Boutik Imaj
Sèvis
Anplwaye espesyalize nou yo ap ofri ou konsèy pèsonalize ak asistans, epi ap montre ou kijan pou redwi chanjman nan aparans ki soti nan tretman kansè. Yo ap travay avèk ou pou kreye yon plan ki ap ede ou gade ak santi ou pi byen pandan ak apre tretman.
Anplwaye nou gen ladan konsiltan “Gade Byen, Santi Byen” American Cancer Society ki travay avèk pasyan pou ede yo gade ak santi yo pi byen pandan tretman.
Boutik Imaj ofri tou yon varyete pwodwi espesyalize, ki gen ladan:
- Altènatif cheve yo, ki gen ladan yon gwo seleksyon perik, chapo, foula, tòban ak moso cheve.
- Pwodwi swen po fòmile espesyalman pou pasyan onkoloji.
- Rad espesyalize pou fanm ki sibi mastektomi.
- Liv ak videyo edikatif
- Kasèt pou detant
- Pwodwi aromaterapi
- Bijou
Sèvis pèsonèl yo enkli konsiltasyon swen pou po ak kosmetik pou pasyan onkoloji, stilizasyon ak konsiltasyon perik, ak ajisteman pwotèz tete pa yon moun ki sètifye pou sa. Nou ofri tou sèvis nan chanm pou pasyan yo.
Kote ak lè
Boutik Imaj
Yawkey Center for Outpatient Care (Sant Swen Ekstèn)
Suite 2D
Boston, MA 02114
Telefòn: 617-726-3211
Faks: 617-643-1121
Sèlman sou randevou
Imaj nan Mass General Brigham Healthcare Center (Sant Swen Ekstèn Mass General Brigham) (Danvers)
102 Endicott Street
Sal C 168
Danvers, MA 01923
Telefòn: 978-882-6365
Faks: 978-882-6516
Sèlman sou randevou