false

Konsèy Konsiltasyon Pasyan ak Fanmi

Konsèy Konsiltasyon Pasyan ak Fanmi (PFAC) nan Mass General Brigham yo rasanble pasyan, manm fanmi, ak anplwaye lopital pou amelyore eksperyans swen an. Lè w pataje pèspektiv ou, ou ka ede fòme politik, pwogram, ak sèvis lopital la pou amelyore swen ki santre sou pasyan an.
primary
internal
Aplike jodi a

Aplike pou rantre nan PFAC MGB!

/content/unified-xwalk/ht/forms/mgb-patient-and-family-advisory-application

Konsènan PFAC

Yon Konsèy Konsiltasyon Pasyan ak Fanmi (PFAC) se yon gwoup pasyan, manm fanmi, ak anplwaye lopital ki dedye pou amelyore eksperyans swen pasyan yo ak manm fanmi yo. Manm PFAC yo bay pèspektiv, fidbak, ak lide ki gen anpil valè pou ede fòme inisyativ lopital, politik, ak amelyorasyon swen ki santre sou pasyan an.

Ki sa PFAC yo fè?

Manm PFAC yo ede amelyore eksperyans pasyan an nan:

  • Bay fidbak ki baze sou eksperyans pèsonèl yo antanke pasyan oswa manm fanmi.
  • Kolabore avèk anplwaye lopital ak klinisyen yo nan komite yo.
  • Pote ekspètiz pasyan nan gwoup diskisyon, sesyon edikatif, ak lòt inisyativ estratejik.
  • Revize epi ede devlope materyèl edikatif pou pasyan yo ak fanmi yo.
  • Ede nan efò planifikasyon lopital la pou amelyore swen ak sèvis pasyan yo.

Ki sa ki yon konseye pasyan ak fanmi?

Yon konseye pasyan ak fanmi se yon pasyan, yon patnè swen, oswa yon manm fanmi ki patisipe nan yon PFAC pou bay pèspektiv ki baze sou eksperyans swen yo. Konseye yo ede amelyore kalite ak sekirite swen lopital la lè yo bay pèspektiv inik yo sou sèvis, pwogram, ak inisyativ.

Ki moun ki kapab vin yon konseye pasyan ak fanmi?

Ou ka kalifye pou vin yon konseye si ou menm oswa yon manm fanmi ou te resevwa swen nan yon lopital Mass General Brigham nan twa dènye ane yo. Pa gen okenn kalifikasyon espesyal ki nesesè — jis yon volonte pou kolabore, bay fidbak, epi kontribye nan diskisyon ki gen sans. Objektif nou se pou manm PFAC nou yo reflete divès kominote n ap sèvi yo.

Nan ki PFAC mwen ta dwe rantre?

Chak lopital Mass General Brigham gen omwen yon PFAC jeneral, ki ouvri pou tout pasyan ak manm fanmi ki te resevwa swen nan lopital sa a nan twa dènye ane yo. Gen kèk pi gwo lopital ki gen PFAC espesyalize tou, ki konsantre sou domèn sijè espesifik.

Lopital sa yo gen PFAC jeneral :

  • Brigham and Women’s Hospital
  • Brigham and Women’s Faulkner Hospital
  • Cooley Dickinson Hospital
  • Massachusetts General Hospital
  • Mass Eye and Ear
  • Martha’s Vineyard Hospital
  • McLean Hospital
  • Nantucket Cottage Hospital
  • Newton-Wellesley Hospital
  • Salem Hospital
  • Spaulding Rehabilitation (Ki gen ladan Boston, Cambridge, ak Cape Cod)
  • Wentworth-Douglass Hospital

Brigham and Women’s Hospital ak Massachusetts General Hospital ofri tou PFAC espesyalize* ki konsantre sou domèn swen espesifik, tankou :

  • Depatman Ijans (ED)
  • Inite Swen Entansif Neonatal (NICU)

*Si ou enterese rantre nan yon PFAC espesyalize, kontakte nou nan pfac@mgb.org pou plis enfòmasyon.

Kouman mwen kapab rantre nan yon PFAC?

Si ou enterese vin yon konseye pasyan ak fanmi, tanpri ranpli yon fòm demann isit la. Yon fwa nou resevwa demann ou an, n ap kontakte w pou pwochen etap yo.

Tanpri sonje: Ou ka rantre nan yon sèl PFAC alafwa, menm si ou kalifye pou plis pase youn. Si ou pa sèten ki PFAC ki pi bon pou ou, voye yon imèl ba nou.