Klinik LEGENDS
Konsènan pwogram sa a
Pwochen chapit nan domèn sante ak pèfòmans wo nivo.
Klinik LEGENDS (Lifelong Enhanced Global Evaluation for Neuro-Integrated Durability and Support) la ofri atlèt swen pèsonalize ki baze sou prèv syantifik pou jere efè alontèm chòk repete nan tèt ak nan kò.
Nan Klinik LEGENDS la, nou konsantre sou sistèm lespri w ak kò w ki konekte youn ak lòt. Apwòch nou konsantre sou "HealthSpan" — sa vle di ane ou pase nan yon eta sante fizik, mantal ak emosyonèl ki pi bon nèt. Atravè evalyasyon avanse, deteksyon bonè ak tretman pèsonalize, ekip nou an travay avèk ou pou pwolonje ane ou pase an sante yo epi sipòte byennèt ou nan tout aspè.
Espesyalis ki konprann jwèt la
Ekip nou an, ki gen ladan l doktè, terapis, ak espesyalis ki renome, travay ansanm pou idantifye risk yo byen bonè, adrese defi aktyèl yo, epi bati yon plan alontèm pou pwolonje HealthSpan ou.
Ekip nou an gen anpil eksperyans nan pran swen atlèt pwofesyonèl. Antanke yon pati nan Mass General Brigham, ou gen aksè ak ekspè ki pi renome nan lemonn nan domèn:
- Kadyoloji
- Andokrin
- Neywoloji
- Neuwo-psikoloji
- Òtopedi
- Doulè
- Medsin fizik
- Sikyatri
- Medsin espòtif
Yo asosye chak atlèt ak yon espesyalis nan reyabilitasyon k ap kòdone swen yo epi k ap asire w jwenn sa w bezwen, lè w bezwen l lan.
Medsin presizyon pou rezilyans pandan tout lavi
Nan Klinik LEGENDS la, nou ofri sèvis dyagnostik ki konsantre sou atlèt pou nou pran an kont tout aspè sante w ak pèfòmans ou. Swen ou ka gen ladan l:
- Tès kognitif, emosyonèl ak newolojik
- Evalyasyon sistèm miskiloskelètik ak mouvman
- Depistaj maladi kadyovaskilè
- Analiz konpozisyon kò ak nitrisyon
- Evalyasyon sou dòmi, imè ak òmòn
- Travay imajri ak laboratwa
- Konsèy pou tranzisyon nan lavi a ak bezwen fanmi yo
Pou lejand ki pa janm sispann fè konpetisyon.
Apwòch HealthSpan
Pwogram nan mete aksan sou estrateji pou pwolonje peryòd ou viv an bon sante, olye pou l jis trete pwoblèm sante egi. Sa gen ladan l:
- Evalyasyon konplè sou sante kognitif, emosyonèl, fizik, kadyovaskilè ak nitrisyonèl.
- Entèvansyon vize sou fason moun viv pou diminye risk maladi alontèm
- Kowòdinasyon avèk espesyalis ki pi renome yo pou jere bezwen medikal konplèks
- Edikasyon ak sipò pou atlèt yo ak fanmi yo pou yo kenbe byennèt yo sou tan.
Sa pou atann
Ekip nou an ap gide ou nan pwosesis la epi ede ou pwograme premye randevou ou.
Nan evalyasyon inisyal ou a, yon pwofesyonèl sante pral egzamine istwa medikal ou ak istwa blesi ou, sentòm ou yo, ansanm ak objektif ou yo. Apati de la, w ap konekte ak yon ekip ekspè MGB nan klas mondyal nan tout espesyalite, pou asire yon swen konplè ak miltidisiplinè.
Apati moman sa a, y ap mete w an kontak ak yon ekip ekspè nan Mass General Brigham ki gen repitasyon mondyal nan divès domèn espesyalite, sa k ap garanti w resevwa swen konplè ki enplike plizyè kalite espesyalis.
Ansanm, ekip ou a pral kreye yon plan pèsonalize ki adapte ak bezwen ou yo. Kit objektif ou se soulaje doulè, amelyore pèfòmans atletik ou, oswa jere konsekans alontèm yon blesi, nou la pou ede w avanse avèk konfyans.
Maladi ak tretman ki gen rapò
- Chronic Pain
- Spinal Cord Injury
- Stroke (Completed)
- Traumatic Brain Injury
- Concussion
- Fibromyalgia
- Cubital Tunnel Syndrome
- Thoracic Outlet Syndrome
- Scoliosis
- Low Back Pain
- Musculoskeletal Pain
- Neurological Rehabilitation
- Musculoskeletal Rehabilitation
- Rehabilitation for Stroke
- Rehabilitation After Traumatic Brain Injury
- Rehabilitation After a Spinal Cord injury
- Speech Therapy for Older Adults
- Nerve Block for Pain
- TENS Therapy
- Cold Therapy
Kontakte Klinik LEGENDS
Sant Swen Anbilatwa Spaulding Boston
Sant Terapi: 617-952-6200
Klinik Medikal: 617-952-6220