plan pou swen yo, epi swen ki pa ijan alavni nan Mass General Brigham ka mande pou yo revize, byenke nou espere sa ap ra.
Si ou temwen oswa ou se viktim nenpòt nan konpòtman sa yo, tanpri rapòte sa bay yon manm ekip swen w lan.
Anpil sistèm swen sante atravè peyi a gen kòd konduit ki sanble avèk sa a.