false

Klinik Libète

Klinik Libète bay swen prensipal, prevantif ak kontinyèl ki pran an konsiderasyon efè chòk pou moun ki gen laj 13 lane ak plis ki gen eksperyans nan trafik.

Konsènan pwogram lan

Klinik Libète Mass General Brigham, ki te lanse nan mwa avril 2015, se yon klinik swen sante san parèy pou viktim ak sivivan trafik imen nan zòn Boston. Freedom Clinic (klinik libète)) a fèt sitou pou pran swen moun ki viktim trafik moun, li se youn nan pwogram prensipal Inisyativ kont Trafik Moun nan Depatman Medsin Ijans Massachusetts General Hospital (Lopital Jeneral Massachusetts), ki te etabli an 2008..

Klinik Libète a bay swen prensipal ak prevantif ki pran an konsiderasyon efè chòk twomatik pou moun ki gen 13 lane ak plis ki te sibi trafik imen (moun). Klinik la te fèt avèk swen pou ofri sèvis espesyalize nan yon anviwònman ki an sekirite, ki gen konpasyon, ak ki pran an kont efè chòk twomatik. Misyon nou se bay moun ki viktim trafik moun swen konplè ki pran an konsiderasyon efè chòk yo sibi, epi kolabore ak founisè sèvis sosyal nan nivo lokal ak rejyonal pou ede pasyan nou yo rebati lavi yo. Klinik Libète a ofri aksè ak sèvis sante mantal ak konpòtman ak jesyon ka, epi li refere pasyan yo bay espesyalis de konfyans lè swen espesyalize nesesè, tankou nitrisyon, pwoblèm sibstans, ak sèvis sante fanm. Klinik nou an vize amelyore sante ak byennèt ou pandan li ankouraje pratik swen tèt ou ki an sante.

Pati Medsin Ijans

èd ki disponib

Si ou panse w ap sibi eksplwatasyon oswa trafik epi ou bezwen èd touswit, tanpri kontakte Sant Resous Nasyonal Trafik Imen nan nimewo 1-888-373-7888 oswa voye mesaj ÈD oswa ENFO nan BeFree (233733). Si ou an danje epi ou bezwen èd touswit, rele 911 oswa ale nan depatman polis nan lokalite w la.

Referans pou Klinik Libète

Klinik Libète a gen yon pwosesis referans pasyan espesyal. Nou ede nan transfè enfòmasyon, kowòdinasyon swen, ak detèmine bezwen pasyan yo. Nou travay an kolaborasyon avèk sèvis sosyal, fòs lòd ak òganizasyon lokal/rejyonal pou asire sèvis konplè.

Ekip nou an

Klinik Libète a gen ladan pwofesyonèl sante ki gen plizyè espesyalis nan diferan branch ki angaje nan ede moun ki viktim trafik jwenn sante ak byennèt. Manm Klinik Libète a pratike tou nan lòt etablisman swen prensipal ak espesyalite Mass General Brigham.