Pwogram priz anchaj rapid maladi enflamasyon atè nan gwo selil yo
Konsènan pwogram nan
Pwogram tretman enflamasyon atè nan gwo selil yo fè pati Pwogram tretman vaskilarit sèvis rimatolojik nan nan Mass General Brigham nan. Objektif pwogram nan se ofri bonjan kalite swen, ki rapid, ansanm ak swivi alontèm pou pasyan ki gen enflamasyon atè nan gwo selil yo ak lòt maladi enflamatwa nan gwo veso yo. Ekip ekspè nou an angaje l pou yo ofri yon kalite swen ki ekselan bay pasyan yo lè yo dyagnostike maladi a byen bonè, lè yo bay tretman pèsonalize epi fè rechèch avanse sou enflamasyon atè nan gwo selil yo.
Enflamasyon atè nan gwo seli yo se fòm maladi enflamasyon veso sangen ki pi komen ki afekte pasyan ki gen plis pase 50 an. Sentòm enflamasyon atè nan gwo selil yo yo gen ladan yo maltèt ki nouvo, souvan nan zòn tanp yo, po tèt ki sansib, doulè oswa fatig nan machwè lè w ap moulen) epi an jeneral doulè nan zepòl ak anch nan toulède bò nan kò ou epi yo rèd. Si li pa trete, enflamasyon atè nan gwo selil yo ka lakòz 10-20% nan pasyan yo pa janm wè ankò. An jeneral, anvan sa rive pou yo pa janm wè ankò, gen moun ki ka gen vizyon twoub, yo wè doub oswa yo pa wè pandan yon ti tan.
Pou jwenn si yon moun gen enflamasyon atè nan gwo seli yo, doktè yo souvan fè lòt tès anplis, ki gen ladan analiz san pou chèche siy enflamasyon (tankou vitès sedimantasyon ak pwoteyin C-reyaktif), ansanm ak tès pou gade veso sangen yo, tankou yon ekografi oswa yon ti echantiyon (biyopsi) nan atè ki bò tanp tèt la.
Tretman enflamasyon atè nan gwo selil yo an gen ladan itilizasyon glikokòtikoyid (pa egzanp, prednisone) ak tocilizumab. Pafwa, yo ka pran lòt medikaman.
Kontakte pwogram priz anchaj rapid maladi enflamasyon atè nan gwo selil yo
Massachusetts General Hospital
617-726-7938
Brigham and Women's Hospital
617-732-5325