false

Pwogram Kansè nan Blad Pipi

Ekip nou an gen ladan espesyalis iwoloji, aparèy jenital ak irin (jenitoirinè), ak kansè nan blad pipi ki travay ansanm. Nou ofri opperasyon ki sove blad pipi ak ti operasyon, ansanm ak operasyon reparasyon ògàn, pou satisfè bezwen distenk ou yo.

YoYon travayè sante ki abiye ak yon blouz ble pal kanpe nan yon koridò lopital modèn ki byen klere.

full-fill

primary
phone
855-776-4224

Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham nan 855-776-4224

8557764224

Gwo eksperyans nan trete kansè nan blad pipi.

Si yo dyagnostike ou epi jwenn ou gen kansè nan blad pipi, ekip swen Enstiti Kansè Mass General Brigham ou a ap kolabore avèk ou pou kreye yon plan tretman pèsonalize ki baze sou kalite ak etap kansè ou a ak preferans tretman ou yo.

Nan ane 1980 yo, ekspè nou yo te ede jwenn yon nouvo teknik ki sove blad pipi pou pasyan ki gen kansè ki te penetre miray misk blad pipi a. Nou rete youn nan kèk sant premye ran ki fè operasyon pou sove blad pipi regilyèman akoz gwo nivo kolaborasyon ant espesyalis nou yo.

center
tertiary
internal-arrow
Pati nan Enstiti Kansè
/content/unified-xwalk/ht/services/cancer

Metòd nou nan swen kansè nan blad pipi

Nou trete plizyè santèn pasyan ki gen kansè nan blad pipi chak ane avèk dènye avansman yo. Nou kolabore avèk ou pou diminye efè tretman yo sou kalite lavi ou. Nou maksimize itilizasyon reyabilitasyon anvan operasyon kòm yon kolaborasyon pou amelyore rezilta yo.
Yon pasyan gason ki pi gran ap kouche sou yon tab imaj medikal pandan yon doktè kanpe tou pre li ap bay gid.
Ekip plizyè espesyalis nan diferan branch, swen pèsonalize pou kansè nan blad pipi
Ekip swen kansè nan blad pipi w la ka gen ladan espesyalis iwologi, onkològ medikal, onkològ radyasyon, radyològ, ak patològ.
Tès dyagnostik espesyalize pou kansè nan blad pipi
Patològ espesyalize Enstiti Kansè Mass General Brigham yo travay sèlman ak kansè jenitoirinè. Yo abitye ak "makè timo" jenetik ki ka ede presize tretman an. Ekspè dyagnostik nou yo jwenn asistans nan teknoloji imaj avanse, ki gen ladan MRI ki amelyore ak nanopatik, yon teknoloji ki devlope isit la ki ka detekte gangliyon lenfatik kansè ke yon biyopsi pa dekouvri.
Tretman kansè nan blad pipi, ki pa operasyon

Patològ espesyalize Enstiti Kansè Mass General Brigham yo travay sèlman ak kansè jenitoirinè. Yo abitye ak "makè timo" jenetik ki ka ede presize tretman an. Ekspè dyagnostik nou yo jwenn asistans ak teknoloji imaj avanse.

Tretman kansè nan blad pipi ki pa chirijikal
Nou ofri yon seri tretman ki pa chirijikal, ki gen ladan:

  • Chimyoterapi oswa iminoterapi intravezikal pou delivre medikaman dirèkteman nan blad pipi
  • Terapi radyasyon gide pa imaj pou vize avèk presizyon yon timè, pou pwoteje tisi ki an sante
  • Medikaman terapi vize pou jwenn ak detwi selil kansè

Kèk pasyan ka benefisye de terapi tri-modalite ki konsève blad pipi (TMT), ki konbine TURBT, apre sa chimi-radyasyon, e ki ka apwopriye pou pasyan ki gen kansè nan blad pipi ki anvayi misk, enkli sa yo ki pa kandida pou operasyon oswa ki chwazi pou konsève blad pipi yo.

