Pwogram Newofibwomatozis
855-776-4224
Rele Mass General Brigham Cancer Institute nan 855-776-4224
Swen kowòdone pou tout lavi pou Newofibwomatozis
NF se yon maladi jenetik sistèm nève a ki lakòz timè fòme nan divès pati nan kò a. Nan Mass General Brigham Cancer Institute, nou ka mete pasyan yo an kontak ak divès espesyalis nan tout sistèm sante nou an epi kowòdone swen yo.
Nou se youn nan kèk sant nan peyi a tou k ap trete granmoun ak timoun ki gen NF. Kapasite nou genyen pou nou pran swen tout fanmi an fè nou diferan. Nou resevwa plis pase 700 pasyan pa ane, epi nou se yon sant referans entènasyonal pou NF1, NF2 ak schwannomatoz.
Apwòch nou anvè swen pou Newofibwomatozis
Anjeneral, nou dyagnostike NF lè nou fè yon egzamen fizik epi nou chèche siy klinik yo. Egzamen po ak je ka ede nou dyagnostike NF1. Doktè nan Massachusetts Eye & Ear fè yon egzamen oftalmik ki fèt avèk anpil atansyon.
Pafwa nou itilize imaj pou dyagnostike NF2. Anjeneral, tès jenetik pa nesesè. Sepandan, li ka ede idantifye timoun ki gen NF, men ki poko montre siy.
Pifò pasyan ki gen NF gen sentòm ki lejè oswa modere, epi yo pa bezwen tretman aktif. Sepandan, nou byen kontwole pwoblèm ki ka parèt avèk NF, tankou:
- Twoub defisi atansyon/ipèraktivite (ADHD)
- Timè benen, tankou newofibwòm ak schwannòm
- Maltèt
- Pwoblèm aprantisaj
- Osteyopowoz
Si nouvo pwoblèm sante parèt, n ap travay ansanm ak espesyalis ki apwopriye yo pou asire swen w yo adrese tout bezwen w yo.
Atravè Mass General Brigham, ou gen aksè ak divès espesyalis, tankou:
- Konseye jenetik
- Andokrinològ
- Espesyalis nan aprantisaj
- Neyològ
- Neyo-onkològ
- Oftalmològ
- Chirijyen òtopedik
Piske NF se yon maladi jenetik, moun ki gen NF e ki anvizaje fè pitit souvan enkyete pou konnen si pitit yo ka eritye l.
Nou ofri konsèy ak tès jenetik pou moun ki gen NF epi ki anvizaje fè pitit. Sèvis sa yo ka ede moun k ap prepare pou yo vin paran pi byen konprann opsyon yo genyen ak fason yo ka diminye risk pou pitit yo genyen NF.
Pou kèk moun ki gen NF, operasyon ka ede soulaje doulè, adrese enkyetid sou aparans yo, oswa amelyore fonksyònman kò a. Si pasyan yo gen pwoblèm tande, nou ka ede retabli tande ak yon pwotèz enplantab.
Nou ofri tou operasyon pou schwannomatoz vestibilè (acoustic neuromas) ki asosye ak NF2. Nou fè plis pwosedi sa yo pase nenpòt lòt sant nan rejyon an.
Doktè nou yo se te premye moun ki te idantifye jèn ki lakòz NF2 la, epi y ap patisipe aktivman nan rechèch pou amelyore tès ak tretman pou NF.
Rechèch nou an konsantre sou:
- Rechèch jenetik pou aprann plis sou sentòm NF yo
- Idantifye nouvo terapi vize pou NF
- Amelyore kalite lavi pou moun ki gen NF
- Fè tès pou NF vin pi efikas
Kondisyon Neurofibromatoz nou trete
Espesyalis kansè nou yo
855-776-4224
Rele Mass General Brigham Cancer Institute
Esè klinik kansè ak rechèch
Eksplore rechèch sou kansè nou yo
Aprann kijan rechèch sou kansè ede doktè bay pasyan yo pi bon swen
Chèche esè klinik yo
Resous ak sipò pou pasyan
Gade tout resous pou pasyan
Kontakte Enstiti Kansè
855-776-4224
Rele Mass General Brigham Cancer Institute nan 855-776-4224
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo
Kontakte Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo