Sante Seksyèl Pandan Tretman Kont Kansè
617-726-6050
Rele Sèvis Sante Seksyèl la nan 617-726-6050
Sou sèvis sa a
Yon dyagnostik kansè ka afekte tout aspè fonksyònman nòmal yon pasyan, e malerezman, sante seksyèl souvan pa yon sijè yo konsantre sou li pandan tretman an. Gen konsekans alontèm ki ka afekte kapasite ou pou retounen nan fonksyon seksyèl nòmal apre ou fin konplete tretman kansè. Objektif nou se ede ou kenbe oswa rekonekte ak seksyalite ou apre kansè.
Kounye a, Sèvis Sante seksyèl Enstiti Kansè Mass General Brigham se yon resous pou pasyan fi ak gason ki te resevwa oswa ki ap resevwa tretman kansè nan Mass General Brigham. Nou resevwa pasyan tout laj ak tout kalite dyagnostik, kèlkeswa kalite tretman kont kansè yo te resevwa. Nou ankouraje koup yo pou patisipe.
Kisa pou atann
Sèvis la se yon pwogram ki dirije pa yon enfimyè pratikan e li gen ladan omwen twa vizit. Objektif la se rankontre ak pasyan yo anvan tretman an kòmanse, nan fen tretman an, epi 6 a 8 semèn apre tretman an fini. Nou ka òganize lòt randevou swivi tou, si sa nesesè. Menm si ou deja kòmanse tretman an epi ou enterese, tanpri kontakte nou.
Randevou klinik yo konpoze de:
- Evalyasyon
- Edikasyon
- Sipò
Konfidansyalite ou enpòtan pou nou.