Ti operasyon pou kansè nan blad pipi

Operasyon blad pipi (sistektomi) se yon tretman komen. Lè se posib, nou itilize metòd ti operasyon pou ankouraje gerizon pi rapid.

Nou ofri:

  • Sistektomi pasyèl pou retire timè a ak yon pati nan miray blad pipi a
  • Sistektomi radikal pou retire blad pipi a ak gangliyon lenfatik ki tou pre
  • Reseksyon transuretral timè blad pipi a (TURBT), ki itilize yon aparèy optik pou retire timè yo
Rekonstriksyon blad pipi avanse

Pasyan ki gen yo retire blad pipi yo bezwen yon nouvo fason pou estoke ak pipi. Nou fè operasyon pou rekonstwi blad pipi a epi kreye yon nouvo chemen pou pipi a pase lè sa nesesè:

  • Ileal conduit (Kondui ileyal):Yo itilize yon ti pati nan trip la pou kreye yon nouvo chemen pou pipi a soti nan kò a epi vide nan yon sak ki kole deyò vant la.
  • Indiana conduit (Kondui Endiana): Yo itilize tisi trip la pou fè yon rezèvwa (sak) andedan kò a pou estoke pipi. Moun nan vide pipi a lè li mete yon ti katetè nan yon ti ouvèti sou vant la.
  • Neobladder (Nouvo blad pipi): Yo itilize yon pati nan trip la pou konstwi yon nouvo blad pipi ki pèmèt pipi estoke epi, nan anpil ka, soti atravè chemen natirèl la.

Tretman konplike pou tout kalite kansè nan blad pipi

Nou trete plizyè santèn kansè nan aparèy jenital ak irin chak ane, ki gen ladan kansè nan blad pipi komen, ra, epi ki konplike.

Espesyalis kansè nou yo

Nan chak etap, yon ekip espesyalis kansè ki soti nan plizyè domèn ap gide swen ou. Sa ka gen ladan doktè medikal, chirijikal, ak onkoloji radyasyon, founisè pratik avanse, radyològ, patològ, enfimyè onkoloji, navigatè enfimyè, ak plis ankò. Ou ka travay tou ak espesyalis nitrisyon, konseye jenetik, travayè sosyal, ak pwofesyonèl sante mantal.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.
primary
phone
855-776-4224

Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham

8557764224

Esèy klinik ak rechèch sou kansè

Rechèch nou an ap fòme avni swen kansè. Nou bay aksè a esè klinik ansanm ak terapi ki fenk ap devlope yo, ki gen ladan tretman ki ka poko disponib tout kote. Kondisyon pou patisipasyon depann de dyagnostik yon moun, istwa tretman, ak lòt ankò. Dekouvri rechèch nou an ak esèy klinik yo oswa pale ak ekip swen ou a pou aprann sou opsyon ki disponib yo.
Yon pwofesyonèl medikal ap pale ak yon pasyan ki chita sou yon chèz lopital.
tertiary
external
Dekouvri rechèch nou sou kansè

Aprann kijan rechèch sou kansè ede pran bonjan desizyon nan swen pasyan yo

https://research.massgeneralbrigham.org/en/institutes-centers/cancer-institute-research
tertiary
external
Chèche esèy klinik
https://research.massgeneralbrigham.org/en/institutes-centers/cancer-institute-research/cancer-clinical-trials

Resous ak sipò pou pasyan

Nou ofri yon seri resous pou sipòte pasyan ak moun ki pran swen yo anvan, pandan, ak apre tretman kansè. Sèvis sa yo reponn ak bezwen fizik, emosyonèl ak pratik, epi yo disponib anplis swen medikal ou yo.
tertiary
internal-arrow
Gade tout resous pou pasyan yo
/content/unified-xwalk/ht/services/cancer/resources

Kontakte Enstiti Kansè

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede w konprann opsyon ou yo ak gide w nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
phone
855-776-4224

Rele Enstiti Kansè Mass General Brigham nan 855-776-4224

8557764224
secondary
internal
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo

Kontakte sèvis pou pasyan entènasyonal yo

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact