Lazè ak Kosmetik
Swen ki amelyore lavi w pou ede w parèt pi byen epi santi w pi byen.
Si ou santi w pa alèz oswa ou manke konfyans akoz aparans ou, dèmatològ kosmetik nou yo, ki gen renome entènasyonal, ka ede w. Doktè po sa yo rekonèt pou talan yo nan domèn estetik kosmetik, ansanm ak konpetans medikal yo. Pwofesyonèl swen nou yo envante oswa kontribye nan devlopman anpil tretman yo itilize jodi a.
Yo fè plizyè santèn tretman chak ane, avèk pi gwo seleksyon pwosedi lazè ak pwosedi kosmetik ki pa mande operasyon nan Boston. Nou ka ede w jwenn yon nouvo aparans natirèl ki fè w santi w gen plis konfyans epi rafrechi.
Ekspè ou ka fè konfyans nan dèmatoloji kosmetik
Nou adapte plan tretman ou an pou satisfè bezwen ak objektif espesifik ou yo. Pou nou ka ba w nivo swen pèsonalize sa a, ou dwe fè yon konsiltasyon an pèsòn anvan ou kòmanse tretman an.
Pandan randevou sa a, pwofesyonèl swen ou an ap:
- Egzamine po w epi evalye nenpòt kondisyon po ou genyen
- Aprann plis sou enkyetid ou yo ak objektif tretman ou yo
- Revize sante jeneral ou ak istwa medikal ou
- Rekòmande yon plan tretman epi eksplike risk yo, benefis yo, kantite sesyon yo, ak pri estime a
Pifò konpayi asirans medikal konsidere sèvis dèmatoloji lazè ak kosmetik kòm sèvis ki pa nesesè sou plan medikal. Ou ka bezwen peye tout depans yo. Tanpri verifye ak konpayi asirans ou a pou konnen si sèvis yo kouvri.
Nou ofri plis kalite pwosedi kosmetik ki pa mande operasyon pase nenpòt lòt founisè nan zòn Boston an. Tretman yo gen ladan:
- Kontou kò ak vizaj, k ap itilize teknoloji ki baze sou limyè, refwadisman kontwole, oswa piki pou debarase w de ti zòn grès
- Piki toksin botilin pou detann misk vizaj ki lakòz ondilasyon ak liy fwon yo
- Filler vizaj (dermal) ak pwodui pou enjekte pou minimize liy fwon yo, ondilasyon alantou je ou (pye kòk), ak pli ant je ou
- Piki (skleroterapi) ak tretman lazè pou vèn arenyen
- Tretman pou sere po pou leve ak tonifye sousi ou, kou, manton, ak pwatrin
Lazè yo itilize diferan kalite enèji limyè pou trete zòn espesifik nan kò a ak divès kondisyon po. Doktè nou yo sèvi ak yon seri tretman lazè avèk anpil ekspètiz. Eksperyans sa a, ansanm ak plis pase 20 opsyon diferan tretman lazè, asire ou resevwa terapi ki pi efikas pou bezwen espesifik ou yo.
Nou ofri tretman lazè pou trete:
- Sikatris akne yo
- Mak nesans yo, tankou emanjyòm ak tach diven (port wine stains)
- Po ki chanje koulè, ki gen ladan melasma, rozase, ak vitiligo
- Vèn arenyen yo
- Domaj solèy ak tach laj yo
- Tatoo ki pa vle yo ak cheve ki pa vle yo
Dèmatològ nou yo konprann gason yo gen pwoblèm po ki espesyal e ki diferan. Nou ofri tretman ki san danje epi ki efikas pou:
- Sikatris akne yo ak lòt sikatris yo
- Grès nan vant (pòyèt ren)
- Manton doub
- Liy ak rid sou figi
- Teksti po ki graj yo
- Tatoo ki pa vle yo
Kondisyon Medikal ak Tretman nan dèmatoloji kosmetik
- Rosacea
- Birthmarks
- Hair Loss
- Acne Scars
- Age Spots
- Brown Spots
- Crow's Feet
- Double Chin
- Forehead Lines
- Frown Lines
- Hemangiomas
- Keloids
- Melasma
- Moles
- Port Wine Stains
- Scars
- Spider Veins
- Vitiligo
- Wrinkles
- Chemical Peel
- Sclerotherapy
- Body Contouring
- Dermal Facial Fillers
- Facial Contouring
- Facial Rejuvenation
- Fat Reduction
- Fractional Ablative Resurfacing
- Fractional Nonablative Resurfacing
- Fractional Radiofrequency
- Laser Hair Removal
- Laser Skin Treatments
- Microneedling
- Laser Tattoo Removal
Rechèch nan dèmatoloji kosmetik
Kontakte Lazè ak Kosmetik
Brigham and Women’s Hospital
617-732-9300
Massachusetts General Hospital
617-726-2914
Martha’s Vineyard Hospital
508-693-8183
Lopital Nantucket Cottage
508-825-1000